An Ayiti, ki laswenyay e pou ki malad mantal ?

Atik sa a ekri nan lide pou sansiblize epi atire atansyon popilasyon ayisyen an an patikilye, ak popilasyon mondyal la an jeneral, sou kèk pwen nou jije ki vrèman enpòtan nan zafè sante mantal. Enspirasyon pou n ekri atik sa a soti nan yon estaj obsèvasyon nou te fè, soti mwa me pou rive mwa jiyè 2022, nan Sant Ospitalye Inivèsitè Newosikyatrik Mars & Kline, ki chita kò l nan ri Oswald Durand, tou pre lopital jeneral nan Pòtoprens.

An Ayiti, pou anpil moun, maladi mantal pa natirèl ditou. Pou kèk lòt, menmsi maladi mantal yo ta natirèl, lasyans pa sifi pou esplike ni trete yo, paske yo panse maladi sa yo gen yon rapò sere sere ak monn mistik la. Sa fè, malad mantal yo souvan sibi anpil enkonpreyansyon. Malgre anpil jefò ki fèt sou plan entènasyonal pou rive konprann epi trete anpil nan maladi mantal yo (tankou atravè yon pwogram aksyon OMS te mete sou pye nan lane 2008 ki te rele “Mental Health GAP Action Programme”), popilasyon ayisyen an pa sispann estigmatize yo. Pa bò isit, anpil fwa yo blame malad mantal yo, yo meprize yo, yo konsidere yo kòm iresponsab, parese, san janm panse sa ka rive malad yo pa responsab sitiyasyon yo ladan l lan. Anplis de tray malad mantal yo ap pase, dwa sante mantal yo pa sispann pase anba pye. E sa ap pase anba je desidè politik lasante yo. Poutan, se pa menm bagay nan yon seri lòt peyi tankou : Lasyèd, Almay, Finland, Lafrans… kote anpil jefò ap fèt pou dwa sante mantal moun respekte. Gouvènman peyi sa yo rive konprann, swen sante mantal jwe yon wol enpòtan nan nivo byennèt popilasyon yo. Se sa ki fè yo envèsti anpil nan zafè swen sante mantal. Pami peyi sa yo, rechèch fè nou konnen se Lafrans ki envèsti plis kòb nan swen sante mantal.

Move kondisyon lavi k ap chifonnen malad mantal yo nan peyi Dayiti pa yon sijè nouvo. Poutan, tout moun pa konprann reyalite sa nan menm nivo.  Jiyè 2022 a, reyalite sa kontinye ap mete tristès nan kè anpil moun. E jouk jounen jodya, sitiyasyon sa ap taye banda nan sant Mars & Kline la, yon lopital Leta ki espesyalize nan swen sante mantal.

 

Idantifikasyon maladi mantal yo

Li pa toujou fasil pou idantifye maladi mantal yo, paske anpil nan sentom[1] ak siy ki karakterize yo konn sanble ak kòpòtman nòmal yon moun ka genyen. Pa egzanp, li ka difisil pou distenge yon « dèy nòmal » de yon « depresyon » lakay yon moun ki pèdi yon bagay oswa yon moun ki te enpòtan pou li anpil, swa yon konjwen, swa yon timoun, swa yon zanmi, swa yon machin…paske tout sitiyasyon sa yo ka bay tristès ak yon imè deprime. Menm jan tou, li pa fasilman posib pou di yon moun fè yon « twoub anksye » si li enkyè, chagren, estrese pou yon travay li pèdi, paske tout santiman sa yo ka manifeste lakay tout moun nan yon moman nan lavi yo, parapò ak yon sitiyasyon y ap viv. Se poutèt sa, diferans yo souvan etabli parapò ak anplè sentom yo, kantite tan yo dire ak efè yo genyen sou lavi yon moun ap mennen chak jou.

Piske li pa toujou fasil pou detèmine maladi mantal yo, gen anpil malad mantal ki konn sibi lenjistis, akoz antouraj yo pa konnen si yo malad. Anplis, maladi mantal yo pa souvan vini bridsoukou, yo konn pran bon ti tan pou yo devlope, jouk yo parèt aklè. Malerezman, se yon ti ponyen moun nan popilasyon ayisyen an ki gen ti kras konesans sou zafè maladi mantal. Tout sa kontribye nan soufrans atwòs malad mantal yo. Pou jere sitiyasyon sa a, popilasyon an bezwen sitou plis vijilan, youn dwe toujou ap veye sou lòt.

Nou pa dwe minimize menm yon yota nan chak kòpòtman yon moun genyen. Yon moun ka toujou ap mennen tout aktivite l menm jan ak tout lòt moun, men li malad mantalman. Gen yon ka konsa ki te prezante nan sant Mars & Kline la, jou madi ki te 12 jiyè a, kote te gen yon jenn ti gengenn nan 32 lane ki prezante yon « trouble dépressif majeur », men k ap travay nan yonn nan konpayi telefonik Ayiti yo. An nou wè kisa li te di, pandan l t ap kriye nan sal konsiltasyon an.

Mwen pa ka dòmi, mwen manje jis pou m pa tonbe, mwen santi m koupab, mwen ta renmen fini ak lavi paske l pa gen sans pou mwen. Mwen pa gentan tiye tèt mwen deja se paske l pa fasil pou m tèmine yon bagay mwen kòmanse.

Apre jenn fi a te fin di pawòl sa yo, nou te gen chans fè ti pale ak li. Nou te di l : « Ou gen anpil potansyalite, ou merite kontinye viv. Felisitasyon paske w pran yon bon desizyon, ou vin chèche èd, menm jan tout moun ka bezwen sa nan yon moman nan lavi yo. Ou mèt rete konfyan, sitiyasyon an ap amelyore. » Apre sa, li gade nou epi li remèsye nou pandan l t ap seche dlo nan je l. Sitiyasyon sa te ede n konprann pi plis kòman li enpòtan pou nou youn konprann lòt, youn tolere lòt e sitou, youn pa inyore sitiyasyon lòt.    

Kilti ayisyen an enfliyanse fason popilasyon an wè maladi mantal

Kilti yon pèp pa manke gen gwo enfliyans sou fason li panse ak fason li aji. Sa pa diferan an Ayiti. Kiltirèlman, depi yon ayisyen tonbe malad, li souvan panse se yon lòt moun oswa yon move lespri ki ap fè l mal. An Ayiti, sipèstisyon touche tout kouch sosyal. Li touche moun rich tankou moun pòv, entèlektyèl tankou analfabèt, moun an deyò tankou moun lavil… Se sa ki fè anpil fwa, lè yon ayisyen gen yon maladi mantal, avan yo mennen l konsilte yon pwofesyonèl nan domenn sante mantal, yo mennen l wè yon oungan.

Li fèt epi l ap viv Etazini, men li rantre Ayiti nan fen avril 2022 a. Kòm yo pap aksepte nenpòt bagay nan peyi Etazini, mwen te ankouraje papa l mennen l Ayiti pou m priye pou li, piske mwen se yon prèt gerisè. Li te gen plizyè move lespri sou li. Apre tout travay mwen fin fè pou li ki deja pote anpil rezilta pozitif, mwen mennen l lopital la pou doktè ka bay medikaman ki pou penmèt li reprann li nèt ale. 

Se deklarasyon yon prèt ki te mennen yon jenn gason nan sant Mars & Kline lajou madi ki te 12 jiyè 2022 a. Papa jenn gason sa a te akonpaye l tou, men se sitou prèt la ki te pale ak doktè a. Jenn gason an te parèt estrese anpil, sanble sa te lakoz li pa te ka byen pale ak doktè a. « Jenn gason an pa te gen move lespri sou li, se yon pè ak yon estrès enòm li genyen ki anjandre yon twoub sikyatrik lakay li ki rele « trouble psychotique bref », ka sa yo souvan repete. », se deklarasyon doktè a te fè. Ni papa jenn gason an, ni prèt la, ni jenn gason an te souke tèt yo ak yon vif souri. Se konsa doktè a te preskri jennonm lan medikaman, epi li deplase. Sitiyasyon sa pa te two diferan pou yon pasyan ki te prezante nan sant ospitalye a jou jedi ki te 19 me 2022 a. 

Se yon fanm mwen genyen k ap chèche tiye m pou l ka pran yon kay mwen genyen. Li vann mwen kay dyab, men piske mwen pa antò, mwen pa mouri. Mwen pa timoun e mwen se moun nan Nò, sa m ap di w la se vre wi. M pa fè kenn fi konfyans ankò.

Se pawòl pasyan an ki te fè yon gwo aksidan depi yon bon bout tan, ki ta sanble nan orijin yon twoub mantal li genyen. Antretyen pasyan an te mennen ak doktè a te montre li t ap delire. Deli[2] li te fè yo te sitou gen tèm pèsekisyon. Alisinasyon[3] oditif ak vizyèl te frekan lakay li tou. Li te derefize kwè nan dyagnostik ki te fè kwè li prezante yon twoub ki rele « schizophrénie à début tardif. »

Yonn pami anpil lòt ka ki te atire atansyon nou anpil, se yon pasyan ki te prezante yon « syndrome maniaque » men ki te vin jwenn soulajman apre kèk mwa ospitalizyon li te fè nan Sant Mars & Kline la. Doktè ki te wè pasyan avan li te ale lakay li a te bay pasyan randevou pou l kontinye vin pran swen nan sant lan. Malerezman, li ale san l pa janm tounen ankò. Se konsa li te vin rechite. Bagay la te vin pi rèd toujou. Lè fanmiy li konstate sa, olye yo retounen lopital la avè l, yo te pito mennen l nan yon peristil. Mezanmi, sitiyasyon an vin pi konplike. Dapre sa yon frè malad la ki te vin chèche yon sètifika medikal nan Sant Ospitalye a di, kèk jou apre yo te fin mennen malad la nan peristil la, li tiye yon moun nan menm peristil la, akoz malad la te vrèman viyolan. Dapre sa frè malad mantal la rapòte jou madi ki te 12 jiyè 2022 a, malad la nan prizon depi lè l fin fè zak sa a.

Nou gentan depanse anpil kòb pou n wè si malad la ta libere. Dosye a gentan pase nan men plizyè avoka, men tout se kòb yo pran pou granmesi. Fanmiy lan pa gen mwayen ankò pou l kontinye ak pwosesis la. Gen yon manm nan fanmiy lan ki te kòmanse voye ti monnen pou regle pwoblèm lan, men li pa kontinye lè l wè ka two konplike. Dòk, tanpri, gad sa w ka fè pou nou.

Se deklarasyon frè malad la te fè devan sikyat ki te konn wè malad la. Pawòl sa yo te fè nou tris anpil. Ki repons doktè a te bay ? Malerezman, li reponn ak yon ton tou tris : « Mwen pa ka fè anyen anplis, mwen te deja ba w yon sètifika ki pwouve pasyan gen yon twoub mantal. » Doktè a fè konnen depi jij k ap enstwi dosye a okouran de twoub mantal prizonye a, li pa ta dwe kontinye pran prizon paske yon malad mantal pa ka pran responsablite penal, sa vle di malad la pa gen obligasyon pou l asime zak li fè.  Tou tris, frè malad la te oblije deplase. Tout ka sa yo montre gwosè enfliyans kilti ayisyen an genyen sou fason popilasyon an wè maladi mantal. Men nou pa dwe janm bliye sa : kilti yon malad mantal kapab jwe gwo wòl nan tretman oswa amelyorasyon l. Nan sans sa, pèsonn pa dwe inyore oswa meprize fwa ak kwayans malad mantal yo genyen. Se menm bagay la pou yon moun ki pa malad tou.

Malad mantal yo sibi anpil move tretman

An Ayiti, se kòmsi se yon bagay nòmal pou malad mantal yo maltrete. Sitiyasyon sa menm repete nan mitan moun k ap viv nan menm kay ak malad yo, alewè pou moun deyò, sa konn pi mal toujou. Yo konn bat malad yo, yo voye bagay sal sou yo, yo joure yo, yo voye wòch sou yo, yo blese yo, e yo konn menm tiye yo pou ti krik ti krak. Kalte pratik sa yo pa bon ditou.

« Doktè, mwen regrete dèske m te padone ti sè m nan vit konsa. Ti sè m wi dòk, mwen pap janm bliye kalòt li te bay mwen lè m te malad la. Aaaaaaa dòk, sa fè m mal anpil », deklarasyon yon pasyan te fè, nan dat ki te 25 me 2022 a. Li gen yon evolisyon nòmal, men l ap swanye nan sant Mars & Kline la depi yon bon bout tan. Li fè konnen li renmen sè l anpil, li pa t janm kwè se sè l la ki ta bay li kalòt pandan l malad la.

Men yon lòt ka ki bay plis lapenn toujou. Jou madi ki te 12 jiyè 2022 a, nou te gen chans obsève yon pasyan ki prezante « yon reta mantal grav » e tout dan nan bouch li te rache. Se manman pasyan ki te akonpaye l. Doktè a te mande manman èske pasyan te fèt san dan. Men sa manman te reponn : « Dòk li te plen dan nan bouch li, men pafwa lè l pran lari yo bat li anpil epi se konsa tout dan l yo vin rache. Bon dòk, sa pou m fè…Mwen oblije aksepte sitiyasyon an konsa. » Malad sa se yon gason ki gen 36 lane e li se sèl pitit manman l. Se manman ki sanse fè tout bagay pou li (benyen l, netwaye l lè l fin twalèt, mete rad sou li, elt.).

Dapre sa manman malad la di, pou evite kite pitit la soti pou yo pa bat li, chak fwa manman ap soti, li oblije mare malad la nan kay la. Li fè konnen se yo se yo de (2) sèlman k ap viv nan kay la. Ti madanm lan pat manke tris lè l ap pale. Sitiyasyon sa te ede n konprann ki nivo maltretans malad mantal yo ap sibi, san yo pa menm gen lespwa chanjman yon jou.

Diskriminasyon nan antouraj malad mantal yo ogmante soufrans yo

Anpil fwa, moun ki antoure malad mantal yo fè yo soufri pi plis, menm lè yo pa toujou konnen.  Pa egzanp, gen moun ki renmen pase malad mantal yo lòd, yo pale ak yo top pou top, yo fòse malad yo fè sa yo pa vle fè, yo pa dosil ak malad yo, yo rizibye malad yo, yo rele malad yo moun fou, satan, kokobe, bègwè, zonbi, moun anraje ak anpil lòt non ankò. Menm pwòp fanmiy malad yo konn montre yo dekouraje ak yo. Lè ka sa yo repete, malad yo konn vin pi tris, pi eksite oswa pi agresif.

Dòk mwen vin fèmen pitit la nan sant lan. Pafwa mwen santi m ta jete l la nan fatra, tankou jan anpil moun konseye m fè sa. Pitit la gaspiye tout sa m te genyen nan kay la nan kraze brize, pandan mwen pa janm sispann achte medikaman k ap vann tèt nèg. Se yon fado sa ye pou mwen.

Sa se deklarasyon yon mesye ki te mennen yon pitit gason l nan sant Mars & Kline la, jou jedi ki te 19 me 2022 a. Apre papa te fin pale, malad la te vin move kou kong. Finalman, doktè a pa te ospitalize malad la, paske kondisyon yo pa te reyini pou sa. Se pa sèl mesye a ki te nan sitiyasyon sa a. Se prèske menm bagay pou yon madanm ki sanse fin bwè tout dlo dan l, k ap pase tray ak yon pitit fi l k ap swiv nan sant Mars & Kline la depi nan lane 2003. Jou madi ki te 07 jen 2022 a, manman sila ki sanble pa gen rele ni reponn, te oblije vin nan sant ospitalye a epi li di doktè ki te resevwa l la ak yon ton tou tris :

Dòk mwen pa ka sipòte ankò non, mwen ta renmen ou fèmen malad la nan lopital la pou mwen, paske se mwen sèl k ap viv nan kay la avè l e mwen pa gen ase kouray pou m jere l. Li konn menm vle bat mwen. Mwen pa ka soti jis pou m jere l nan kay la. Se bon pwochen bondye k ap bay mwen ti kòb pou m achte medikaman pou li. Gad sa w ka fè pou mwen dòk, tanpri.

Se pa ti tris malad la te tris lè manman l fin pale konsa. Malerezman pou manman e erezman pou malad la, doktè te reponn konsa : « Mwen konprann sitiyasyon an, men malerezman pa gen plas pou ospitalize moun nan lopital la pou kounya, tout plas yo okipe. » Doktè a fè konnen menm si te gen plas, malad la pa ta ka ospitalize pou jan l wè l la. Dapre doktè a, malad la dwe ret lakay li pou l jwenn pi bon swen. Yon kote, ka sa yo montre antouraj malad mantal yo konn dekouraje ak yo. Sa ogmante soufrans malad yo. Yon lòt kote, ka sa yo montre li pa fasil pou yon moun jere malad mantal. Li difisil pou yon moun byen konprann tout lapenn yon kretyen vivan kapab santi nan yon sitiyasyon konsa, sa mande anpil pasyans ak kouray.  

Popilasyon ayisyen an pa gen anpil aksè ak swen sante mantal

Jwenn swen sante mantal an Ayiti pa yon bagay ki fasil ditou. Se youn nan pi gwo defi ki genyen pa bò isit. Pa gen yon politik sante mantal ki planifye dapre bezwen popilasyon an genyen. Dayè, gen pi piti pase 5 % nan bidjè nasyonal 2021-2022 a ki rezève pou lasante piblik. Pi piti pase 1 % nan bidjè sante piblik la rezève pou sante mantal. Sa pa te konn pi bon pase sa. Anplis, gen sèlman de (2) sant ospitalye piblik ki espesyalize nan sante mantal nan peyi a : Lopital Defile Bedè ak Sant Ospitalye Mars & Kline, pou tout yon popilasyon ki gen anviwon douz milyon moun. Toude lopital sa yo plase nan depatman Lwès e moun soti toupatou nan peyi a pou vin pran swen nan yo.  Mete sou sa, toulede lopital sa yo pa byen ekipe. Youn nan sitiyasyon ki pi tèrib ki gen nan toude, se kote yon pakèt malad mantal fèmen nan yon seri ti chanm ki pa menm gen ase kabann, akoz lopital sa yo pa gen anpil espas pou ospitalize malad yo. Malad yo konn goumen ant yo e konn menm gen nan yo ki ale nan peyi san chapo. Sant Mars & Kline la te konnen yon ka konsa nan dat 16 fevriye 2022 a. Otorite konsène yo wè men yo fè kòmsi yo pa wè, yo tande men yo fè kòmsi yo pa tande. Kidonk, se yon sitiyasyon k ap layite kò l nan peyi a san janmen konnen kilè chanjman ap vini. 

Fason antouraj malad mantal yo dwe viv ak yo

Viv ak yon malad mantal mande anpil fòs, pasyans ak kouray paske maladi mantal pa sèlman afekte moun ki genyen l yo, men li afekte antouraj yo tou. An efè, malad mantal yo konn gen yon seri konpòtman ki deranje antouraj yo. Pami konpòtman sa yo, nou ka jwenn : malad yo rebèl, yo kraze brize, yo pale anpil, diskou yo pa koyeran, yo kwè se yo sèlman ki gen rezon, yo wè, tande, santi oswa pran gou bagay lòt moun pa eksperimante nan menm moman ak yo, yo pa fè lòt moun konfyans fasil, yo konn panse lòt moun rayi yo oswa ap fè konplo sou yo, yo konn tire kou sou lòt moun, yo konn pa vle lòt moun pran swen yo, yo konn fè anpil bri…Men li enpòtan pou n konnen, yon malad mantal pa oblije gen tout konpòtman sa yo paske, chak maladi mantal gen pwòp karakteristik pa l. Sa ka rive tou gen plizyè maladi mantal ki genyen kèk karakteristik an komen.

Yon lòt pwen enpòtan ankò, tout sa ki pa nòmal pou yon moun ki pa malad mantalman ka parèt nòmal pou yon malad mantal. Nan sans sa, antouraj malad mantal yo dwe toujou tolere yo nan mezi sa posib. Moun k ap viv ak malad mantal yo pa dwe bay yo kou, yo dwe aji tou dousman ak yo menm si malad yo ta viyolan, yo dwe evite pase malad yo lòd paske yo pa renmen sa fasil, yo pa dwe meprize malad yo ni joure yo, yo dwe jwe ak malad yo toutotan sa posib, yo dwe entegre malad yo nan tout aktivite yo ka fè jis pou yo santi yo se moun tou, yo dwe felisite malad yo pou tout sa yo fè ki bon pandan y ap ede yo amelyore konstamman, yo pa dwe janm montre malad yo si yo vle dekouraje ak yo, yo pa dwe diskrimine malad mantal yo, men pito antouraj malad yo dwe aprann apresye yo, renmen yo, ancheri yo pi plis chak jou…

 

Pou fini, nan peyi Dayiti, si tout moun ta wè li nòmal pou moun gen maladi fizik, se pa menm bagay pou maladi mantal. Nou te wè, anplis de kilti peyi a ki enfliyanse pèsepsyon Ayisyen gen sou maladi mantal, li pa toujou fasil pou rive idantifye yon maladi mantal. Mete sou sa, li konn difisil pou moun viv ak malad mantal yo. Sa fè, sitiyasyon malad yo konn vin pi grav tanzantan. Yo konn sibi anpil move tretman e sa konn ap pase anba je otorite responsab yo, san yo pa di yon mo. Nou te wè tou, menmsi an Ayiti malad mantal yo pa gen anpil aksè pou yo jwenn swen nesesè, sa pa vle di reyalite sa menm nan tout peyi. Gen nan yo ki fè ladiferans. Menm jan ak moun ki malad fizikman yo, malad mantal yo se malad tou. Yo bezwen bon jan swen. Yo bezwen santi yo se moun menm jan ak tout lòt moun. Yo bezwen lanmou, lajwa, afeksyon, konpreyansyon ak ekout lòt moun. Pou sa rive fèt, dwe gen bon jan politik sante mantal ki etabli. Sosyete a dwe bay sante mantal plis valè. Konsa tou, Leta dwe preyokipe l de sante mantal popilasyon an pi plis, paske « se tèt ki mennen kò. »

Frantz HIMPREVIL

Etidyan finisan an sikoloji (UNDH-FLESH)

Bousye HELP

Imel : fhimprevil@gmail.com / himprevilfrantz@gmail.com

Telefòn : (509) 38 29 7601 / 40 46 0974

 

 

Bibliyografi (an fransè)

Stryckman, N. (2001). Symptômes, maladie et santé mentale. Cahiers de psychologie clinique, 17, 19-30. Consulté le 21 juillet 2022 sur : https://doi.org/10.3917/cpc.017.0019

Les bases de la psychopathologie. (S.d.). Document en pdf consulté le 19 juin 2022 sur : file:///C:/Users/HP/OneDrive%20%20Haitian%20Education%20&%20Leadership%20Program/Desktop/Psychopatologie/Les-bases-de-la-psychopathologie.pdf

Organisation mondiale de la Santé. (2008). MHGAP : Programme d'action Combler les lacunes en santé mentale : Élargir les soins pour les troubles mentaux, neurologiques et liés à l'usage de substances. OMS. Consulté le 19 juillet 2022. Disponible sur : https://www.cambridge.org/core/journals/bjpsych-international/article/who-mental-health-gap-action-programme-implementation-in-the-small-island-development-states-experience-from-the-pacific-and-englishspeaking-caribbean-countries/6290D3C8B30889881E0A0AE4E5EB0CDC#

Pirlot, G. & Cupa, D. (2017). Chapitre 15. Hallucination et délire. Dans : G. Pirlot & D. Cupa (Dir), Approche psychanalytique des troubles psychiques (pp.165-169). Paris : Armand Colin. Consulté le 21 juillet 2022. Disponible sur : https://doi.org/10.3917/arco.pirlo.2017.01.0165

 

Legende: Yon malad mantal chaje kou legba anba gwo solèy midi nan lari Pòtoprens.

 

 

[1] Gen kèk rechèch ki montre sentom vle di tout manifestasyon espontane yon afeksyon oswa yon maladi. Men, kontrèman ak siy yon maladi ki objektif, sentom yo se yon ansanm eksperyans sibjektif yon pasyan viv, tankou yon imè depresif, yon pèt enèji, elt. Konsa tou, gen lòt rechèch ki ta va fè konnen sentom yon maladi kapab sibjektif (sa pasyan ka pèsevwa e siyale) epi objektif (sa medsen an rive dekouvri) an menm tan.

 

[2] Yon deli se yon fo kwayans ki pa chanje menm lè ta gen anpil evidans ki kontredi l.

[3] Alisinasyon se yon twoub pèseptif. Se yon pèsepsyon san objè reyèl.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

9 COMMENTAIRES