Yon sèl men pwav

Ki lang n ap pale ? Poukisa n ap pale ? Nan tout sosyete demokratik, menm sa k ap fè tankou yo, li nòmal, kòrèk pou gen konfli ant aktè politik yo, ant sa ki sou pouvwa yo ak sa yo ki bay manda pou dirije yo. Fè lapati mache, kouve ak alimante afwontman, toutan, nan medya ak nan espas deba yo, rantre nan jwèt la. Kareman. Men, tout jwèt se jwèt, kwochèt, kwòchpat pa ladan l. Li pa posib pou tout moun aliyen yo sou menm lide epi defann menm ideyoloji. Men, menm demokrasi sa a fikse limit yo ak yon pakèt pratik ak lwa pou konviksyon yon moun pa pi enpòtan pase pa yon lòt. Sa vle di fòk gen deba nèt alkole ki chita sou bon agiman ak respè lalwa. Sa vle di, depi gen respekte lalwa pa fouti pa gen respekte dwa moun. Kidonk, tout moun mache sou men yo. Tout moun gade anwo ak anba anvan yo travèse lari.

Ki lang n ap pale ? Poukisa n ap pale ?

Nan tout sosyete demokratik, menm sa k ap fè tankou yo, li nòmal, kòrèk pou gen konfli ant aktè politik yo, ant sa ki sou pouvwa yo ak sa yo ki bay manda pou dirije yo. Fè lapati mache, kouve ak alimante afwontman, toutan, nan medya ak nan espas deba yo, rantre nan jwèt la. Kareman. Men, tout jwèt se jwèt, kwochèt, kwòchpat pa ladan l.

Li pa posib pou tout moun aliyen yo sou menm lide epi defann menm ideyoloji. Men, menm demokrasi sa a fikse limit yo ak yon pakèt pratik ak lwa pou konviksyon yon moun pa pi enpòtan pase pa yon lòt. Sa vle di fòk gen deba nèt alkole ki chita sou bon agiman ak respè lalwa. Sa vle di, depi gen respekte lalwa pa fouti pa gen respekte dwa moun. Kidonk, tout moun mache sou men yo. Tout moun gade anwo ak anba anvan yo travèse lari.

Si n konsidere pawòl sa yo, se lè chak gwoup kache dèyè pòz pozisyon yo, se lè youn pa dakò tande lòt kriz tanmen kouve. Se konsa nou ranje kò nou pou n plonje peyi a nan yon kriz byen fon epi peze l pou l pa leve. Lontan, nou te renmen di « nou pa ka fè omlèt si pa gen ze ki kase ». Men sanble nou kase tout ze yo. Nou bliye chèche engredyan. Nou pa lave kaswòl. Nou pa limen dife.

Se konsa, chak jou ki pase, peyi a ap plonje pandan tout moun ap pale byen fò ak pwòp tèt yo epi imajine se yo sèl ki gen rezon. Bandi a pete bal sou yon timoun nan bra manman l, lè l fini, li fè videyo pou eksplike se revolisyon l ap fè. Lòt la brase tout Larepiblik nan fè zak awousa, li fyè pou l ap eksplike se li ki pi entelijan. Premye nan klas la. Aktè politik la ap mache plen kòf moun ak manti, boule biznis zanmi l, anpeche moun soti anndan lakay yo epi li fè konprann se politik l ap fè. Pou byen pèp la.

Nan mal konprann, nan frape lestomak, nan detwi sa ki kanpe anfas nou an, nou kraze menm lespwa pou demen ta miyò. Nan dènye jou sa yo, koze a melanje nan men nou. Pyès moun pa konn kilès ki kamarad lòt. Kilès ki lènmi lòt. Lendi se fòs, madi se feblès.

Kontradiksyon pa ta dwe vle di kriz ki mare disèt ne tankou jan n wè l la. Opozisyon ki kale lidè ki koupe fache youn ak lòt. Wout dyalòg ki koupe pakanpak. Ensekirite. Gang. Grèv. Zak piyajè. Kout ba. Represyon.

Se nan tan sa yo pou konsyans nou ta tizonnen nou dekwa pou rasanble enèji nou ak fòs nou. Kriz la ta sanble pi fò pase tout ti enterè degrenngoch. Se vre fòk gen eleksyon, lòt Konstitisyon, tranzisyon… sa nou vle. Men, nou pa ta dwe bliye fòk nou chita, kanpe ansanm pou n pale sou sa k ta dwe fèt. Se nou ki chwazi vin chèf oubyen lidè. Debouye nou !

Nou gen devan nou egzanp tout goumen ki fèt pou valorize lang kreyòl la nan peyi Dayiti. Jis koulye a gen deba k ap fèt ak tout sa ki posib kòm prejije, kontradiksyon epi repwòch. Men, pyès moun pa ka di pa gen evolisyon nan rapò ant kreyòl ak franse nan peyi a. N ap goumen. N ap vanse. Jodi se Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Nan Le National, nou ka chwazi ekri nan lang nasyonal nou san nou pa ensilte ni deranje pyès moun. Se pa konsa sa te ye nan tan ki te pase yo.

Sa vle di gen lespwa. Gen yon lang ki rasanble nou. Ann chèche lòt eleman yo. Pou nou kontrarye men pwav la ki simen nan mitan nou.

Jean-Euphèle Milcé

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES