Ayiti retwo nan metwo ki ap fè bak

Lide ki dèyè tit e tèks sa, se eksplike kèlke  rezon ou koz kòman nou fè rive la, nan yon peyi kote tout tan w tande yon pakèt moun toujou ap di: Ayiti pa yo an te pi bon. 

E byen an nou eseye fè yon ti retwo nan metwo peyi sa ki te toujou ap fè bak pou nou k ab konprann kòman sa te ye. E pou ki sa anpil moun te konn toujou ap ankouraje yo, menm si yo pat janm bon. 

Pa egzanp, lòt lan se minis edikasyon nasyonal nan yon peyi kote ki gen anpil timoun ki pa k ab al lekòl. Li ap sòti lakay li nan gwo machin Leta ba li pou l al travay. Li gen pitit li dèyè machin lan li ap mennen nan lekòl Kongreganis yo. Sou wout lan, li kwaze ak plizyè ti gason nan lè klas ki nan la ri ap chache la vi ak yon bwat chany nan men yo chak, sa pa di minis lan anyen. Li twouve sa nòmal.  

Se menm bagay lan tou kote gen yon pakèt ti fi ki ak panye legim ap sòti Fèmat, Laboul, Kenskòf, Petyonvil ap desann sou wout Boudon pou yo al vann. Gen de lè, timoun sa yo konn pi piti ke pitit responsab Ministè edikasyon an. Men sa pa di minis lan anyen pi rèd paske paran ti moun sa yo toujou ap viv an Afrik. E, Desalin pat pran endepandans lan pou yo tou. 

An plis, lòt lan se minis zafè sosyal, pastè legliz, aktivis politik, responsab dwa moun ki ap fè anpil bri nan tout radyo. Yo gen sèvant ki kontwole vant tout fanmi yo. Anpil fwa, madanm yo konn ap trete sèvant yo trè mal. Mete sou sa, pitit gason yo ap, prèske chak jou, abize malerèz lan seksyèlman. Pil gwo lidè sa yo twouve sa nòmal. Sa pa di yo anyen paske yo poko kab wè sèvant lan nan gwo liv dwa moun yo ap li yo ou byen pil vèsè biblik yo ap li yo.   

Gen anpil ak anpil bagay nou ta di, men an nou fè yon ti pale de zafè kou deta nan peyi an. Yon prezidan eli nan yon eleksyon. Yo ba li yon kou deta. Epi ekip moun ki ba li kou deta an, di: pou yo pa vyole konstitisyon peyi a, yo pwale nan Kou Kasasyon pou yo k ab jwenn yon Jij pou ranplase prezidan an. Nou fèmen bouch nou pa di anyen paske nou pa t vote prezidan an. Ou kwè nou serye? 

Ajoute ak sa, depi aprè endepandans an 1804, se yon sèl gwoup moun ki ap jui tout richès peyi a. Se yo sèlman ki gen nan tèt yo sa yo rele kontra sosyal ki se piye Leta nan zafè tout monopòl. 

Yo pa janm fè oken pwogram devlopman. Pa pale de zafè desantralizasyon. Yon sèl bagay, jui privilèj ak vòlè lajan Leta epi al sere nan bank deyò, ak achete gwo kay pou mete fanmi yo viv a letranje. 

Kò m se Ayiti ki ba yo tout posibilite pou yo kontinye ap vòlè konsa, donk yo rete nan peyi an, men pa kote moun sal, moun sòt sa yo ap viv nan katye popilè yo.  

ED'H pa vle bay kouran, biznis pa l. Paske yo gen gwoup elektrojèn pou yo k ab jere pwoblèm sa. E se menm bagay lan tou pou DINEPA ki pa k ab bay dlo nan tiyo yo. Yo sèlman achete kamyon dlo, epi pwoblèm rezoud.  

Leta pa fè wout, yo gen gwo machin pou pwoblèm sa. Li pat diferan tou pou zafe ensekirite an, paske gen anpil nan yo ki te plen polisye ki ap pwoteje yo. San konte, yo gen konpayi sekirite tou. Pwoblèm ak masak se nan katye popilè anba nan zòn pòv ke yo tande sa.  

La vi vin chè pou malere ak malerèz, kite mele yo. Paske yo pa vrèman konsome lokal. Se Sendoneng ak Florid yo al fè makèt. Sa pa regade yo ke la tè pa k ab pwodui ankò. Pil pale anpil ki ap plede fèt sou kesyon pwodiksyon nasyonal lan se zafè nèg sosyslis yo. Sa pa gade gran nèg tankou yo. 

Se nèg nasyonalis yo ki gen foli ap plede pale de konstui inivèsite, lekòl segondè ak pwofesyonèl pou edike jenès lan. Pitit yo pap viv nan peyi an, donk sa pa gade yo. Yon sèl chanson chak jou, kite peyi yo mache. 

Yo vòlè lajan pou te rekonstui lopital jeneral la. Se pa pwoblèm paske si yo malad yo plen kote nan lòt peyi etranje ke yo k ab al pran swen. Donk, ti Doktè nan lopital jeneral yo te mèt fè grèv maten, midi, swa. Se fanmi ak zanmi yo ki ale nan vye lopital sal sa. Si yo refize fè l mache, bagay ki gade yo. Se yo ki ap pèdi. 

Lòt lan chita ap pale de yon lòt Ayiti posib. Vire tounen se yon diskou de touris lokal. Yo menm, se a letranje ke yo fè touris. Se menm bagay lan tou pou zafè envestisman. Se kay vwazen ke yo envesti pil kòb ke yo finn vòlè nan peyi an.  

Kòm se lajan sèlman yo ap fè nan peyi an, konsa, yo pa gen tan pou yo ap swuiv sa ki ap pase otou de yo. Pandan tan sa, se fristrasyon ki ap devlope tout kote. An plis, nan peryòd eleksyon, yo mete gwo zam fann fwa nan men yon pakèt jenn nan katye popilè yo.  Ki pi devan vin tounen gwo bandi ap mache kidnape, vyole, mete dife ak touye moun nan tout peyi a.

Epi, boum, bagay lan eklate nan figi yo. Jodi an pa vrèman gen yon kote nan peyi a ki pa gen bandi ki ap fè dezòd. 

Donk, si nou pa chita ansanb pou rezoud sa ki ankò posib pou rezoud yo, pita kapab pi tris toujou paske sa ki ap prepare nan laboratwa peyi etranje yo se yon gè sivil ki malerezman kapab debouche sou yon jenosid. Mwen pa vle yon pwofèt de malè. 

Mwen ta prefere pito m se yon pwofèt de pè. Donk, mwen swete anvan ke li two ta, tèks sa rive anba zye anpil moun ki konn li tankou ak otorite ki gen posibilite pou chanje sa.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES