Drapo m, se mòso twal ble ak wouj sa ki fè m konnen ke m egal ak ou, men m lè ou refize konn sa.
Drapo m, se mòso twal sa nan dat 18 me 1803 zansèt nou yo te kite pou ou e pou mwen.
Drapo m, se mòso twal sa ke w kontinye ap mache sou li jan w vle, lè ou vle.
E ou menm envite moun ki pa renmen nou vin sapata ak pilonnen li tou, chak fwa yo vle.
Drapo m se mòso twal ble ak wouj sa ki fè fyète nou kòm pèp. Se 2 mòso twal sa m ta renmen wè ap flote jodi an tout peyi an tankou nan Plèn n ak nan Matisan. Men malerezman nou tèlman divize nan defan n ti enterè pèsonèl, nou kite se bandi ki ap deside ki drapo ki pou monte, e ki bò pou li monte.
Drapo m se manifestasyon ak mobilizasyon sa ki genyen lakay chak grenn ayisyen ki pa bandi ak zam ou ak kostim ki ap goumen pou peyi sa chanje, e kèlke swa kote ke yo ap viv sou planèt la.
Fèt drapo m, se pa sa yon apatrid ki fin bay zam nan katye popilè pou nou touye youn lòt, epi kounye a vin ap mande pou n vin selebre fèt drapo ak li kay Tonton Sam. Apatrid sa, pa konprann senbolis ak enpòtans fèt sa.
Fèt sa twòp enpòtan pou nou, pou n ta kite yon imoral, awogan, kowonpi ta vin kontinye ap di betiz, fè betiz, epi pase peyi an nan betiz.
Ou pa kapab nan alo tès, alo tès, ap akòde jodi an, epi w pral dezakòde demen maten. Si se sa w te konn fè, epi ou kontinye ap fè, ou pa vrèman jan m konpran n sa zansèt nou yo te vle fè 18 me 1803.
Erezman gen patriyòt ki ankò konprann peyi sa ak drapo li. Donk bòn fèt drapo ak yo tout.
Bòn fèt drapo ak ou menm ki pat siyen move akò sou do pèp la
Bòn fèt drapo ak ou menm ki pat distribiye zam nan katye popilè yo
Bòn fèt drapo ak ou menm ki pat volè kòb Petro Karibe a.
Bòn fèt drapo ak ou menm ki p ap vòle, vyole ak touye moun
Bòn fèt drapo ak ou menm ki ankò kwè nan senbolik 18 me 1803 nan Akayè.
Ochan pou ou Papa Dessalines
Prof. Esau Jean-Baptiste