Lèt yon ouvriye nan Zòn franch Wanament pou Leta ayisyen

Mouche Leta ;

         Nan non papa Desalin ki te mouri pou ban nou ti moso zile sila, nan non tout pitit sòyèt parèy mwen yo, sou rekomandasyon diyite m ak pèsonalite m, sou presyon renmò ak laj, mwen deside adrese w lèt sa jodi a.

Mwen se yon jèn ouvriye k ap travay nan zòn franch Wanament lan. M pa pitit gwo zouzoun e ni m pa soti nan fanmiy lajan. Kidonk, non m pap ka demoute moulen w, men depi m di w ouvriye, sa deja di w kilès mwen ye. Jodi a mwen chwazi ekri w lèt sa pou m di w mèsi pou demach ou fè pou m te ka rive ouvriye apre 4 lane etid inivèsitè.  

Mwen  gen 30 lane. Mwen soti nan yon seksyon kominal yo rele Savanolèt, pou m pi klè, nan abitasyon Mazanbi. Yon zòn kote vwayaje se moute kalvè pou chwal ak bourik. Manman m se yon ti madan sara lapousyè granchimen pa sispann pafonnen, nan mache pwomennen ti sak chabon, ti grenn zoranj si, ti rejim pengwen nan bouk Wananment.  Chak granm maten, depi bajou kase, se ak lawouze li tanmen konvèse. Papa m menm, se yon kiltivatè ki travay kou bourik. Leve douvanjou pou rantre tilanjelis. Lè m timoun piti, m konn pase yon jounen antye san je m pa kontre ak papa m. Paske lè l antre sot nan jaden, pafwa m deja sou 3e somèy. Ou se Leta, ou deja konprann.

Manman m ak papa m pa konn G-A=GA nan fèy malanga.  Yo pa ka travay nan biwo e ni yo pa gen biznis. Sa vle di, si papa m konn kenbe bik, ta sanble se wou ak manchèt. Malgre sa, yo te fè levasyon ak ledikasyon tout pitit yo, fason yo kapab. Pafwa manman m sot nan mache san yon godèt diri, men lajan lekòl la mare anba 7 kout kòd anndan tabliye l. Bon rekòt isi se kout chans, si lanati souri. Lè lapli pa tonbe, yo oblije pran kout ponya nan arenda lajan nan men moun pou voye n lekòl. Kòm yo di lekòl se chimen lavi a, yo te pito bliye tèt yo pou yo mete n sou chimen sa. Men se ki lavi posib nan Peyi n ?

Lè m desann setifika (6e ane jodi a), mwen menm ak ti sèm nan te oblije desann nan bouk la pou vin kontinye etid nou nan 6e segondè (7e ane jodi a), nan Lise Kapwalanmò. Kòm li te gen mwens laj pase m, li te nan maten, mwen m te nan apre midi. Demal pou nou, ti bourik manman m t ap fè komès la te fè yon fopa epi pye l te donmaje nan pandyòs wout bò biwo kazèk la, kote gwo zotobre yo konn vin fè reyinyon kandida yo a. Kidonk, se nan tèt li, li t ap degaje l ak kèk ti bout sak. Sak pi rèd la, lapli vin pa tonbe, karenm kanpe, jaden pa bay. Me mwa oktòb tanmenm pou n ale lekòl. Yo te oblije fè yon sèl inifòm pou nou 2  : yon jip plise gri ak yon kosaj ble. Pafwa, lap relache vè inè nan apremidi, m ap tanmen gen kou nan menm lè a. M pa bezwen di w. Lè konsa, mwen oblije penyen, benyen, mete kilòt, jipon m, chemizèt ak soulye pou m tann li. Vini l vini, m tou foure jip la ak kosaj la sou mwen. Solèy cho, li pa gen kòb pou peye taksi e l ap mache vit pou m gentan trape rad yo nan lè, m pa bezwen di w kijan kosaj sa tranpe ak lasyè.Ou konnen m se ti fi, mwen te toujou santi m mare ak kòm. Men sa pat anpeche m bat bèt. Motivasyon m pou aprann te pi gran pase enkyetid sikonstans yo te pwodui lakay mwen. Lekontrè, sa te plis motive m. M te bèl timoun, byen kanpe epi anfòm, san repwòch. Men lajan gason pa te fè m fè tenten.

Apre anpil kalamite ak imilisyon lakay fanmi ak nan men lavi a, mwen te desann Filo.  M pa bezwen di w ki eksplwa sa te ye. Manman m te tèlman kontan, zany te danse nan tèt li. Lejou, papa m resi chome epi koule yon galon kleren ak zanmi l yo. Pitit fiy yo Filozòf ! Lè yo panse pòt syèl la ta pra l ouvè, poutan se te lanfè ki t ap souri. Pou mizè paran m pase avèk mwen, m te toujou di fòk m leve eskanp figi yo. Dayè pwovèb la di : bourik fè pitit se pou dol poze. Podjab ! m te bliye si m se pitit soyèt nan Peyi Dayiti.

Kòm mwen te renmen Sikoloji anpil, nan lane ki vini, m al konpoze nan konkou pou m antre nan inivèsite Leta. Se te nan Kampis Anri Kristòf Limonad la. M te yonn nan loreya yo. M te pase 5 lane olye 4 akoze grèz pasipala. Se lè sa m konnen mizè. M konn pase yon jounen ak yon nuit won san je m pa fèmen paske fòk m bat bèt, epi san goute djo disèl ankò. Pafwa se djo sik ak pen ki sèvi m sewòm pou m kanpe. Men mwen te toujou pase tout kou jiskaske m tèmine etid inivèsitè m.

Lè m fini, fòtadi se pòt paradi ki ouvè pou fanmiy lan. Yo panse m ta pra l simen lajantri. Yon rigòl lakontantman kouri nan je manmanm tankou son wobinè ki pete ak tout presyon. Kounye a , m retounen lakay ak espwa ke m pra l antre nan biwo nan yon ti kras tan. 6 mwa pase, anyen pa pati; yon lane koule, nadmarinad, 1 nan edmi tanmen, pwatann pi rèd. M depoze CV pase sa m pa konnen. Gen plizyè nèg gwo kòlèt ki pwomèt mwen travay men anba dèyè m pa diplòm. Lè w tande yo k ap pale pou yon lòt Ayiti, fòtadi se papa Desalin ki leve. Poutan lamoral ak nèg sa yo se lèt ak sitwon.  Mwen te toujou di pou sakrifis m fè pou m rive la, m pap oze vann diyite m pou djòb. Se konsa, lè m gade se paran m ki pou banm lajan pou m achte menm yon bwòs dan, apre tout tray yo fin pase avè m, m deside pran yonl lòt opsyon. M fè demach pou m antre nan Zòn Franch Wanament lan (KODEVI) pou ma l travay kòm ouvriye sou machin. Ou twouve sa imilyan ? Enben, sa fè 2 zan depi m ap jene ladan l.

Malgre tout prekosyon m pran, wa sezi tande lajanm ekonomize pa ase pou achte 2 bwat konprime si m ta val lopital. Chak jou, fòk w ap leve bònè, pafwa bandi vyole anpil nan nou. Dye mèsi m poko pase tray sa. Pafwa, m ap reflechi, dlo kouri nan je m. M santi m strese, dezekilibre. M konn menm ap mande tèt mwen eske memwa m pa fòmate. Nan sitiyasyon m ye la m plis sanble ak moun ki bezwen yon sikològ. Ala tray pou pitit sòyèt !  M wè twaka nan kondisip mwen yo la tou. Anpil nan yo te entèlijan, ap fè gwo mwayèn, men yo abandonnen lekòl paske pa gen Leta ki pou voye je sou yo. Yo gen volonte pou yo vanse se vre, men ak ki ankadreman ? Se bouche nen w pou bwè dlo santi. Isit, se toutotan w gen lasante. Kon yo fin pije w, yo voye w jete deyò; si w gen chans, ya ba w yon ti kaka monnen. Toujou mete w nan kondisyon pou w nan nesesite... Ou menm Leta, sa pa gade w, lekontrè se nan batay pou w mete 10 goud sou ti grabday n ap touche a. Se pati pa w ki enterese w. Olye nou jwenn ti kichòy anplis, yo pito keyi nou ak bal tankou zatolan sou branch bra.

Mouche Leta, mwen kwè w li oubyen w tande, mouche Leta. Ou konnen se nan poz mwen ye nan travay la, kidonk m pa ka rantre an reta, si non y ap revoke m. malgre sa, se sa ki sèl espwa m. Anvan m antre, kite m poze w kèk kesyon: Eske m pa ka itil peyi m ? M te bezwen pase 4 lane nan linivèsite pou m te vin ouvriye  k ap travay 5 000 goud chak 15 jou ? Eske se pati pou m pati kite peyi a pou m rive fè bonè m ? Kisa valè reprezante pou nou pa bò isit ? Kijan jèn ka fè avni peyi a si nou kangannen tout jefò y ap fè ? kijan n santi nou lè pitit sòyèt ap pase tray konsa pandan n ap piyafe sou do yo ? Sin sispann krache sou diyite nasyon an nan fè bèl diskou san konviksyon pou n panse vrè pwoblèm peyi a, sa ap anpeche nou moun ? Ki mòd Leta ou ye menm ? Ou mande pou mal lekòl, male jiskaske m gen diplòm, kounye a kisa m dwe fè ? Pran zam ? Kite peyi a ? M ap raple ke se pa ladesann yo banm sou ti bout tè sa : Ayiti se pou nou tout. Se swa l pa bon pou nou tout oubyen l bon pou nou tout !

 Serge BERNARD, Rapòtè.       

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

12 COMMENTAIRES