Nan Opozisyon pou pozisyon...

Se rezime konpòtman ou kòman nèg an Ayiti fè politik.  Anpil fwa yo toujou nan opozisyon. Nan sans sa, yo konn men m rive nan opozisyon ak tèt yo e pati politik ke yo se manb ladan l. Yo konn kite pwòp pati politik ke yo te kreye pou yo k al jui tout privilèj ki gen nan Leta. Kesyon an, yo p ap rete deyò.  Fòk yo toujou ap opoze pou yo k ab pozisyone pi byen.

Se sa ki fè ke konn jwenn yon nèg ki te a goch yè, epi briskeman li kite tout prensip de goch yo pou li ale pran yon plas nan yon gouvènman ki a dwat, pou m pa di nan ekstrèm dwat. Se ka ki fè, kesyon ideyoloji pa jan m vrèman respekte an Ayiti. 

Pou nou kapab gen yon ide de sa m ap pale an, ansanb, an nou suiv kèk konpòtman nèg politik ki nan opozisyon an Ayiti, espesyalman aprè 7 fevriye 1986.

Lòt la deside ale nan eleksyon. Men li konnen definitivman li p ap pase paske yo pa konnen l ase, ou byen li pa vrèman popilè pou l te k ab rive fè yon diferans nan mitan popilasyon lokal ke li reprezante an ou byen enpoze l nasyonalman nan tout peyi an.

Men an verite, se pa zafè pase nan eleksyon ki enterese l. Se sa ki fè anvan menm yo bay rezilta, li gentan nan tout radyo pou li ap plenyen rezilta eleksyon an ki pa bon.

Se vre, anpil fwa eleksyon yo konn pa bon. Donk si li pa bon, se nòmal pou ta gen moun ki denonse sa. Ou pa kapab pèdi tan fè kanpay pou konvenk moun ke se program politik ou an ki bon pou peyi an, depanse anpil kòb nan monte desan n, epi se OEA, Kò Gwoup ki ap deside kiyès ki pase e kiyès ki pa pase.

Nan sans sa, se vre ke gen kèk lidè ki konn sensè nan denonsasyon fo eleksyon yo. Men se pa tout ladann yo. De tout fason, se te ap nayivte tou si yon mounn ta panse tout lidè ki ap fè bui nan radyo aprè yon eleksyon, se zafè move rezilta ke yo ap pwoteste.

Definitivman li pa ta kab yo tout paske depi nan kòmansman enskripsyon kòm kandida,  yo pat gen menm objektif. Yo pat janm vize menm direksyon. Youn ap goumen pou pèp. Lòt an ap goumen pou pòs. E pou sa kapab fèt, se pozisyone nan opozisyon epi fè anpil bri nan radyo. 

Gen anpil, pou m pa di majorite lidè ki ale nan eleksyon yo, yo konnen yo pa genyen. Men yo pran radyo pou plenyen, paske se la kòmansman opozisyon pou pozisyon an kòmanse. Yon ti bout tan aprè sa, yo konn vin n kreye yon asosyasyon kandida pèdan. Menm nan yon asosyasyon parèy, youn ap bay lòt move kou. Paske kesyon an se yon fason pou yo pi byen pozisyone pou yon pòs.

An nou onèt, lè w finn fè mwens pase 1% nan yon eleksyon, epi ou gen 0 depite, 0 senatè nan yon paleman konpoze de raketè, pa gen lòt fason pou w jwenn yon pozisyon, se  pase nan opozisyon. Men yon opozisyon san pozisyon ki gen pou wè ak pèp ki vrèman ap goumen pou chanjman.

Se sa ki fè, pandan ke lidè sa yo ap chache vizibilite, pou yo kab kanpe anfas nouvèl ekip ki gen pouvwa a, yo denonse tout bagay. Nan denonsyasyon yo konn menm rive denonse tèt yo san yo pa konnen. Men se pa vrèman grav paske objektif lan se rete nan opozisyon pou yon pozisyon. 

Sa ki enteresan nan moman sa, yo vrèman prese. Kòm yo pa gen tan pou pèdi, yo konn refize tout chita pale piblikman ak pouvwa an plas lan. Lè konsa, nan radyo tankou nan manifestasyon, yo gen yon sèl diskou taboularaza. Men, moun ki ap fè politik lontan nan peyi an, konnen se plis chantaj yo ap fè.

Boum, kou yo rive jwenn yon pòs nan pouvwa yo t ap denonse a, yo vin pa prese ankò. Yo vin plis ap pale de ouvèti politik. Se yo ki vin pòt pawòl pouvwa an kote yo ap pale de eleksyon. Yo gen siyati yo anba tout move akò akwòkò. Yo nan tout vye akò ki kontinye ap dezakòde sosyete an paske se manb opozisyon yo te ye yè, jodi an se nan pozisyon moun ki ap koupe rache nan Leta an ke yo.  

Kòm nan tout batay yo nan opozisyon ak nan pozisyon politik ke yo te okipe, se dikta yo te toujou ap pran, yo  p at janm vrèman rive gen chans pran oken pozisyon pou chanje la vi pèp lan ki ap soufri. Men, pa fatigue w, aprè yo pa nan pozisyon politik ankò, men entènasyonal lan ki te konn ap bay yo dikta pou kraze peyi an, ap gen pou an retou, repwoche yo de tout move bagay.

 

 

Esau Jean-Baptiste

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES