Lang manman nou, se idantite nou ! Selebrasyon 24èm Jounen Entènasyonal Lang Manman, Fevriye 2023

0
955

Jounen jodi a, gen anpil moun k ap pale de : mache global, ekonomi global, panse ak kilti global epi ki kwè latè vin tounen yon ti vilaj, paske itilizasyon nouvo zouti teknolji ak enfòmasyon yo pèmèt anpil moun konekte youn ak lòt kèlkilanswa distans lan. Anpil nan moun sa yo menm imajine: tout moun dwe pale yon sèl lang oubyen tout moun pral pale yon sèl lang (angle) e mete sou sa, tout moun ta dwe pataje menm vizyon ak menm kilti.

Dènye rechèch yo fè konnen gen 330 peyi (teritwa ki gen tout sa yon peyi dwe genyen), Òganizasyon Nasyonzini rekonèt 200 ladan yo epi gen 193 nan yo ki manm òganizasyon mondyal la. Nan moman an, yo kotwole plis pase 7000 lang ki egziste. E ou ka konte sou dwèt nan yon sèl men, kantite peyi kote yo pale yon sèl lang. Sa vle di : pi fò peyi sou latè se kote moun k ap viv la yo pale de (2) lang pou piti. Se reyalite sa a menm ki pouse Òganizasyon Nasyonzini pou Ledikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) chwazi kòm tèm selebrasyon 24èm Jounen entènasyonal lang matènèl la: Edikasyon Miltileng, yon nesesite pou transfòme sosyete a.

Daprè konsta nou sot fè la a, nou ka tou konprann pi fò kretyen vivan ap viv ak evolye nan yon espas jewografik, yon espas sosyal ak yon espas fonksyonèl kote gen plizyè lang k ap kwaze e kote gen plizyè kilti k ap kwaze e k ap brase yon ak lòt.

Pou UNESCO, pou anpil entèlektyèl ak savan, chak lang ak chak kilti diferan reprezante yon richès san parèy pou limanite ; chak lang ak chak kilti sa yo reprezante yon fason anplis lòm wè lavi a, konprann lavi a, evolye ak lavi a epi yo tout ka fè lavi a vin pi enteresan tou. Se sa ki fè youn nan pi gwo batay UNESCO ap mennen depi plizyè lane se :fè tout sa ki posib pou pwoteje ak konsève sa limanite genyen kòm patrimwàn/richès lengwistik oswa kòm patrimwàn/richès kiltirèl.

Akademi Kreyòl Ayisyen apiye tèm selebrasyon UNESCO chwazi ane sa a, menm jan an tou, li apiye tout pèp ak tout kominote k ap batay pou yo respekte lang manman yo ak dwa lengwistik yo, yon mannyè pou yo jwenn edikasyon, jistis ak tout kalite enfòmasyon ak sèvis nan lang yo pale ak lang yo pi konprann nan : lang manman yo.

Nan lane 2022 a, nan okazyon selebrasyon 23èm Jounen entènasyonal lang matènèl la, Akademisyen Ayisyen yo te chwazi tèm sa a: « Lang kreyòl, lang matènèl nou, se chimen kilti ak idantite nou ». E pou nou kontinye ak menm lide sa a epi kore tèm ane pase a, Akademisyen yo chwazi kòm tèm pou Jounen 21 fevriye 2023 a: « Lang manman nou, se idantite nou ! ». Tèm sa a charye tout respè ak apresiyasyon nou genyen pou lang kreyòl ayisyen an, lang manman nou, pou fanm ayisyen pi espesyalman ak pou sa nou genyen kòm idantite. Mete sou tout bon rezon santimantal sa yo, nou kapab jwenn yon pil ak yon pakèt rezon, lide ak teyori syantifik ki kore tèm sa a. Nou chwazi pran twa (3) sèlman :

  1. Daprè konsta sosyolengwisitk ayisyen an, peyi Ayiti gen de (2) lang ofisyèl (kreyòl ak franse ; yon premye lang, (kreyòl, lang matènèl 100% ayisyen, lang nasyonal) ; yon dezyèm lang (franse, lang ant 5 ak 10% Ayisyen pou pi plis) ;
  2.  Daprè syans biyoloji moun, lè anbriyon moun nan prèske gen yon milimèt gwosè, premye sans yo konstate li devlope se sans tande a (zòrèy la) ; depi nan etap anbriyon an jouk rive nan nivo kote fetis la pare pou li kite vant manman l, se vwa manman an l ap plis tande e se apati sa manman an  ap viv kòm emosyon, santiman ak eta lespri ki pral kòmanse bay sichik ak pèsonalite tibebe a fòm, sa vle di se pwosesis sa a ki premye etap nan konstriksyon sa moun nan genyen kòm idantite ;
  3. Daprè syans antwopoloji : moun ap viv nan de (2) monn, yon monn fizik ak yon monn senbolik. Se nan monn fizik la kò a jwenn tou sa l bezwen pou l viv, grandi ak devlope, tankou : lè, manje, dlo, somèy, aktivite fizik. Epi nan monn senbolik la, li jwenn tou sa l bezwen pou pèsonalite li, karaktè li ak idanite li devlope ak epanwi. E se lang nan ki prensipal fondayon pou pèmèt monn senbolik sa a egziste ak kontinye evolye , monn senbolik sa a ki genyen : siy, senbòl, langaj , kòd, fòm panse (mantalite) , tradisyon, mès, koutim, nòm, tabou, eksetera.

Chwa tèm Jounen entènayonal lang matènèl ane sa a : « Lang manman nou, se idantite nou ! », se yon pretèks Akademi Kreyòl Ayisyen pran pou li kontinye ankouraje otorite politik, entèlektyèl, chèchè, pwofesè lekòl ak tout moun sa konsène oubyen sa enterese pou yo reflechi sou kesyon lang oubyen lang yo nan peyi Ayiti epi sou kouman kesyon lang nan gen bon jan koneksyon ak anpil  pwoblèm k ap brase bil sosyete nou an depi digdantan, tankou edikasyon ki gen plizyè vitès la, kesyon mete moun sou kote nan sosyete a, kesyon kriz politik manchlong nan, kesyon goumen san rete pou plis jistis, pou plis libète, pou plis respè dwa moun ak pou plis patisipasyon nan lavi sosyal, lavi ekonomik ak lavi kiltirèl peyi a.

Nan moman an, se tout moun ki konstate kouman peyi Ayiti sou lagraba, kote pa gen okenn enstitisyon ki sou de (2) pye yo, kote kapasite pwodiksyon byen ak richès menm pou pitit peyi a viv la prèske tonbe atè plat epi kote menm posiblite pou diferan sektè yo chita pale ansanm pou yo jwenn solisyon pou kriz peyi a ap travèse la a prèske pa egzste ankò. E nan sans sa a, se sèl lang kreyòl la, lang manman nou an, ki rete kòm fòs ak dènye sipò pou kore sa Ayisyen genyen kòm idantite, ki ranmase e ki chita sou tout sa pèp ayisyen genyen kòm makfabrik e ki fè yo rekonèt li kòm yon pèp apa oubyen kòm yon pèp espesyal.

Nou menm Akademisyen ayisyen, nou rete kwè : lè moman yo pi difisil la, se lè sa a nou dwe chèche idantifye tou sa ki fè valè nou, inite nou, prestij nou, respè nou, diyite nou ak fòs nou kòm ayisyen; epi pou nou abandone tout ti detay ki divize nou e ki fè nou parèt fèb ak piti devan lòt pèp yo. Se nan moman boulvès sa a menm pou nou chita sou lang nou, sou istwa nou, sou mòd viv ansanm nou, sou kilti ak idantite nou pou nou kase tout sa ki tounen chenn ki anpeche nou kòmanse mete men pou nou pèmèt peyi nou an pran chemen devlopman dirab la san gade dèyè.

Granmoun lontan gen yon pawòl sajès yo toujou ap repete :« Ti bwa w pa wè a, se li ki ka pete je w ». Kesyon lang moun pa twò wè ak konprann nan rete yon pikan kwenna ki anpeche soyete a fè tout kalte bon pwogrè. Se pou sa, gen moun ki konprann, lè Akademi kreyòl ap poze pwoblèm lang nan se yon demach k ap fèt anfavè yon lang (kreyòl) kont yon lòt lang (franse). Se pa sa ditou. Akademi Kreyòl Ayisyen ap lonje dwèt sou yon sitiyasyon sosyolengwistik ki egziste e ki reprezante yon sous divizyon ak chirepit ant tout sektè ki reprezante fòs reyèl nasyon ayisyen an.

Se poutèt sa, ane sa a ak ane ki pral vini la yo, Akademi Kreyòl Ayisyen pral louvri divès gran espas refleksyon nan nivo nasyonal ak nan nivo entènasyonal la, tankou : fowòm, tabwonn, tab konsètasyon woumble, atelye refleksyon ak travay, konferans, kòlòk syantifik…pou pèmèt tout moun ak tout sektè ki enterese brase lide epi jwenn solisyon pou pwoblèm lang ki egziste nan peyi Ayiti a. Mete sou sa, Akademi Kreyòl Ayisyen pral travay ak enstitisyon Leta, òganizasyon sosyete sivil, asosiyasyon tout kalte nan lide pou nou prepare yon pwojè lwa sou Politik amenajman lengwistik pou peyi Ayiti e nou swete dokiman sa a ap gen tan pare menm anvan nou gen yon nouvo Palman k ap gen pou vote pwojè lwa sila a. Sa dwe fèt kon sa, pou nou genyen yon baz legal ki ban nou posiblite travay yon fason pou nou pèmèt de (2) lang ofisyèl Repiblik Ayiti yo jwe wòl yo kòmsadwa pou pèp ayisyen rive viv nan yon sosyete ki plis chita sou dyalòg, jistis sosyal, enkilzyon ak ekite ; yon sosyete kote tout moun gen menm opòtinite, fanm kou gason, tifi kou tigason, jenn kou vye.

Pou n fini, Akademi Kreyòy Ayisyen ap fè tout popilasyon an konnen : nan semèn k ap vini la yo, li pral pibliye Dezyèm rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an e ki pral pèmèt li kontinye ranfòse travay estandadizasyon òtograf lang kreyòl ayisyen an. Konsa, Akademi an ap bezwen konkou tout sektè pou nou garanti vilgarizasyon ak itilizasyon dokiman dezyèm rezolisyon an nan tout rakwen nan peyi a.

Kòm enstitisyon Leta Konsitisyon an tabli nan peyi a, Akademi Kreyòl Ayisyen ap travay pou li leve nivo ak prestij lang kreyòl ayisyen an nan fè pwomosyon ak pledwaye pou defans dwa lengwistik pèp ayisyen, nan ankouraje otorite ayisyen sèvi ak lang kreyòl la nan tout sa yo ap fè ki konsène lavi pèp ayisyen an. An menm tan tou, AKA ap travay nan ankouraje pwodiksyon tout kalte zèv literè ak zèv syantifik sou papye ak sou fòm nimerik nan lang kreyòl la pou popilasyon an ka ranmase konesans ak devlope tout kalite konpetans nan lang li pale epi li pi konprann nan.

Se pa travay Akademi Kreyòl Ayisyen ka fè pou kont li, se pou sa Akademi an pa sispann chèche patnè tout kalite ki pou mete men ansanm avèk li nan kad jefò pou nou ranfòse itilizasyon lang kreyòl ayisyen an kòm kondisyon endispansab pou nou kore ak valorize sa ki fè nou Ayisyen an (ayisyanite nou), tankou : mizik nou, rit ak dans tradisyonèl nou, kapasite pwodiksyon atisitik nou, kuizin ak manje tradisyonèl nou yo, jan nou wè ak konprann tèt pa nou ak lavi nou, an gwo tou sa ki reprezante fondasyon idantite ayisyen nou an,

An nou pwoteje ak valorize lang kreyòl ayisyen an, lang manman nou, paske lang sa a se idantite nou.

Lang nou se nou ! Kilti nou se nou ! Lang manman nou se idantite nou !

 

Konsèy Administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen

21 fevriye 2023

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES