Notre mission

Tout vèditè vient sur Terre pour occuper un lieu, préparé d'avance spécialement pour lui. Il arrive équipé avec le talent convenant le mieux à son Destin; le cheminement lui correspondant exactement.

Maître des Univers et ses Créatures supérieures, Entités de notre Terre-Mère, Esprits de Lumière, Esprits tutélaires, Génie qui veille à notre destinée de Peuple, Seigneur et maître des relations humaines, Seigneur de la Création littéraire et artistique, accordez-nous votre divine Lumière pour que nous acceptions la place qui nous a correspondu dans la famille, dans la société, dans notre pays, dans l'Humanité.

Révélez-nous notre mission, le travail que nous devons accomplir dans la République d’Haïti et le Monde, pour ainsi réussir utilement.

 

Ayibobo ! Amen !

 

Chak Vèditè kap viv sou latè, gen yon plas ki te prepare pou limenm menm. Vèditè a vini ak tout talan l, kapasite pou l viv ak ranpli misyon l nan espas sa a.

Bondye Lavi a ansanm ak tout Fòs Siperyè l yo, Fòs ki abite nan lakou Manman-Latè,  Espri Limyè yo, Espri kap pwoteje nou yo, Jeni kap voye je sou lavi pèp Ayisyen an, Fòs ki aprann nou viv ansanm yo, Espri ki ban nou enspirasyon pou zèv atistik ak literè yo, tanpri mete limyè pou ede nou konprann ak jwe wòl nou nan fanmi nou, nan sosyete a ak nan tout limanite a.

Tanpri ede nou konnen misyon nou, tout responsablite n dwe pran nan Nouvèl Ayiti a, nan Mond la pou eksperyans lavi nou itil tout moun.

 

Ayibobo ! Amèn !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES