Èske se vre dyaspora an pa konprann sa ki ap pase an Ayiti?

San ke m pa vle rantre nan yon polemik ant Ayisyen ki ap viv an Ayiti ak sa yo ki ap viv nan dyaspora, an nou fè yon ti klarifikasyon sou kesyon sa ki vini yon obsesyon pou yon pakèt entèlektyèl nan peyi an.

 

Gen lontan ke m ap tande bagay sa nan bouch mesye dam an Ayiti yo. Nenpòt ti diskisyon w ap fè ak yo sou pwoblèm peyi Dayiti, yo di w, dyaspora an pa konprann sa ki ap pase nan peyi an. Kòm se prèske toujou konsa konvèsasyon yo toujou fini, ansanm, an nou eseye konprann kesyon an. 

 

Anvan tranbleman tè 2010 lan, rechèch yo te bay  85% resous zimèm peyi Dayiti ap viv a letranje. Nan sans sa, pa gen twòp ki rete. Se sèlman 15% ki te rete an Ayiti.

 

An nou di, nan 15% ki te rete an, gen ladan yo ki mouri nan tranbleman tè an.  Epi nan rès lan, sa ki gen viza yo te oblije kite peyi an imedyatman. Ladan yo genyen ki te retounen. Men, ki gen pat retounen. Donk baze sou sa, chif 85% dyaspora an te vin  ogmante, epi 15% an Ayiti a te diminye tou.

 

Lòt konsiderasyon

 

An nou di 85% e plis resous zimèn sa k ap viv nan dyaspora a, anpil nan yo, se an Ayiti yo sòti ak tout pil konesans yo sou Ayiti. Donk mwen panse  yo te konprann reyalite peyi a, e jounen jodi a, yo kontinye konprann li. Depi ki lè yo vin  pèdi tout sa yo te konnen sou peyi a.  Sitou nan yon epòk kote teknoloji a tèlman avanse.  Jodi a, li pran sèlman kèlke segond pou nouvèl yo fè tout tou mond lan.

 

An plis sa, an nou di  rès 15% ki ap viv nan peyi an kounye a, gen ladan yo se nan dyaspora a  yo te ye anvan. Swa  lè yo te nan dyaspora a yo te toujou konprann reyalite peyi a. Ou byen  yo pa t konprann li ditou. An nou di yo pat konprann li. Donk sa ki fè  yo vinn konprann li aprè yo retounen Ayiti. Èske se lè yon moun  ap viv an Ayiti sèlman  li kapab konprann pa gen otorite nan peyi an?

 

Èske se paske anpil moun k ap viv a letranje yo rive rezoud pwoblèm grangou ki fè  yo kapab konprann pwoblèm mizè pèp sa pi byen pase anpil lidè an Ayiti ki gen madanm, ptitit, frè ak sè yo nan 85% nan dyaspora an. 

 

An pasan, mwen p ap pale de sa yo ki ap voye zam pou simen dèy nan peyi a.  Moun  sa yo, mwen swete jistis nan peyi kote yo ye ap viv la, ba yo sa yo merite kòm sentans.    

 

Brèf, an nou di tout sa m di yo la fo. An nou di tou mwen gen tò. Se mesye dam Ayiti yo ki gen rezon. Se yo ki konnen Ayiti. E ke dyaspowa an pa konpran n yon mèd de sa ki ap pase nan peyi an. Eben, si yo konnen l tout konnen sa, pou ki sa yo pa ranje l.

 

Pa jije pou yo pa jije w. Kòman w fè gen kouraj pou w di  moun nan dyaspora an pa konprann Ayiti. Alòske, lè yo te ap viv ansanm ak ou nan peyi a, yo te konn ap plenyen  move fonksyonman Lise Petyon, Fakilte Etnoloji elatriye. Yo te konn ap plenyen lavi an ki chè. Koripsyon nan biwo prive tankou ak Leta. Yo te konn ap plenyen tou pou pwoblèm nan zafè sante. San konte  abi makout ak militè te konn ap fè sou popilasyon an. Pa gen travay, pa gen wout elatriye. Se de sa yo ke yo te konn ap plenyen ou goumen pou yo chanje ansanm ak ou. 

 

Jodi an, sa ki pat bon yo te konn ap goumen pou chanje yo vini pi mal. Si ou pa nan ekip moun ki ap di ‘’kite peyi m mache an’’, donk mete tout konesans ke w di w genyen yo o sèvis peyi w pou chanje jan pèp lan ap viv.

 

Paske pwoblèm peyi Dayiti se pwoblèm tout Ayisyen. Ke w deyò, ke w andedan. Plen Ayisyen ki konnen ki ap viv an Ayiti. Menm jan tou gen anpil Ayisyen ki gen anpil gwo konesans ak ekperyans ki ap viv nan dyaspowa an. An nou mete tèt nou ansanm pou nou sove peyi sa. Paske anpil konesans pa vle di anyen si nou pa kapab itil tèt nou, zanmi nou, fanmi nou, kominote nou, peyi nou, e finalman tout rès mond lan.

 

Li pa nesesè, pou w genyen, 

pou w genyen 

Si sa w genyen an ou pa fè byen ak li. (Chante Tabou Konbo nan mizik 10 mas 82)

 

Pou fini, m ap di, si jodi an mwen pase 30 minit ap pale Dayiti ak ou, se paske m gen plis pase 40 tan ap goumen pou l chanje. Donk lè ou di m pa konprann Ayiti, se pa 30 minit konvèsasyon an ou kritike, se yon konbatan ki gen plis ke 40 tan ou kritike. Se yon ansyen nèg Bel-Air, ansyen elèv Lise Petyon ak Fakilte Etnoloji sou Divalye ou di ki pa konn peyi an. Mwen se youn nan 85% an.  E mwen se youn nan yon gwo pousantaj Ayisyen ki vle Ayiti chanje pou tout moun n paske se pou koz sa mwen toujou ap goumen.

 

Si Konstitisyon 87 lan mete Ayisyen ki nan dyaspowa yo deyò nan zafè politik peyi a, sa pa vle di Ayisyen a letranje yo se etranje pou Ayiti.  Pou ti krik, ti krak, dyaspowa an pa konpran n sa ki ap pase an Ayiti.  Li lè pou bagay sa fini.

 

Si nou konnen l konsa, chanje l pou kont nou.  Men, kòm nou pwouve  nou poko kapab fè l, donk an nou mete ansanb pou nou fè l. Paske men anpil, chay pa lou.

 

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES