Lang Kreyòl nan tan lakoloni ak nan Konstitisyon nou yo

0
1591

Lang kreyòl, menm jan ak kilti pèp ayisyen an, lyannen ak istwa peyi a. Istwa pèp ayisyen santre

nan tan lakoloni menm jan ak kilti li, menm jan ak lang kreyòl la. Se pa nan Sen Domeng sèlman

lang kreyòl jèmen. Plizyè zile nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen fè menm esperyans lang sa

a paske istwa pèp sa yo ki soti sou kontinan Afriken an pa diferan ak istwa pèp ayisyen an. Men,

se nan Sen Domeng lang kreyòl devlope nèt ale, jouk li tounen lang nasyonal, lang ofisyèl peyi a.

Akademi Kreyòl Ayisyen ranmase tout dat ki make istwa lang kreyòl ayisyen an depi, nan

peryòd lakoloni kote li te plis aloral (1791 – 1802), pase apre Endepandans peyi a, kote li rantre

ak tous fòs nan ekriti, nan literati ak nan sitiyasyon fòmèl - malgre Premye Konstitisyon yo nan

peyi a pa rekonèt li (1804 – 1918), rive nan sitiyasyon ofisyèl kote li jwenn dwa li nan

Konstitiyon peyi a. (1957 – 1987).

 

I.- Lang kreyòl nan tan lakoloni (1791 – 1801)1

· Nan lannuit 14 rive 15 out 1791, Boukman, chèf mawon yo, fè yon priyè nan seremoni Bwa

Kayiman an nan lang kreyòl pou mobilize tout mas popilasyon an nan Sendomeng konsyans epi

reveye konsyans yo kont lesklavaj. « Bon Dye ki fè solèy, ki klere nou an wo… Bon Dye blan

mande krim, e pa nou vle byenfè; Men Dye la ki si bon òdonen nou vanjans, li va kondui bra

nou, li ba nous asistan… »2

· Nan lane 1792, Santhonax rive Sendomeng ak Pòverel, li chwazi pale kreyòl ak pèp yo fè esklav la. « Tout esklav ki va rete mawon pandan yon mwa… kan yo tchenbe li, yo va koupe zòrèy a li epi yo va make M, sou zepòl gòch … Pou mawon avèk zam nan men, yo va touye yo »3

· Nan dat 29 dawou 1793, pwoklamasyon abolisyon esklavaj te fèt nan vil Okap, nan lang kreyòl. « Tout nèg ak milat ki nan lesklavaj vin lib, pou yo gen menm dwa ak lòt sitwayen franse ».Ref.2

· An Janvye 1802, Jeneral Leclerc ki te resevwa nan men Napoléon Bonaparte yon deklarasyon ki

ekri an franse ak an kreyòl (Novanm 1801) te reyini pèp Sendomeng lan epi li te li deklarasyon

an pou popilasyon : « Ki sa vou tout ye, ke koulè vou ye, ki kote papa Zòt vini, nou pa gade sa :

nou ve tansèlman ke zòt tout lib, ke zòt tout egal, douvan Bondye e dan zye la Repiblik…» Ref.2

 

II.- Kesyon lang pa nan Konstitisyon peyi a depi 1804 rive jis 18434

· Soti 1804 rive jouk 1843, Konstitisyon peyi a pa di anyen sou zafè lang (ni youn ni lòt).

· Konstitisyon 18435 , (Atik 31) mande pou lekòl anseye lang sitwayen yo ap itilize nan peyi a.

Konstitisyon an pale de lang yo san li pa nonmen non yo. Menm dispozisyon legal sa yo repete

nan Konstitisyon 1846, 1849, 1867, 1874, 1879.

· Konstitisyon 19186, (Atik 24) sou Okipasyon Ameriken (1915-1934) mete lang franse lang

ofisyèl peyi a. Konstitisyon 1918 la pa di anyen sou lang kreyòl.»

« Franse se lang ofisyèl Repiblik la. Sèvi ak li se yon obligasyon nan zafè administratif ak

jidisyè ». Menm dispozisyon legal sa yo repete nan Konstitisyon 1932, 1935, 1946, 1950.

 

III.- Lang kreyòl nan Konstitisyon peyi Ayiti (1957 – 1987)

· Konstitisyon 1957, (atik 35) 7 se premye Konstitisyon ki nonmen non lang kreyòl ; li mande

pou yo pèmèt itilizasyon lang kreyòl pou sila yo ki pa maton nan lang franse « Franse se lang

ofisyèl peyi a. Sèvi ak li se yon obligasyon nan sèvis piblik la. Lalwa ap presize ki kote ak ki

kondisyon li ap pèmèt itilizasyon lang kreyòl la; li rekòmande lang kreyòl pou konsèvè enterè

moral ak materyèl sitwayen ki pa byen konnen franse »8

Menm dispozisyon legal yo repete nan Konstitisyon 1964 ak 1971 la.

· Konstitisyon 19839 , (Atik 62) rekonèt peyi a gen de (2) lang nasyonal: Franse ak Kreyòl, pandan lang franse ap sèvi kòm lang ofisyèl Repiblik la. « Peyi Ayiti gen 2 lang national : Franse ak  kreyòl. Franse se lang ofisyèl Repiblik Ayiti ».

NB: Soti 1804 rive 1987, Konstitisyon yo an Franse. Se AKA ki tradui atik yo an Kreyòl

· Konstitisyon 1987 la, se premye Konstitisyon ki vote nan lang kreyòl epi nan lang franse.

Konstitisyon 1987 la konsakre kat (4) atik sou lang kreyòl la:

- Atik 5 lan mete kreyòl lang ofisyèl bò kote lang franse. « Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt

ansanm, se Kreyòl. Kreyòl ak Franse se lang ofisyèl Repiblik Ayiti ».

- Atik 24-3 mande pou manda yo ekri nan lang kreyòl. Manda a dwe parèt nan de (2) lang :

« fòk manda a di aklè, an kreyòl epi an franse, rezon pou yo arete moun nan osinon pou mete li

nan prizon epi ki lwa ki pini sa yo repwoche li a ».

- Atik 40 mande pou « Leta sèvi ak radyo, jounal, televizyon pou li esplike popilasyon an, an

kreyòl ak an fransè, tout lwa, tout arete, tout dekrè, tout akò entènasyonal, tout trete, tout

konvansyon, ki konsènen lavi nasyon an. Sèl sa ki pa ladan li, se enfòmasyon ki kapab mete

sekirite peyi a an danje ».

- Atik 213 la kreye Akademi Kreyòl Ayisyen ak misyon pou « li bay lang kreyòl la jarèt pou

li fikse li epi ba li tout mwayen lasyans pou li devlope nòmal ».

· Konstitisyon 1987 la amande nan lane 2011

Tout dispozisyon Konstitisyon 1987 sou lang kreyòl ayisyen an retounen menm jan an nan

Konstitisyon 1987 amande a, nan lane 2011. Konstitisyon amande a pa gen vèsyon kreyòl.

 

29 Mas 1987 - 29 Mas 2023

36 lane depi lang kreyòl ayisyen an se lang ofisyèl peyi a !

 

Akademi Kreyòl Ayisyen

 

Nòt

1 P, Jean-Baptiste, Conjonction, n° 161 - 162, mars- juin (1984 : 18), «Spécial créole haïtien »,

INSTITUT FRANÇAIS D'HAITI. https://www.wdl.org/fr/item/14722/

2 Sa rapòte nan Mosochwazi Pawòl ki ekri an kreyòl ayisyen, Anthologie de la Littérature Creole haitienne, Jean-Claude Bajeux,

Editions Antilia, 1999 paj 9-10.

3 Moniteur General de la Partie Française de Saint-Domingue, no 26, mai 1793.

4 Le petit samedi soir : 1888-1985 : « un siècle de constitutions haïtiennes ».Trezième année, No 578 : 20-26 Avril 1985.

5 .... Les langues utilisées dans le pays sont enseignées dans ses écoles.

6 Le français est la langue officielle. Son emploi est obligatoire en matière administrative et judiciaire.

7 Le français est la langue officielle de la République. Son emploi est obligatoire dans les services publics. Néanmoins, la loi

détermine les cas et conditions dans lesquels l’usage du créole est permis et même recommandé pour la sauvegarde des intérêts

matériels et moraux des citoyens qui ne connaissent pas suffisamment la langue française.

8 Le français est la langue officielle. Son emploi est obligatoire dans les Services Publics. La Loi viendra déterminer les cas et

les conditions dans lesquels l’usage du créole sera permis et même recommande pour sauvegarder les intérêts matériels et

moraux des citoyens qui ne connaissent pas suffisamment la langue française.

9 Les langues nationales sont le français et le créole. Le français tient lieu de la langue officielle de la république d’Haïti.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES