Nostalji

Jeneralman tout moun  k ap viv deyò peyi yo, aprè yon tan, sitou nan peryòd vakans ou fèt fen ane, yo toujou gen nostalji bon moman yo te konn pase ak fanmi e zanmi yo. Moun ki pale fransè yo, yo rele sa: "Le mal du pays."

Se sa ki fè anpil chantè konn renmen chante mizik nostalji. Se yon fason pou yo eksprime kòman yo santi lè yo pa lakay yo Ayiti. Sitou sa yo ki konn ap viv nan peyi Ewòp ak Amerik di Nò kote ki gen anpil fredi ak nèj nan peryòd li fè frèt. E nan chantè ki chante nostalji peyi Dayiti, Léon Dimanche se youn ladan yo.

Men fòk nou di lè nan ane 70 yo, Léon Dimanche te konn ap chante "Nostalgie, douce melancolie, vais- je rester..." mwen pa kwè li te gen pwoblèm pou li te sòti Okay pou l te rantre Pòtoprens. 

E si se pandan li te ap viv Ozetazini li te ap chante Nostalgie, si li pat gen pwoblèm kat rezidans ou an egzil pou zafè politik, li te kapab rantre nan Ayewopò Pòtoprens san pwoblèm. Epi samdi swa, al jwe bal li nan nenpòt night club nan peyi a. Kou bal lan te fini nan zòn 4 trè nan maten yo, li te kapab travèse Matisan pou l rantre Okay al jwe nan festival bò lanmè sou plaj Gélé, san li pa pè pou bandi pa atake l.

Jodi an, se pa nostalji sa m ap pale. Mwen ap pale de yon nostalji kote majorite dyaspora an pa k ab rantre nan peyi l pou fèt fen dane, kanaval fèt Pak menm jan ak vakans ete. 

Se yon peyi ki ap mouri sou kont yon Doktè ki pa konprann, vrèman, anyen nan anyen. La polis enpuisan devan bandi tout plim, tout plimaj. Se ki fè, devan pwoblèm ensekirite sa ki jeneralize nan tout peyi a, moun Pòtoprens pa kapab travèse Matisan pou ale nan Gran Sid peyi a. E se menm bagay lan pou moun ki pa kapab travèse Pon Wouj ak Kanaran pou ale nan Gran Nò peyi a. San konte tout lòt zòn tankou Laboul, Pènye, Kwadèboukè kote se bandi ki ap deside de vi ak biznis tout moun n 

Se konsa, pandan m ap panse ak tout pwoblèm peyi a, m al tonbe sou yon mizik yon ansyen zanmi te poste sou Facebook

Mizik sa se yon nèg ki t ap viv lwen peyi l tou. Tankou tout ayisyen ki t ap viv deyò, li te gen nostalji tou. Men, li pat chante bèl plaj, bel peyizaj, bel fanm kreyòl tete doubout. Pandan li t ap degaje fristrasyon l kont dirijan yo, li t ap chante kont malpwòpwete, koripsyon, imoralite, tout vye bagay ki t ap pase nan epòk lan tou. 

Se sa ki fè, jodi an, pandan ke moun ki deyò yo ap plenyen kote ke yo pa kapab rantre nan peyi yo, donk mwen prete mo ki nan mizik sa pou m fè m pòt pawòl anpil ak anpil lòt moun ki pa kapab mete pye nan peyi a. 

Epi mete kelke fraz sou papye pou eksplike yon nostalji ki melanje ak yon fristrasyon, endiyasyon yon peyi ki ap depafini. Yon peyi ki nan men bandi ki legal ki kòm kwa dire, yo gen lisans pou vyole, vòlò, kidnape ak touye moun lè lide yo fè yo plezi. 

Sou Tonton makout VSN, ansanb ak atache FRAPH, gen dyaspora ki te konn desann nan peyi a. Men jodi a, sou rejim PHTK/G9, se deyò, deyò nèt. 

Donk, fas ak sitiyasyon malouk sa peyi a ap travèse a, mwen envite nou chante ak mwen paragraf sa ki se chanson:

Nan peyi m pa k ab mete pye, frè m kòman wè peyi m pou mwen. Kòm ki nan peyi etranje, espri m se Ayiti li ye. Si chak swa m dòmi reve timoun mwen yo ki ap mal manje, pitit fi m yo fin  pwostitiye, dirijan  yo pou m remèsye.

 

Esau Jean Baptiste

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES