An n vanse !

Pa gen dout sou sa. Kriz la ap vin pi agasan chak jou.

 

Kontrèman ak sa yon pakèt moun chwazi  kwè, se pa nan yon kafou istorik nou rive. Sa ta vle di se yon evolisyon istorik ki vin ban nou yon aleya natirèl. Epi, si nou gen pasyans ak bon konprann, sik sa ap fini pou yon lòt kòmanse. Natirèlman.

 

 Tout sa nou gen pou fè se sere dan nou, fè atansyon, mache sou kote epi tann planèt yo aliyen nan avantaj nou. Oubyen tann lè blan an leve dèyè biwo l pou l òdone : « pwen. Ale alaliy »

 

Antouka, nou gen lafwa.

 

Sa k pi gran yo, ki grandi nan lote malè (yon pil pou tipiti, yon lòt pil pou gwo) sezi pou wè jiskibò yo ak nou ka rive. Blan an menm, ki te met nan tèt li nan ki pwen Ayisyen an nil, san lanvi, san metòd, san mwayen pou l dirije yon peyi, pi sezi pase nou. Yo vin rann yo kont kijan Ayisyen an ka fè tout bagay, menm sa yo pa t ka imajine.

 

Semèn sa a, peyi a fèmen pou kò l, klete san jefò. Kèk responsab kache, lòt ap fè kanpay elektoral, anpil ap flannen aletranje (prèske mande TPS, si l posib). Gen sa ki kenbe zam nan men yo, lòt ap mande jistis. Wi, mande jistis. Se tankou nou pa konnen kriz sa a se yon djondjon ki donnen sou kadav lajistis. Kòmsi nou te kwè apre tout tan sa yo nou pase ap fè bras, ap fè gwo ponyèt, ap fè bèl benefis, refize devwa nou epi toupizi lòt san nou pa pè ni sanksyon ni kondanasyon, nich gèp nou t ap kouve a pa t ap tounen kont nou ?

 

Antouka, menmsi rekòt la pa bèl, li abondan. Tout moun jwenn. Se pètèt moman pou nou panse kòman pou òganize sosyete a nan mete kanpe epi pwoteje enstitisyon yo. Nan etabli règ jwèt epi ba yo yon karaktè sakre pou pyès moun pa pèmèt yo fè tèt yo ak enterè yo pase anvan.

 

Men, gen bon ezanp. Jounen entènasyonal lang kreyòl, jodi a, raple nou youn. Pandan lontan, twò lontan, epi san rezon, te gen yon gwo mepri sosyal ak akademik pou lang kreyòl. Si yon pati nan elit politik la, anpil inivèsitè, jounalis, kominikatè ak ekriven pa te fè sa pou yo te fè a, jis jounen jodi a se nan kanari lakay nou, nou t ap oze lage kèk pawòl nan lang matènèl nou an. An pasan, yon gwo kout chapo pou militan-pwodiktè (tankou manm Sosyete Koukouy, òganizatè Festival literati kreyòl, responsab edisyon, elatriye) ki toujou gen yon manje k ap bouyi nan chodyè a. Se desann youn, separe l epi monte yon lòt.

 

Nou bezwen plis kouray pou n chwazi sa ki garanti jistis pou tout moun, sitou sa ki pi fèb yo. Nou gen yon lang ki pèmèt nou antre nan deba a, pou nou fè pwopozisyon epi pou n raple tout wòklò yo nan ki sans li posib pou nou respekte règ jwèt la epi avanse ansanm.

 

Nou gen yon lang pou n renmen vwazen an ak tout fòs. Ak tout feblès nou. Ak tout konviksyon nou.

 

Si nou rive antann nou sou lang kreyòl la, nou ka fè l pou sove peyi a. An n eseye !

 

Jean-Euphèle Milcé

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES