Kisa tout peyi lemonn ta dwe peye Ayiti kòm dèt Ayiti

Gen yon ankèt jounal Nouyòk Tayms (New York Times)  fèk met deyò  ki relanse gwo konvèsasyon sou jan nou rete kwè aklè dekisèt longè peyi etranje rantre nan listwa ki make fondasyson nasyon Ayisyèn nan. Espesyalman dosye dèt lendepandans lan kote Lafrans dechèpiye kès peyi a nan lane 1823  swadizan paske yo fè anpil pèt byen yo te posede, e yo mete esklav yo nan lis byen yo genyen yo pèdi yo.  Men entèvansyon peyi etranje ki depafini  Ayiti yo pa t sèlman bout nan lane 1823. Jouk jounen jodia,  enjistis sa ap kontinye.  Jou la jou pou Ayiti  ta rive jwenn yon ti bren jistis pou sa ki pase nan listwa li epi wè yon lakansyèl  lapè pou timoun ki ap vini yo, se jou peyi tankou Etazini ak Lafrans ta deside  koumanse chanje fason yo trete Ayiti nan tan nou ap viv kounya la.

Jounal  Nouyòk Tayms (New York Times) pran san li pou li detaye manman lajan dèt peyi  Lafrans kase ponyèt Ayiti pou pran apre peyi a te fin pran lendepandans li. Atik jounal la bay detay sou lajan ponya Ayiti peye ak anpil vèsman sa ki ta ka kalkile nan jou sa yo ak yon montan 21 milya 115 milyon dola meriken  ki lakoz Ayiti kontinye dodomeya nan lamizè ak enstabilite pandan 200  lane pase yo. Ankèt sa yo bay detay sou jan lame Blan Meriken te transfere an gwo ponyèt 50000 dola nan fòm lò ki te nan Bank nasyonal  pou ale ateri nan Sitigwoup (Citigroup) an 1914 nan eta Nouyòk (New York) san konte  19 lane lokipasyon amerikèn yo ki te kontinye an grann pati akoz gwo presyon gwoup finans Wòlstrit (wall street) t ap bay.

Ayiti genyen yon dosye legal djanm ki bay posibilite pou fè li mande restitisyon ak reparasyon pou zak kase ponyèt ak panzouyis  yo fè sou li. Ayiti te reziye li siyen kontra dèt sa an 1823 paske Lafrans te pake gwo bato lagè sou kot peyi dAyiti epi fè  gwo menas pou te anvayi Ayiti epi remete peyi a nan lesklavaj. Retounen ak  lesklavaj te yon zak ilegal nan moman an,  alòs kontra dèt la tou te ilegal. Menm jan tou pou Sitigwoup (citigroup) ki te gen bèl kontra pou jere prè  Ayiti a, nan konvenk peyi Etazini pou anvayi Ayiti, ta dwe fè fas ak plent pou remèt lajan pwofi ki fèt nan magouy ak kout mal taye.

Men listwa montre jan peyi Lafrans ak Etazini epi lòt peyi ki bati fòtin yo ak pwosperite  yo sou do  lesklavaj ak apovrisman peyi Dayiti yo pa vle lage peyi a yon may pou yo kite peyi a chache wout lajistis.  Kantite lajan Lafrans dwe Ayiti a, se pa yon ti dèyè monnen, men se pa sa sèlman pou nou gade. Si desandan ayisyen yo te fòse peye pou endepandans yo ta genyen pwosè restitisyon sa, sa ka louvri lavwa a yon bann lòt dosye reparasyon ak restitisyon pou lòt desandan moun ki te pase anba tray zak maspinay lesklavaj ak biznis esklav.

Sèl grenn fwa peyi Dayiti te mande restitisyon tout bon vre, sa te lakoz peyi Etazini ak Lafrans te reyaji ak yon koudeta sou gouvènman peyi a. An 2004, prezidan Jean Bertrand Arisitide te ap prepare dokiman li pou lanse dosye pou eksplike piblikman ki kantite lekòl, inivèsite ak lopital lajan restitisyon an te ka finanse. Thierry Burkard ki te anbasadè peyi Lafrans an Ayiti nan epòk la te eksplike aklè bay  jounal Nouyok Tayms (New York Times) jan 2 pouvwa sa yo te manniganse yon koudeta  kont Aristide, ki te senplifye travay la pou nou, pou fè Ayiti retire zafè demann  restitisyon sa nan tèt yo.   Gerard Latortue ki tap viv nan Florida, nan Etazini  te vin sou pouvwa kòm Premye Minis epi  te imedyatman renonse ak demann restitisyon a.

Gouvènman ki la kounya, pa sanble sou zafè pou ta mete li nan bò sitwayen peyi a, men pito fè kòkòt ak figawo ak  Wachinntonn (Washington) epi Pari (Paris). Premye minis defakto Ariel Henry ki te enstale an Jiyè 2021 pa atravè yon pwosesis ayisyen, men pito atravè yon mesaj nan laprès Kògwoup (Core group) te bay ki se yon gwoup gouvènman etranje ki angaje nan politik Ayiti epi  ki gen alatèt  yo peyi Etazini ak Lafrans.  Etazini kontinye ap pote Ariel Henry sou do li depi lè sa, malgre enplikasyon li nan zak koripsyon aklè epi move jesyon lajan peyi a, san konte  enplikasyon li nan zak sasinay sou Jovenel Moise epi  makonnay ak gwoup gang ki ap britalize popilasyon an. Pa gen lontan sa, Prezidan Biden sot byen akeyi Premye Minis Ariel Henry nan somè amerik la ki te fèt nan Lòsanjelès (Los Angeles) pandan li te refize pou li te aplike menm estanda demokratik li te envoke pou pa envite lidè peyi Venezwela, Nikaragwa, ak Kiba (Venezuela, Nicaragua, Cuba).

Genyen yon gwo pati nan sosyete Ayisyèn nan ki pa sispann mande pou Ariel HENRY demisyone. Ayisyen yo pran lari Pòtoprens pou pwoteste devan palè nasyonal la, men yo chwazi ale devan anbasad peyi Etazini ak Lafrans epi katye jeneral Nasyonzini paske yo konprann se la pouvwa Ariel Henry soti. Antretan yon kowalisyon istorik sosyete sivil la vini ak yon vizyon tèt kole pou yon lòt Ayiti. Preyanbil akò Montana a ki se fondman dokiman sa pou cheche yon solisyon ayisyen nan kriz la epi pi bon inisyativ pou ranplase Ariel Henry ki  se yon deklarasyon endepandans anba kontwòl peyi etranje yo epi yon revòlt kont represyon nan peyi a.

Moun peyi Etazini ak Lafrans ki demèplè ak jan gouvènman yo malmennen peyi Dayiti depi 1823 epi 1914 ka deside angaje nan yon batay nan lane 2022 a. Yo ka koumanse ensiste pou gouvènman yo sispann pote gouvènman Ariel Henry sou do yo  epi ede pou jwenn yon solisyon pou soti  nan kriz politik la.   Lè ayisyen fin vote pou lidè yo, sipòtè Ayiti yo ka kontinye rete angaje pou ensiste pou gouvènman etranje dakò pou gouvènman ki pase nan eleksyon yo pou yo ka fini manda moun ba yo nan vòt yo. Menm si manda sa ta gen ladann demann pou peyi Etazini ak laFrans ta remèt sa yo pran nan move kondisyon nan men Ayiti.

Mario Joseph se direktè Biwo Avoka Entenasyonal yon biwo avoka  enterè piblik nan potoprens depi 1996.  Nan epòk sa yo, li te responsab pouswiv kèk diktatè aysyen,  li te reprezante viktim  masak Raboto nan tribinal epi viktim kolera yo ki se yon epidemi ki te rantre akoz neglijans sòlda nasyonzini ki te lage matyè fekal nan larivyè.

Beatrice Linstrom se yon pwofesè klinik dwa epi li se yon pwofesè nan lekòl dwa Avad (Havard) kote li te anseye pledwaye dwa moun epi li jere pwojè nan Klinik Entènasyonal Dwa Moun. Avan li te ale nan Avad li te direktè legal nan Enstiti pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti.

 

  (Tradiksyon pa ofisyel)

Mario Joseph ak Beatrice Lindstrom

ki ekri atik sa

29 jen 2022

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES