Koulangèt…!

Depiw tande pawòl sa tonbe, anpil moun souvan ap mande. Ki sa k genyen ankò ?  Ki sa k ap vini aprè ? Eske son kout manman, marenn ou, ou  byen menm papa  ka rive jwenn pal nan serenad la ? Poutan, anpil fwa li kanpe nan wout. San dout, paske, se sèl li ki te ka soti, pou fè wout pou silans pa toufe moun ki dil la.  Sak pi enpòtan. Se pran sans ak ton pawòl sila, pou w ka pi byen konprann kisa l pote nan djakout li….

 

Depi w tande pawòl sa sonnen, san l pa trennen oken lòt pawòl ou byen yon moun dèyèl, konnen son sezisman ki vin kontrarye lavi w, lavi yon moun ou konnen, ou renmen, ou byen yon evènman ki pral chanje istwa fanmi, zanmi, yon peyi ou byen evolisyon tout mond lan. Nan dat 11 septanm 2001,  anpil tan aprè, chak fwa w ap gade avyon yo k ap rantre nan bilding yo, mo sa toujou anvi soti.

 

Devan yon televizyon, w ap gade yon bèl match foutbòl. Yon bèl trib, yon bèl pas, yon bèl gòl riske retire tout pwotokòl nan mitan moun yo, pou yon koulangèt tonbe, san blese. Tankou lè w goute yon bon manje ki gou. Menm jan, lè w an prezans anpil bèl moun k ap pase devan w oubyen yon imaj ou byen yon videyo, ou anvi di mete yon Koulangèt, avan w repete pawòl  Mikaben yo: «Fanm sa move..».    

 

Devan yon ekran wap byen amizew nan yon spektak, ki montrew ke Ayisyen kapab rekonsilye, kapab reyini menm jan ak Carimi.  Mikaben fin byen pèfòme  epi pandan lap soti sou sèn nan, ou wèl sot tonbe bip. Koulangèt ?  Se pratikman sèl pawòl ki te ka soti pou tradui tout emosyon, desepsyon, dezolasyon ak enprovizasyon lavi a enpoze nan vi nou.

 

De pyew ap tranble, kè w ap kase. Ou koumanse ap kesyone w. Sa k ap pase ? Sa ki rive Mikaben ? Kisa k pral pase ? Epi bridsoukou, lòt atis la vin mande pou piblik la ak fanatik priye pou yon atis ki te fèk sot ap amize li. Kèk moman apre, move nouvèl la pral tonbe. Mikaben travèse.  Koulangyèt !

 

De pawòl sa yo pa menm menm ditou. Koulangèt  ak koulangyèt. Youn se pou sezisman. Lòt la se pou pale an gran, touche jis andann nannan menm mouche lanmò, menm jan tout gede ta dil. Siw pa dil, siw poko dil, siw pa vle dil, se paske kèk nan anpil nan desepsyon lavi a poko touche w ou byen youn nan proch ou. Koulangèt, entèl mour. Koulangèt, yo kidnape yon fanmi, yon zanmi. Koulangèt, yon zanmi, yon fanmi, yon moun ki chwazi rete viv isit pou  sèvi peyi li, pran yon bal…  

Di dyab bonjou, pa dil bonjou, lap manjew kanmenm, se sa anpil moun konn di souvan pa bò isit. Sa ki kon oblije nou dil pafwa sa kasayòl te di bèf la. Sa pap etonem, si ti koze sa pat gen youn nan ti pawòl sa yo ladan. Men nou tout ap konprann tout bèt jennen mòde……

 

Dil pa vle di ou pa edike pou sa. Dil se kapab youn nan pi bon fason pouw montre kew ekziste. Depi sou tan lakoloni, lè kolon blan tap vyole manmanw ou byen madanm yon lòt esklav an prezans li, ki ta pral ansent pou bal yon pitit milat. Yon timoun ki ta pral grandi kòm yon eritye abitasyon sa, pandan yap raple souvni ak soufrans ke: “ Le colon guette ta maman”.

 

Domaj. Se yon sonb eritaj ke tout moun po wouj ki se ti milat, tankou pitit de esklav ki tap soufri anba kòd nwa ap kontinye pote nan lespri yo, apre plizyè jenerasyon ki grandi sou tè sila.  Soti nan orijin istorik tonbe nan defòmasyon lengwistik li, tout konstriksyon mantal ak reprezantasyon sikolojik, sosyolojik, antropolojik ak senbolik de pawòl sa yo, pral makònen ak evolisyon identite ansanm ak verite, ki gen nam ak flanm chak fwa yon mou lage nan yon sans ou yon lòt.

 

Depiw tande yon Ayisyen trenen sou Koulangyèt la,  konnen koze yo anpil, avanl ajoute rès pawòl la ou byen non moun lap pale a. Siw kwèm manti, al mande yon machann ki te konn vann anba lavil (Pòtoprens) ou byen yon machann pwason Fontamara… Se youn nan zam ke lang kreyòl la bay chak Ayisyen,  pou pale ak lwa nan tèt zòt, ki vini kontraryel, ki vini provokel, ki vini agasel, ki anpechel jwi ou byen viv la vil.

 

Dim manti siw kapab ?  Yon lòt ekzanp nou ka jwen, se nan nouvèl ak imaj ki te konfime zak asasinay ki te fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse la, nan dat 7 jiyè 2021. Ant moman nouvèl la tonbe ak nivo vyolans ki fèt sou kò ansyen chef leta ke imaj kadav ki tap sikile sou rezosyosyo yo te ka bay, chak moun selon etonmanw, sansibilite, solidaritew, patriyotism, w ou byen rankin out e ka gen pou ansyen prezidan an, te ka lage yon  kout. Koulangyèt maman ou byen,  koulangèt, gad jan moun yo touye ou  ou byen asasinen prezidan vre !

 

Depi kèt tan, vyolans sou tout fòm na peyi Dayiti, nan lari Pòtoprens rive sou nou sou tout fòm e nan tout sans. Yon bon majorite nan chofè moto ki nan lari ya, pap mankew si nan mache ou pa ba yo pase. Ou byen anpil fwa, nan kwazman ak yon machin, youn nan de moun sa yo, konn souvan akroche yo ak youn nan de ti pawòl say o, pou ekprime sezisman yo ou byen manifeste move san yo….pou libere konsyans yo.  

Dj Fanfan sou stann ou byen sou cha, depi animasyon koumanse ogmante, foul moun yo ap danse, pat konn rate okazyon poul di “Men koulangyèt”, yon fason poul dekri jan enèji foul moun yo ap pran koulè. Fanatik yo ap pran plezi, danse tankou moun kase chenn.  

Definitivman, li trè difisil, pou yon vre Ayisyen, yon bon Ayisyen, yon Ayisyen otantik, ki fèt an Ayiti ou byen yon moun ki leve ak paran Ayisyen, pa repete ti mo sa yo menm yon jou. Menm anpil etranje ki vle konn pale kreyel rantre nan jwèt sa tou. O mwens yon fwa nan viw. Si se pa chak ane, chak mwa ou byen chak semèn, nan anpil katye ou byen fanmi nan mas yo pa bò isit, yon monte chwal sa preske chak jou. Mo sa prèske vini pèdi sans li tèman yo itilize li, an deyò de nouvèl nan medya, ou byen kèk apèl telefòn pafwa ki pote rèl.

 

Dekilakyèl ki moun ou ye ? kèlkeswa kotew rete jodi a nan peyi Dayiti,  ou riske tande yo diw o mwens yon fwa. Yo atake, yo arete, yo agrese, yo kidnape, yo vini pran, yo vini touye, ou byen yo jwen kadav entèl.  Koulangèt ! Moun pap viv pa bò isit. Ayiti vini tounen yon peyi komokyèl !

Dim saw vle. Si pat gen jan de mo sa yo, ki charye anpil refleksyon, emosyon ak imajinasyon nan lang kreyòl la, kouman Ayisyen tap viv ? Nan lari tankou nan lakou, andan fanmi tankou nan lekòl ak lòt enstitisyon, konbyen fwa patron ou byen mèt kay la oblije kenbel nan lestomak li pou moun kap travay avèl yo ?  Nan anpil mechanste ou byen kòlè kèk moun ki pi ba nan lechèl sosyete a ap reyaji, youn nan de ti pawòl sa souvan soti nan jès ak aksyon yo ! Mwen pa bezwen diw kijanl soti nan kèk manifestasyon popilè kap fèt  sou sèn politik la, e menm nan kèk negosyasyon lè kèk pati pa antann yo….  

Dim, ma diw tou. Kolangèt ou kolangyèt, se youn nan pawòl san parabòl, ni protokol ke chak gren Ayisyen pote nan djakout li poul defann tèt li, depi bwa a mare. Li pa gen manman li pa gen papa. Li pa konn manman li pa konn papa. Li jus se manifestasyon vyolans nan yon lang rezistans, ki te kreye pou di verite, pou defann diyite ak solidarite kont lesklavaj, ak tout moun ki refize konprann ke tout moun se moun. Ke moun nwa se moun. Ke chak Ayisyen gen dwa viv menm jan ak tout lòt nasyon, san diskriminasyon.

 

Dim saw vle, men pa dim Koulangyèt….ki se alafwa  yon ekpresyon, yon emosyon, yon narasyon, yon mouvman rale menen vini pou liberasyon, senbòl yon nasyon. Yon mo ki pa kite kras, yon mo ak kras, yon mow ka di fas tankou nan do. Yon mo ki se yon fado, yon mo ki pa konn koulè po. Yon mo tou wouj. Yon mo anjandre, ki angaje, ki pa nan jwèt ! Yon mo kou kanpe tèt drèt !  Paske di djab bonjou lap manjew, pa dil bonjou lap manjew ! Koulangèt !

 

Dominique Domerçant

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES