Pèdi tan

Se pase tan nan pa fè anyen ki itil. Se tou, nan yon fè sanblan ou pran pòz, gaspiye tan ki vrèman presye nan yon travay ki te kab itil ak yon gwoup, yon sosyete, yon peyi ou byen ak tout rès mond lan. Definitivman, nan sans sa, gen yon gwo diferans ant pèdi tan ak mize nan wout pou pote bon nouvèl. 

Alòske pa gen anpil moun ki gen tan pou yo pèdi ak fo zanmi sa yo, vire tounen se yon chita pale nan yon pakèt reyinyon ki p ap pote anyen kòm solisyon serye ak pwoblèm enstabilite politik ki genyen depi plizyè ane nan peyi an. 

Dilatwa a goch. Dilatwa a dwat. Men rezilta yo pa diferan de sa ki te sòti yè an. E pa fatigue w, gen anpil chans sa ki ap fèt kounye a, li p ap diferan de sa ki ap gen pou sòti demen an. Se toujou menmman parèyman. Se sa ke yo rele nan lang fransè an: Bonnet blanc. Blanc Bonnet.

Zafè dilatwa sa tèlman rive lwen, anvan menm gen yon reyinyon ki anonse, ou gentan konnen kòman sa ap fini. Lè konsa, obsèvatè ki avize yo renmen di: pou ki sa ke yo pa bay pèp lan yon grenn fig pouri yo fini.

Nan dènye mwa sa yo, tèlman gen anpil monte desann ki ap fèt, anpil pale, ak anpil akò akwòkò ki ap siyen, men ki pa jan m bay oken rezilta konkrè, nan tout mache pou ryen sa yo, gen talon soulye anpil lidè politik ki kòmanse vrèman panche yon bò.

Malerezman pou tout lidè sa yo ki ap monte desann nan pil rankont sa yo, jiskounye a,  yo poko k ab konprann ke yo ap frape nan yon pòt ki p ap janm ouvè. Paske li pa nan avantaj fo zanmi yo pou yo ouvè pòt lan. Ki vle di: Jwenn yon solisyon ak pwoblèm enstabilite politik pouri sa.

Daprè yon analis politik ki pa nan opozisyon pou pozisyon, pil monte desann sa yo sanble prèske tèt koupe ak yon ansyen fim ki te jwe pa twop lontan de sa. Li ajoute pou di:  Erezman jodi an ti Jozèf ak ti Mari rive konprann trè byen jwèt politik ki kache dèyè aktè sinema sa yo ansanb ak tout moun ki finanse reyalizasyon fim makawon sa kont pèp ayisyen. 

Opinyon sa te rive pataje tou pa yon ansyen Pwofesè Syans sosyal ki ap viv an Ayiti.  Selon anseyan an ki abitye ak reyalite sosyo politik e kiltirèl peyi Dayiti: Si lontan, lè chaloska mal maske sa yo te konn pran la ri Chanmas te konn gen anpil moun ki te konn sòti sou galeri pou wè sa yo ap regle nan kesyon di betiz, epi ak fè betiz, jodi an menm Bouki rive wè pi klè nan zafè politik entènasyonal. 

Se sa ki ede Bouki rive konprann ke se yon jwèt pèdi tan ke moun ki konsidere tèt yo pou Malice yo ap regle.  Malerezman yon tan ki p ap janm rive ratrape.  

Finalman, kò m swa dizan ekspè sa yo pran prèske tout moun nan peyi a pou yon bann makak sale, donk yo tou kontinye pwofite, nan zafè sanksyone ansyen alye, fè pwomès eleksyon malachwonk, epi reyinyon tout la jounen, glise yon pat fig wòwòt bay tout lidè ki rete kwè nan yo pou yo gen pouvwa politik. 

Konsa, kò m tout lidè yo pran nan distraksyon, yo toujou ap goumen antre yo pou wè si yo k ab pran yon grenn fig nan pat fig anpwazone sa. Pandan tan sa, anpil tan ap pase. Epi tan ap pèdi. Tan ki ale men ki, malerezman p ap jan m retounen.

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES