Awogans...

Se ekperyans sa de yon gwoup ayisyen ki ap viv an Ayiti ki panse ke li plis konprann kriz politik, ekonomik ak sosyal ki ap pase nan peyi an pase mounn ki ap viv nan dyaspowa an. Se vire tounen, nan nenpòt ti deba yon ayisyen ki ap viv an Ayiti genyen ak yon konpatriyòt ki p ap viv nan peyi an, li pran plezi pou l di lòt lan ke li pa konprann reyalite an.

Èske konesans sa, li vle di magouy, dilatwa, ou ki sa li ye vrèman ? Paske mwen pa wè oken rezilta pou nèg andedan peyi an, pou nenpòt ti krik, ti krak, ap frape lestomak di lot mounn pa konprann reyalite. Tout pil konesans sa yo se sèlman rezilta pèsonèl pou tèt mesye dam yo, fanmi ak zanmi yo.

Awogans sa tèlman ale lwoin, mwen sonje an 2009, nan yon ti echanj ke m te genyen nan Palè Jistis ak yon ansyen Pwofesè m nan Etnoloji sou yon zafè pati politik pou dyaspowa an, li te di m: piga ke m pote pil Ayisyen nan faktori yo ba li nan politik peyi an. 

Kòman nou rele sa? Definitivman, li pa gen lòt non. Se yon awogans san limit de yon Pwofesè inivèsitè ki ap viv an Ayiti kont malere, malerèz konpatriyòt ayisyen nan dyaspowa an. Sa yo ki ap chache la vi pou ede tèt yo, fanmi yo ki ap viv kote yo ye an, tankou sa yo ki rete dèyè an Ayiti, yon peyi ki ap dirije pa yon pakèt dirijan ki nil, awogan ak kowonpi.

Awogans tou, se pil konpatriyòt sa yo ki ap viv nan dyaspowa an ki san respè pou anpil mounn onèt ki rete nan peyi an. Mounn sa yo ki chak jou, ap goumen, riske vi yo sou teren an pandan ke yo ap fè anpil efò pou sa chanje an Ayiti. 

Efektivman, gen anpil mounn ki ap viv nan dyaspowa, sitou sa ki manke imilite yo, aprè kèk eksperyans ak etid yo fè nan kèk peyi an Ewòp ak Amerik di Nò, tèt yo konn gonfle. Konsa, pandan ke yo konn ap trete patriyòt an Ayiti yo de gwo kreten, yo konn panse tou ke kriz peyi Dayiti an se yon bagay ke yo kab rezoud byen fasil. Sa se yon fòm dawogans tou kont tout patriyòt ki fè chwa rete nan peyi an pou yo batay. Wi, goumen pou peyi an chanje pou tout ayisyen ki ap andedan tankou andeyò peyi an.

Malerezman, pandan ke anpil gason ak fanm an Ayiti ap frape lestomak yo ke yo konn reyalite peyi an, si se sou rezilta ke nou ap jije, pou sa nou wè ki ap pase la, ta sanble pa gen twòp mounn, sitou nan tèt Leta an, ki konnen anyen nan anyen.

Se menm konsta an tou pou anpil patriyòt nan dyaspowa ki panse ke yo gen monopòl konesans. Sitou pou sa yo ki te gen chans okipe yon pòs politik andedan peyi Dayiti, anpil nan yo konn toujou rive kase dan yo menm jan ak sa yo ki te toujou rete ap viv an Ayiti. Donk konesè an Ayiti, tankou konesè nan dyaspowa, si nou pa k ab bay rezilta, donk, se menm man, parèyman.

Epi, an n  eseye konprann ansanb ak mwoin. 85% resous zimèn n ou plis Ayiti ki ap viv nan dyaspowa an, anpil ladan yo, se nan peyi an ke yo sòti tou granmounn. Se an Ayiti ke yo fè tout etid yo. Se la tou ke yo fè anpil karyè pwofesyonèl tou. 

Pou pil ban n ak pakèt abolocho, volò ki te konn ap fè 6 tounen 9 nan kès Leta, ki vinn ap viv nan dyaspowa kounye an, se nan peyi an ke yo apran n fè koripsyon. Èske se de konnen sa ke mesye dam yo ap pale an? Si se wi, konnen dyaspowa an chaje ak pil nèg sa yo, madanm ansanb ak pitit yo.

An plis, pou 15% kad ou mwoins ki ap viv an Ayiti kounye an, gen anpil ladan yo, gen yon epòk se nan dyaspowa ke yo te konn ap viv. Gen ladan yo ki rantre al blofe ke yo fè etid ak anpil gwo eksperyans. Epi, epi, epi anyen. Donk, kote tout konesans sa ke mesye dam an Ayiti yo ap pale la chita.

Objektif tèks sa, se pa pou m kritike patriyòt ki ap viv an Ayiti yo, ni sa ki ap viv a letranje yo. Kritik ke m ta dwe fè. Kritik ke m anvi fè. Paske, anpil nan elit entèlektyèl, ekonomik ak politik an Ayiti ak kèk nan dyaspowa an se yon ekip sanwont ki wè tèt yo sèlman. Men, se pa jodi an ke m gen pou m pale de sa. Petèt, mwen ap gen pou m fè sa yon lòt fwa.

Anatandan, vrè objektif tèks sa se pou m raple ak gwo konesè sa yo, pwovèb ki di: Ou pa gen anyen pou w bay, ou pa gen anyen pou w di. 

Kidonk, olye pou nou kontinye chita ap frape lestomak nou ke nou konnen tout sa ke nou konnen yo, an nou mete tèt nou ansanb pou bay rezilta pou n retire Ayiti ak tout pèp ayisyen nan sitiyasyon difisil ke yo ap viv jodi an.  Paske pa gen siksè kolektif nan pil chire, tout divizyon sa yo.

An nou rekipere inite 18 me 1803 nan vil Akayè. An nou rekipere menm inite sa ke ayisyen nan dyaspowa yo te fè nan gwo manifestasyon ki te fèt 20 avril 1990 nan vil Nouyòk lan 

Donk, san awogans, ke 85% an, dessann al jwoin rès 15% ki ap viv an Ayiti an. Epi, ke 15% an tou, akeyi yo san awogans. Konsa, mete tèt yo ansanb avèk tout konesans tenik, akademik e mwayen finansye ke yo genyen pou devlope peyi an pou pitit ak pitit pitit yo.

Antan n, pou n atan n nou, se sa zansèt yo, espesyalman Papa nasyon an te konn toujou ap mande.

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES