Provokasyon...

Se istwa ou se egzanp yon gwoup mounn ki pandan plizyè ane, ak anpil ekspètiz, gwo mwayen finansye ak lojistik, te gen misyon pou estabilize yon ti peyi nan rejyon karayib lan ki toujou gen pwoblèm politik.

Men, aprè anpil ane, olye ke te gen yon aksyon konkrè ki te rive fèt nan zafè estabilizasyon sa, kòm rezilta, se tout enstitisyon nan ti peyi sa ke yo te rive mete plat atè. 

Konsa, pou ekspè sa yo te k ab rive fè sa ke yo renmen e abitye fè an, ki se pwovoke yon debakman bòt feròs sou kou pèp lan, yo te oblije mete sou pye, yon plan estratejik de destabilizasyon byen planifye ak kèk aktè lokal ki pa nan zafè peyi.

Pou yo te kòmanse aksyon destabilizasyon sa, kòm se yo ki te ede opozisyon politik lan nan batay pou te fòse yon prezidan ki te gen yon manda konstitisyonèl kite pouvwa an, aprè sa, yo ta pwal oblije al chache nan konstitisyon peyi an, yon Jij nan kou de Kasasyon pou mete nan tèt pouvwa egzekitif peyi an.

Pou mounn ki ap reflechi ak analize kriz politik, yo te twouve sa p at fè sans ditou. Men, se sa ki reyalite de ki finans, kòmand lan ye. Ki kòmand, desid de sa ki ap bon pou yo. Kòman w te vle sa ye? Di m, li pa t ap k ab lòt jan.

Se sa ki fè, de pil fo pwomès kontra sosyal yo ki te fèt nan ane 2004 yo, ti peyi sa te vin pi destabilize ke anvan. Sa w tande an, li te rantre, avèk yon seri de lidè san kolon n vètebwal, tèt bese nan yon zafè de vyolans san parèy, ki te rezilta vòl, vyol, kidnapping ak masak prèske tout kote nan kapital ti peyi sa.

Men, sa ta pwal dejenere nèt aprè yon gwo tranbleman de tè te pase kote, nan kapital peyi sa, te gen anpil milye mounn ki te mouri. San konte anpil kay ak batiman piblik ki te kraze. 

Aprè sa, nan kad plizyè reyinyon maraton ki te fèt nan nivo entènasyonal, anpil gwo kòb te ranmase pou ke Leta ti peyi sa ak zanmi etranje l yo te kab rive, rekonstwui lekòl, lopital, legliz, biwo piblik ak kay pou mounn te rete.  

Anpil rankont ak anpil pale te konn fèt a letranje tankou an Ayiti, espesyalman nan yon emisyon radyo ki rele ranmase pou pale politik ak sou pwojè kòb ki te ranmase pou zafè konstriksyon an. Men, se te lave men siye l atè. Se kòm si tout pale anpil sa yo, se chache etranje ak ayisyen te ap chache kòman pou yo ranmase tout kòb sa mete nan pòch yo.

Paske avèk move rezilta eleksyon ki te pwal fèt aprè tranbleman de tè 2010 lan, mounn ki te gen dwa pou deside pou pèp lan, te mete zanmi yo sou pouvwa. Sa w tande an, se koupe rache.  Se te anpil gagòt nan lajan pwojè rekonstriksyon ak kòb Petrokaribe an.

Ak yon prezidan ki pa konnen fè lòt bagay ke di betiz ak pase peyi an nan betiz, te vinn gen yon chèf gouvènman ki, avèk anpil pwojè bidon, te ap dekoupe kopyèzman nan lajan Leta. Ajoute ak yon pakèt mesye dam ki rele tèt yo onorab nan Bisantenè an,  kesyon pwovokasyon sa te pwal pran plis fòm li nan peyi an.

De premye sitwayen an ki se yon bandi legal, anpil lòt ti bandi te pwal miltipliye nan tout enstitisyon Leta yo ak nan katye popilè nan kapital lan menm jan nan tout komin n ak depatman yo nan peyi a tankou move zèb nan yon teren abandone.

Sa w tande an, kwak ti peyi sa gen yon anbago sou li sou zafè zam, bandi sa yo ki legal, te rive jwoin n yon fason ilegal pou fè rantre gwo zam fan n fwa ak anpil minisyon pou yo fè anpil dezòd. 

Ak machinn destabilizasyon sa ki mete an plas, chak jou, pwojè pwovokasyon pou debakman vinn plis yon reyalite. Se ki fè, menm mounn ki te toujou kont debakman vinn twouve ke yo pa gen lòt chwa, ke se debake pou kab anbake bandi sa yo nan peyi san chapo. 

Men, malerezman, lè debakman an rive fèt vrèman, se p ap bandi yo ki pwal nan peyi san chapo, men se ap ankò yon lòt fòm de pwovokasyon, avèk yon lòt fo eleksyon pou kenbe klas peze souse sa an plas. Donk, pa  fatigue w, chak fwa ke w tande ke mounn sa yo ap pale de chanjman, se pwovokasyon pi rèd. 

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES