Lèt tou louvri pou minis levasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la

0
863

Mesye Nesmy Manigat

Minis Levasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl

Nan biro li yo.-

 

Motif: Pèmèt ansèyman ak ekzamen lekòl klasik ak pwofesyonèl yo fèt an kreyòl

 

Mesye minis,

 

Mwen salye ou, an menm tan felisite jefò w ap antreprann nan zafè lang kreyòl nan levasyon elèv yo.

 

Epi mwen pwofite pou m atire atansyon ou sou yon dosye ki enpòtan anpil  pou peyi-a. Divizyon n ap viv lakay nou prepare epi koumanse depi sou ban lekòl nan zafè 2 lang ofisyèl sa. Kijan m ka eksplike sa ? Antanke Ayisyen tout rèv nou jwenn lè n ap dòmi se nan lang kreyòl nou jwenn yo, nou gen 90 pousan elèv nou yo k ap li, k ap ekri epi repete yon bann mo an franse yo pa janm rive konprann vrè sans mo sa yo, e sa konn koz yo echwe nan ekzamen. Nan tout peyi ki devlope nou wè yo anseye e fòme moun yo nan lang manman ak papa yo avan yo aprann yon lòt lang: Ris pale ris, Franse pale franse, Angle ak Ameriken pale angle, Espanyòl pale espanyòl… Men nou menm, kisa ki anpeche nou fè menm jan ? Pou kisa lang franse sa menm? Opwenke sa vin mete yon van divizyon kote kèk Ayitien ki ka di 2 mo franse panse yo pifò e menm siperyè lòt yo, poutan se yon ilizyon. Tandiske tout moun avize konnen yon lang se yon mwayen pou pèmèt ou kominike. Ou imajine ki tò lang franse sa fè ak peyi a?

 

Donk, antanke yonn nan sitwayen konsekan peyi a mwen ekri ou pou mande w pèmèt ansèyman ak ekzamen nan lekòl klasik ak pwofesyonèl yo fèt an kreyòl pito. An atandan Akademi kreyòl ayisyen an ansanm avèk yon komisyon k ap la pou tradui liv (manyèl yo) an kreyòl, tanpri m ap mande w pou w otorize kou yo dispanse an kreyòl pou fasilite konpreyansyon tout elèv yo menmsi pi fò liv yo se an franse. Pandan w ap nome nan lekòl piblik yo an menmtan ankouraje nan lekòl prive yo  plis snseyan lang kreyòl. Aprann elèv yo produi an kreyòl tankou matematik, elokisyon ak disètasyon an kreyòl. Pou tranzisyon sa a fèt an dousè; ou t ap pèmèt nan 2 pwochen ane akademik la, egzamen ofisyèl yo fèt an franse e an kreyòl, donk se elèv la k ap chwazi nan ki lang l’ap konpoze. Aprè peryòd sa a tout egzamen yo ap fèt sèlman an kreyòl.

 

Mwen espere w’ap fè suivi sou sa. Menm jan ou te pran desizyon pou tout elèv piblik yo mete yon sèl inifòm sou tout teritwa nasyonal la, konsa m ta renmen  ou inifòmize ansèyman an kreyòl se t ap vrèman yon gwo eksplwa nan sistèm levasyon nou an.

 

Pou ou pi byen konprann demach la m envite ou li:

  1. Ansèyman nan lang manman n ak papa n koumansman grandè Ayiti, pibliye 20 desanm 2022, Le National.
  2. Lèt tou louvri pou PM Ariel Henry, pibliye 24 janvye 2023, Le National.

 

Deja, m ap remèsye w pou dilijans ou pral fè pou w mete tout lekòl yo sou yon sèl vitès nan peyi a, lè sa a se ap jistis pou tout nasyon an.

 

Mèsi

 

Ruben Sanon

sanonruben@yahoo.com

Pòtoprens 2 jen 2023

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES