Vers la victoire

Victoire, les dignes descendants des Marrons Libertaires t'aiment, te désirent ! que ta présence éloigne désormais de la République d’Haïti, toute ombre, toute souillure, toute faute, pour qu'ainsi notre Juste Guerre puisse embrasser avec joie le bonheur de la Victoire !

Donnez-nous, Divin Jean-Jacques Dessalines, le souffle, l'élan dont notre volonté, oh combien souvent muette, manque, pour redonner sa place de gloire à la Patrie.

Maître des Univers et ses Créatures Supérieures loués et exaltés, accordez à notre nation une place au Soleil, une révolution pour la vraie libération, une réussite calme et tranquille, sans agitations stériles, pour que nos œuvres puissent parler, à notre place.

Nous étions déprimés, vaincus, angoissés, mais nous osons vous invoquer, vous parler, vous prier, vous exprimer notre désir de gagner, de réussir, et voilà la Première République Nègre du Monde, respectée et renommée, célébrée !

Vive Ayiti de tous les impossibles !

Ayiti Bèl Fanm, devant !

 

Savannah Savary

 

Viktwa, pitit pitit Fanm ak Gason vanyan ki te sèmante libète ou lanmò yo damou w, yo bezwen w ! Se pou w vini chase tout vye bagay ki pa klè, tout salte, tout vye erè pou n pa janm sispann jwi rezilta batay nou an ki se kè kontan nan plezi laviktwa !

Granmèt Dessalines, tanpri ban nou fòs, ban nou enèji nou konn manke genyen yo pou nou kapab rive remete lapatri nan plas donè li merite.

Bondye Lavi a ansanm ak tout Fòs pozitif yo ki merite tout onè yo, tanpri rezève yon plas pou nanchon an nan solèy la, yon revolisyon pou libere peyi a, yon viktwa trankil san bri, san bat kò pou granmesi pou zèv nou yo temwaye pou nou.

Pandan lontan nou te konn pèdi lespwa, nou konn pèdi batay, nou te konn gen kè kase, men jodi a, nou gonfle venn nou pou nou envoke nou pou n pale ak nou, pou n di nou jan n bezwen ranpòte laviktwa, pou n reyisi, ebyen men li, men Premye Repiblik Nèg mond la kap retounen nan plas pou yo respekte l, selebre l !

Vive Ayiti yopa kwè ki posib la !

Ayiti Bèl Fanm, devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES