Rara Leyogàn

Rara nan Leyogàn se istwa tout bon souvni bòs Toto, ki se yon mekanisyen, t ap pataje ak yon ansyen kliyan l ki te vini ba l fè yon travay nan yon garaj nan kominote Ti Ayiti nan Eta Florid. 

Tèks sa, se tou, ekspresyon fristrasyon yon Ayisyen natif natal k ap plenyen akoz pwoblèm ensekirite, li pa kapab al nan peyi l pou l al danse rara pou peryòd fèt pak la.

Toto se yon nèg Leyogàn ki p ap viv Ayiti depi plis pase 20 tan. Men li toujou aranje l pou chak peryòd rara yo toujou pran l nan vil kote li te fèt ak grandi ki se: Site Anakaona. 

Men, depi 2 zan, kò m li pa kapab mete pwent pye l Leyogàn, donk li te trè fache kont sa ki ap pase an Ayiti a. Se sa li bliye li pat di kont otorite ki ap dirije peyi Dayiti kounye a. Toto tèlman fache, li di bann chaloska, maskarad mal maske sa yo, pou ki sa yo pa remèt demisyon bay lòt mounn chans pou dirije peyi a.

Bòs Toto, prèske kriye, ap eksplike ak kliyan an: se kò li ki nan garaj lan an Florid, men espri l se nan rara Leyogàn ke li ye nan moman an

Pandan tan sa, kliyan an ki se yon chofè taksi, lide pa l se nan la ri an li te ye. Li vrèman enpasyan, li pa kab tann pou li wè machin li ranje pou l al bouske la vi pou fanmi l.

Men pèdi nan zafè rara Leyogàn, bòs Toto pa rann li kont malere a pa sou tande zafè plezi rara Leyogàn. Gen moman, se pa plezi ki enpòtan. Men, ou pakab fòse tout moun wè bagay yo menm jan. Ou pa kapab vrèman chanje vivè, juisè ke se senp sitwayen, ke se gwo otorite, sitou sa yo ki nan Leta ak nan opozisyon pou pozisyon pòs politik.

Se konsa Toto kontinye pou l di li ap imajine l ak yon boutèy kleren Salay Gwòg nan men l nan ri "La Croix" nan youn nan gwoup sa yo, ki se:Ti Malice Kache, Mande Granmoun, Model d'Haiti, Laflè di Woz, Chacha Sans Rancune, SteThérèse Gwo Lo, Chen Michan, Ste Rose Gwo Bèf, etsetera. 

Toto te tèlman ap domine li bliye rele yon Mezon ki vann pyès machin pou l te kapab plase kòmand lòt pyès nèf, epi rive ranje machin pòv malere pè de fanmi an. 

Telefòn la kenbe nan yon men, e pandan li ap chache nimewo Mezon an, li pwofite pou l ap di kliyan: "week-end des Tenors" nan zafè rara ki sot pase la nan Leyogàn, se mwen ki konnen sa m t ap fè.

Toto ajoute, depi  Majò Jon nan rara yo  konnen bòs la nan vil la, yo tout t ap anvi vin bay ochan nan lakou fanmi an ki se yon ansyen gwo notab. 

Misye kontinye pou l ajoute, sa w tande a, manje, tafya, bèl nègès kreyòl ak bèl tete doubout fè mikala w. Men nan tout grajè sa yo, bòs Toto pat konnen si madanm li t ap tande l nan sal datant ki sou kote nan garaj la. Donk li pwofite pou l di kliyan li se yon bon kòk kalite ki pa gen zepon l pou granmesi.  Li pa jan m pèdi batay li nan gagè.  

Malerezman, lè bòs Toto pase nan sal datant lan, li wè madanm li move kou w kong. Bouch li lonje men longè.  

Se konsa Toto te pèdi tout bon sans li. Misye te gentan ap imajine banm rara nan Leyogàn ki ap chante: Toto antrave. Toto dòmi deyò. 

Nan ka sa, bòs Toto vin gen 2 bagay ki ap domine lespri l. Rara nan Leyogàn. Epi, se ki sa ke li pral di madanm li lè li rantre lakay li pita. Donk, plis pwoblèm pou chofè taksi an ki te deja enpasyan nan zafè pàn ke vye machin li a te genyen an. Ebyen, se sa ki rele: pwoblèm pap jan m fini. Pwoblèm pi rèd. 

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES