Lejann di Ayiti te okipe Dominikani: Men se manti

Ayiti pat janm okipe Dominikani, kwak sa, manti sa a kontinye parèt lan liv lekòl sou tou 2 bò zile a. Se tout plezi gouvènman Dominiken an sikile manti a dekwa pou moun lakay li ka konprann Ayiti se yon peyi belijeran pou yo mefye.  Lejann okipasyon an itil dirijan Dominikani yo paske sa pèmèt yo prezante Ayiti kòm yon peyi nwa fewòs. Konsa,  yo monte tèt Dominiken fè yo gen rayisab pou vwazen yo.  Tou lòt jou la a, rayisab sa a parèt lan Lwa  168-13 kote Gran Tribinal Dominikani denasyonalize denyè Dominiken ki  eritye Ayiti.

Sou bò Ayiti a menm, lejann nan fè anpil Ayisyen santi peyi a te tèlman gran, li te menm dirije yon lòt nasyon.  Lejann nan voye n monte kòmkwa te gen yon epòk kote Ayiti te yon gran puisans. Li te puisan tankou sèten peyi ann Ewòp, ann Amerik Santral, ann Afrik ki te puisan lan zòn lakay yo, men ki vin pèdi fil alèkile. Yon ilizyon konsa fè ni mizè peyi a, ni mank enfliyans entènasyonal peyi a pi tolerab.    

Avrèdi, Ayiti se yon peyi distenge pa paske li te kolonize lòt pèp, men paske li te elimine esklavaj pandan li te toupiti piti lan mitan yon pil towo peyi ki te genyen l rayisab. Lè w konsidere sa, se mirak Ayiti la toujou. Depi lè peyi a fèt , se debat peyi a ap debat pou wè si l a egziste. Ewo nasyonal yo fè anpil jefò diplomatik pou wè si yo te ka fè Lafrans, Espay, Angletè, Etazini konprann sèl okipasyon peyi a  se defann ti bout tè pa li a, san li pa menase pesonn.

Menm apre endepandans, rive jis lan ane 1820 konsa, Lafrans pat sispann menase peyi a lagè.  Apre menas sou menas, Ayiti dakò achte lapè lan men Lafrans pou 150 milyon Fran,  yon kòb ki gen valè 21 milya dola jodi a.  Malgre sa, gen istoryen ki arive di, lan menm epòk sa a, Ayiti t al anvayi Dominikani. Dekiprevyen pou Ayiti ta dakò vide kès leta a bay Lafrans pou l evite lagè, apre sa pou l al chèche kont ak Espay?

Malkonprann ki fè moun di Ayiti te anvayi Dominikani se bagay ki bèl vag istwa teritwa a depi ane 1795 rive jis 1844.  Apre Revolisyon Ayisyen an kòmanse an 1791, Espay vire do l.  Li bay Lafrans pati lès zile a an 1795 lan Trete Labasèl.  La a menm, tout zile a vin tounen yon sèl koloni pou Lafrans.  Se koloni sa a ki pran endepandans an Janvye 1804. Depi lè a, tout konstitisyon Ayiti rive jis an 1867, yo tout pale de peyi a kòm Zile Ayiti paske se zile a ki te pran endepandans. Sa klè lan Atik 1 Konstitisyon 1805 kote peyi a se Zile Ayiti. Di Ayiti te anvanyi bò lès la gen menm sans ak di Ayiti te anvayi tèt li. 

Kwak tout ansyen konstitisyon yo di Zile Ayiti pa gen dwa divize, peyi a te gen lenmi ni anndan, ni deyò. Youn nan lenmi Ayiti se te yon jeneral Franse ki te rele Jan Lwi Feran. Misye te gen baz li lan lavil Monte Kristi sou bò lès peyi a. Lè lame Lafrans bay Ayiti legen, Feran refize suiv lòd chèf li pou l tounen  Lafrans.  Fini Desalin fin deklare endepandans an 1804,   Feran pran kontwòl lavil Sen Domeng epi li mande pou moun kidnape timoun sou bò lwès la pou yo vin sèvi esklav.  Sa vin fè Desalin al koresponn avè l lan Lavil Sen Domeng (Santo Domingo). Desalin mete yon anbago sou vil la, men anvan li fin toufe ekip Feran an, Desalin pran nouvèl Lafrans pral atake peyi a sou bò lwès la. La a menm, Desalin sètoblije bay Feran souf pou l al pran swen yon pwoblèm pi grav.  

Lanmò Desalin an 1806 vin kite pwoblèm Feran an san rezoud. Jou va, jou vyen, Feran touye tèt li lè patizan l yo vire do ba li. Pandan 16 ane apre lanmò Desalin, Zile Ayiti vin kase an miyèt moso.  Wa Kristòf dirije lan Kap Ayisyen. Prezidan Petyon dirije  lan Pòtoprens. Yon seri Gouvènè tankou Ramirèz, Iritya, Kindelan dirije youn apre lòt lan lavil Sen Domeng. Okenn lidè sa yo pa janm deklare pati lès peyi a te yon peyi apa.

Sa chanje an 1822, lè Nounèz Kaserèz deklare endepandans zòn lès la kòm yon peyi apa li rele Ayiti Panyòl. Yon pil lòt lidè sou bò lès la rele Bwaye mande l konkou pou konbat Kaserèz ki te vle tounen ak esklavaj.  Ak sipò lidè sa yo, ansanm ak sipò popilasyon an, Bwaye fè patizan Kaserèz yo  bay legen. Se konsa Bwaye re-inifye tout zile a, san esklavaj, jan konstisyon peyi a te mande. 

Bwaye pat janm ni kolonize, ni anvayi bò lès peyi a paske tou 2 bò yo te fè pati Ayiti. Gen istoryen ki malkonprann evenman yo e ki toujou ap akize Bwaye kòmkwa misye te anvayi pati lès la, yon pati swadizan ki te pou peyi Espay. Mezanmi, si Bwaye te fè sa, se kòmsi se deklare li te deklare Espay lagè. Kouman pou Bwaye ta fè bak devan Lafrans pou l al fonse sou Espay? Vrè verite a se Ayiti pat janm anpyete sou okenn tè Espay.  

Gouvènman Bwaye a pèdi popilarite lè li mete taks an plis pou peye Lafrans. Malgre sa, gouvènman Bwaye a ret kanpe jiskaske yon tranbleman tè an 1842 kraze administrasyon l lan. Tranbleman tè, met sou anbago Ameriken, febli gouvèman Bwaye a. Apre dega natirèl sa a, rebèl leve lan tout peyi a.   Yon gwoup opozisyon leve lan sid  epi yo mande refòm. Yon lòt gwoup leve lan lès epi y al pi lwen toujou, yo mande endepandans. Gwoup sou lès la pran pye epi an Fevriye 1844, Wann Pablo Dwate deklare endepandans yon peyi li rele Repiblik Dominikani.

Prezidan Tilè o Zetazini mande pou gouvènman Ameriken an, ansanm ak Lafrans, ansanm ak Espay prese rekonèt Repiblik Dominikani dekwa pou yo ka limite pouvwa moun nwa lan Karayib la.  Ameriken prese rekonèt endepandans Dominikani men yo mize pou yo rekonèt endepandans Ayiti. Se jis 20 ane apre yo fin rekonèt Dominikani, yo arive rekonèt Ayiti. Malgre batay sou batay, ak sipò rebèl yo te jwenn lan men puisans entènasyonal yo, Ayiti pat ka anpeche zile a fann an 2.

Pou lontan apre Dominikani te fin deklare endepandans, pat gen okenn fontyè klè ant 2 peyi yo. Se jis an 1929, sou okipasyon Ameriken vin gen yon fontyè byen defini. Epòk la, fòs okipasyon Ameriken ki te ann Ayiti a se te yon bann moun ki te sot lan sid peyi Etazini. Bri te kouri se blan lan sid Etazini ki pi byen konprann ki jan pou yo fè nèg mache.    Sitiyasyon rasis sa a vin fè fontyè a trase lan anvantaj Dominiken. Lè fontyè a fèt, Ayiti te sètoblije vag Trete Labasèl 1795 lan pou l al ranmase yon ansyen Trete Wizwik Lafrans te siyen ak Espay an 1697.   Lan ansyen trete sa a, Espay te pran 2/3 zile a epi Lafrans te pran rès la.  Trete Wizwik se yon trete ansyen nèt ki pa rekonèt anyen ki te pase pandan Revolisyon Ayisyen an.

Konstitisyon Ayiti yo byen montre kijan peyi a te yon sèl zile ki vin tounen 2 peyi. Konstitisyon Tousen Louvèti 1801 an defini tout zile a kòm yon sèl koloni. Tout konstitisyon ki ekri ant 1805 rive jis an 1849, yo tout rele peyi a  Zile Ayiti.  Soti lan Konstitisyon 1867,  rive lan Konstisyon 1957, tout konstitsyon sa yo pran prekosyon rele Ayiti Teritwa d Ayiti san yo pa sèvi ak mo zile a dekwa pou peyi a pa parèt kòm yon menas pou vwazen l.   Konstitisyon 1987 la, se premye konstitisyon ki rekonèt Ayiti gen yon fontyè ak yon lòt peyi ki rele Repiblik Dominikani.

Repiblik Dominikani se yon peyi ki soti lan Ayiti menm. Jodi a, si  yon Ayisyen ak yon Dominiken te ka trase rasin fanmi l jouk epòk Repiblik Dominikani te fenk fèt ebyen fòk yo ta remake yo se kòt menm fanmi.   Avrèdi, tout fondatè Dominikani yo, tankou Dwate ak Santana, yo tout se ansyen sitwayen Ayiti.

 

Remanye 24 Oktòb, 2013.  Tèks sa a ranplase yon premye tèks Bookmanlit te pibliye an Avril 2010.

 

Referans:

Archibold, Randal C. Dominicans of Haitian Descent Cast Into Legal Limbo by Court. New York Times. October 24, 2013

Baur, John E., Faustin Soulouque, Emperor of Haiti: His Character and His Reign, Academy of American Franciscan History © 1949.

Constitutions of Haiti 1918-1987. Each individually published by the Haitian Government

Derby Lauren. Haitians, Magic, and Money: Raza and Society in the Haitian-Dominican Borderlands, 1900 to 1937. Comparative Studies in Society and History. Vol. 36, No. 3 (Jul. 1994) pp. 488-526. Cambridge University Press.

Gilles, Yvrose. Bicentennial: Haiti's Gift to the World. Davie, Florida.  Bookmanlit, 2004

Louis Joseph Janvier. Les Constitutions D'Haiti 1801-1885. C. Marpon et E. Flammarion. Paris, 1886

Pons, Frank Moya. The Dominican Republic: A National History. Third Edition. Princeton, New Jersey. Markus Wiener Publishers Princeton, 2010. 

Price-Mars, Jean. La Republique D'Haiti e La Republique Dominicaine, Tome I. Port-au-Prince Haiti, 1953

Price-Mars, Jean. La Republique D'Haiti e La Republique Dominicaine, Tome II. Port-au-Prince Haiti, 1953


 

Dr Jerry Gilles 

Bookmanlit 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES