Diskou rekte UEH la nan okazyon lansman 3 pwogram metriz nan domen dwa

N ap salye

Batonye Suzie Legros ak tout manm Konsey Bawo Potoprens yo

Manmb CSPJ

Pwotektè Sitwayen an

Reprezantan Direktè Jeneral EMA

Prezidan Konsèy Administrasyon FJKL,

Sekrete Jeneral UEH la,

Dwayen Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik

Manm Komite Pilotaj Pwogram Metriz n ap lanse yo

Manm Komisyon pour Refom Anseyman Dwa a

Kad ak Kolaboratè nou nan Rektora a ak FDSE,

Tout envite, tout pèsonalite

Se te yon mèkredi, 26 out 2022. Mwen sonje sa tankou jounen jodia. Yon bèl rankont ak Mèt Dorval. Li ki te prèske fenk monte kòm Batonye. Li te mete tout foug li, tout pasyon li, tout antousias li pou l te pwopoze nou yon patenarya Bawo Potoprens – UEH pou nou mete sou pye 2 pwogram Metriz : yonn sou dwa prive, lòt la sou dwa piblik. Se pa agiman l te manke. Li te pale ak nou san filtè. Li te montre anpil preokipasyon sou jan nivo etid jiridik ap bese nan peyi a, sou jan anpil Lekòl ap fonksyone san kontwol ; sou jan konesans ak pratik jiridik ap degringole. Epi ki jan lajistis ap pèdi eskanp figi l, ki jan prèske pa gen bèl pwosè ankò, kote avoka toulede pati yo, ansanm ak komisè gouvenman, ap twoke kòn, mete dwa atè, voye bèl atik lalwa monte, nan yon toubiyon bèl pawòl, bèl repons, pandan piblik la ap bat bravo san rete.

 

Mèt Dorval te menm panse si enstitisyon peyi a rive sou lagraba nan eta sa a, si Leta a limenm ap vin pi fèb chak jou pi plis, se paske anpil moun ki gen tit jiris, anpil moun ki di yo fè dwa, anpil nan moun sa yo ki la pou raple règ yo, pou fè respekte lalwa, sispann sou men yo. Swa paske yo menm yo manke konnen lalwa. Swa paske yo pametrize syans Dwa ak lojik li.

 

Pou Batonye a, premye kote pou nou aji se sou fomasyon, fomasyon pwofesyonèl yo k ap feraye nan domèn Dwa. Anpil nan yo ta dwe vin pi maton, pi konpetan, pi alèz nan travay yo, kit se avoka, kit se jij, komisè ak sibtiti, notè, grefye, pwofesè dwa, elatriye.

M sonje rankont sa a byen, paske 2 jou apre, nan dat 28 out, Mèt Dorval ta pral kite nou nan sikontans nou konnen yo. An nou pa di plis.

Se pou sa depi nan orezon finèb nou te pwononse nan lantèman l, nou te pran angajman fèm, nan non Inivèsite a, pou n te rapouswiv lide patenarya sa a. De (2) lane déjà pase. Nou pran tan nou, nou pran san nou, pou nou prepare pwogram yo, pou nou soti ak yon bon pwodwi, nou konnen ki t ap fe ke Batonye a kontan. Paske Pwofesè Dorval, se yon moun ki te gen anpil rigè, yon moun ki te renmen kalite, yon moun ki te egzijan anpil, yon inivesitè ki te privilejye ekselans akademik nan nivo k pi wo nou ka imajine. Nou pran tan men nou rive. E se ak anpil fyète n ap lanse pwogram Metriz sa yo jounen jodia nan okazyon komemorasyon lanmò potorik gason sa a, nou te gen chans konnen, pratike, apresye, renmen, kòm pwofese, kòm entelektyèl, kòm konseye jiridik Rektora a, kòm konstitisyonalis, kòm pwofesyonèl, Batonye Monferrier Dorval.

N ap pwofite voye yon gwo kout chapo pou Batonye Suzie Legros, ki toujou kanpe ak nou pou pwojè a pa ret nan wout, jis nou te rive reyalize seremoni jounen jodia. Yon chay konpliman pou pasyans li, pou konstans li, pou deteminasyon l, pou konpreyansyon l chak fwa nou te blije ranvwaye lansman an, chak fwa nou te vin wè fòk nou travay pwojè a pi plis. Finalman, nou reponn prezan jodi a. Tankou pawòl la di, nou mize nan wout men nou pote bon nouvèl.

 

E m sèten, kote Mèt Dorval ye la a, li kontan. Li kontan pou jan Komite Pilotaj Pwogram nan mete konpetans li, dinamis li ak devouman li pou travay la byen fèt. Li kontan pou jefò n ap fè, nan moman difisil sa a, nan peyi difisil sa a, pou n chache kenbe yon eskanp, pou n chache kenbe liy li te trase, pou n chache vanse ak kèk dosye,

 

Met Dorval gen yon lòt rezon pou l kontan jounen jodia : lansman sa a fèt mwens pase yon semèn apre ULCC pibliye yon rapò sou fonksyonman Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv (EDSEG). Mèt Dorval t ap kontan paske se menm batay la. Batay pou nou leve tèt anseyman dwa nan peyi d Ayiti, batay pou ekselans akademik nan aprantisaj ak konesans jiridik, batay pou nou sispann pwodwi avoka, jij, komisè, sibtiti, notè, grefye, ki pa gen bon baz nan zafè dwa, kidonk ki riske destriktire sistem jistis peyi a ; batay pou lajistis jwe wòl li kòmsadwa, batay pou sitwayen yo reprann konfyans nan jistis peyi yo.

                             

Ankèt ULCC a konfime tout deriv, tout iregilarite, tout gabji Rektora a t ap denonse depi plis pase 2 lane, apre gwo woumble Etajenewo UEH la òganize nan mwa me 2019, apre rapò Federasyon Bawo peyi d Ayiti te pibliye nan mwa janvye 2020 sou jan y ap anseye Dwa nan peyi a, te mande prese prese pou gwo pase men fèt nan EDSEG ak kèk lòt Lekòl, pou yo retounen sanble ak sa yo dwe ye a, pou yo reprann vre vokasyon yo.

 

Nou vle salye kouraj, pwofesyonalism ak objektivite ULCC montre nan dosye sa a, sitou nan moman n ap viv la, kote anpil enstitisyon, anpil otorite prefere neglije pran responsablite yo alòske peyi nou an ap depafini. Ankèt sa a ba nou anpil espwa. Li pèmèt nou kontinye kwè batay pou chanjman, batay pou refòm, batay pou moralite, batay pou jenès la jwenn bon jan edikasyon ak enstriksyon, toujou gen plas li nan peyi d Ayiti. Nan menm sans sa a, n ap pwofite voye yon kout chapo pou CSPJ ki te fè menm konsta yo sou menm dosye a nan mwa fevriye 2022.

 

Nan okazyon sa a, UEH la vle lanse yon gwo kout lanbi, yon kout rèl ki sot nan zantray, bay pwofesè serye ki toujou nan EDSEG, bay notab ak sosyete sivil nan Gonayiv ak Depatman Latibonit, bay ansyen etidyan ki te konn Lekòl sa a nan bon tan l , nan moman se te yonn nan pi bon Lekòl Dwa peyi a te genyen, Lekòl sa a ki fòme plizye jenerasyon avoka, majistra, jiris, ki te fè lonè tout Site Lendepandans lan, tout Depatman Latibonit la ak tout peyi a, UEH la vle lanse yon kout lanbi bay tout pèsonalite sa yo, pou yo pa kite lekòl la kontinye degringole sou pant li ye jounen jodia.

 

Rektora a pare pou l chita ak tout enstitisyon, ak tout pèsonalite ki gen bòn volonte epi ki vle sove lekòl la, pou nou jwenn bon jan solisyon k ap pèmèt EDSEG reviv, k ap pèmèt EDSEG tounen sa l te ye lontan an : yon modèl, yon referans, yon fyète.

 

Pou n tounen sou 2 pwogram Metriz yo, ki reyini nou jounen jodia, nou gen anpil mèsi pou nou di, anpil konpliman pou nou voye.

Mèsi ak konpliman pou komite Pilotaj Pwogram lan. Me Blair Chery, Me Eugene Pierre Louis, Me Patrick Pierre Louis, Me Leon St Louis, Me Eland Guerrier, mèsi anpil. Mèsi ak konpliman pou Dekana Fakilte Dwa a, prensipalman Dwayen Meus. Mèsi ak konpliman pou Konsey Egzekitif Inivèsite a, prensipalman Vis Rektè Akademik lan, pwofesè Jean Poincy, Vis Rektè Rechèch la, Pwofesè Jacques Blaise.

 

Mèsi ak konpliman pou tout moun ki pèmèt nou rive reyalize lansman sa a.

 

Mèsi ak konpliman pou nou tout ki fè UEH la ak Bawo a lonè prezans nou ak patisipasyon nou nan seremoni sa a.

 

Mèsi tou ak konpliman pou tout kolèg ki pèmèt nou respekte angajman UEH la te pran pou Mèt Dorval. An nou raple Konsèy Egzekitif la, sou inisyativ VisRektè Rechèch la, déjà mete sou pye Pri Ekselans Monferrier Dorval pou rekonpanse pi bon memwa lisans ak metriz, pi bon tèz doktora k ap fèt nan domèn Dwa ak Travay Sosyal.

 

Men nou konnen pi gwo angajman pou n pran pou Mèt Dorval, se pou n chache pwolonje lavi l, pwolonje prezans li nan mitan nou, pran egzanp sou li, fè lide l yo mache, rann yo toujou vivan. Se sa nou te pwomèt nan moman lantèman Batonye nou an. Nan okazyon dezyèm anivèsè sa a, se sa nou vin renouvle, nan non UEH la, nan non Konsèy Egzekitif la, nan non tout enstans Inivèsite nou an ki se te baz li.

Mèsi anpil.

Fritz Deshommes

Rektè

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES