Vòlè !

Depi w met kò w deyò nan lari Pòtoprens, l ap difisil anpil, pandan jounen an, pou w pa tande yon moun, yon chofè machin prive, taksi oubyen moto, si se pa yon pasan ou byen yon pasaje, ki vle dechaje tout fristrasyon li sou yon moun, oubyen libere konsyans li sou yon lòt.

 

Eske sa pa janm rive an prezans ou ? Si se pa ou men ki resevwa kèk nan konpliman sa yo ? Padon, move pawòl sa yo mwen t ap di pito. N ap konprann pita !

 

Dèyè volan machin nan, w ap eseye evite yon twou nan lari a, ou byen yon bèl pi fatra ki gen bwat konsèv manje ki tou fèmen. Ou byen w ap evite yon lòt obstak, ou byen w ap travèse yon wout kote w gen priyorite, yon chofè taksi moto ap vini ak tout boulin,  malgre li an tò,  paske w pa ba li pase, li pouse w yon kout vòlè....! San w pa konnen kisa w te pran pou li deja !  Ala de ka papa, tankou Zafèm ta di nou....

 

Difisil, pou w ta di ki mele w ?   Tèlman pawòl la pike. Depi lontan, Vòlè pat janm yon mo ki bèl, ki sonnen byen nan zòrèy yon moun ki fè vi li ap mache sou trèz poul pa pile katòz.

 

Depi kout pawòl sa fini tonbe nan zòrèy ou, ou riske anpil fwa  kontrarye.  Lespri w kapab byen boulvèse. Ou santi w endiye....Tout jounen w kapab riske tou gate si w pa sou men w Pou w ka rive konprann vòlè vin tounen yon mo tankou bonjou. 

 

 

Definitivman, ou jis ap mande w pouki ?  Pouki nou rive la ? Pouki peyi a tonbe nan eta sa, kote nenpòt moun, san li pa konnen w kapab tréte w jan li vle ? Akize w san rezon, san respè?

 

Devan pòt, vrèman vin tounen dèyè kay si se konsa.

 

Demokrasi a twò devye. Taksi moto tounen sèl wa. Yo kanpe tout kote, bare wout jan yo vle. Fè tout kote, chak kwen nan lari a tounen yon stasyon moto. Si w frape yo ou nan cho. Si w pale yo ka leve mayo yo, pou montre w granmoun nan....

 

Depi toujou, pòt an bwa pa janm goumen ak pòt an fè, se sa granmoun lontan yo te toujou di. Kidonk, jwenn sou wout ou de tanzantan yon ti kout vòlè pou raple w ou pa anyen, sa paka deranje. Se yon chans. Ranmase l epi kontinye wout ou an silans. Pasyans ! An atandan  pwochen moto k ap vini fwote avè w la, san l pa kanpe, ni eskizel.

 

 

Dèyè mòd aksidan ou byen aksyon sa yo ki se yon fòm agresyon, si se pa pawòl piman bouk k ap vini jwenn ou an.... pa janm bliye, li konn trennen kèk lòt mo ki souvan konn vini ak kras. Pa mande m si yo ap pase pran manman w. Si w te nan plas mwen, ou byen zòt, sa w ta fè ? Ou t ap ri ? Ou t ap kriye ? Ou byen ou t ap reponn ? Bon, e si moto a gen tan ale, kite w byen lwen dèyè ?

 

 

Sosyete a malad nan tout kò l. Doktè a pou kò l pa ka gen tout solisyon. Enplike w tou!

 

 

Dominique Domerçant

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES