De naje pou n sòti ak naje nan pisin ki pa gen dlo

Yon zanmi ki se zanmi lòt moun m te pale nou ki te fè dine an blan semèn pase a, te rele m yèswa byen ta. Silvouplè, pran san nou pou n li konvèsasyon nan telefòn m te gen ak misye.  Epi n ap konprann eske nou oblije kontinye kite peyi a ap mache jan li prale la a, ou byen pran lari pou n chavire chodyè an yon fwa pou tout.

Fòk mwen di n, gen kèk jou m wè misye ap eseye rele m. Men, mwen pat vle pran apèl la paske misye se menm kategori moun “kite peyi m mache yo”. Paske li gen mwayen poul achte envètè pou l kapab rezoud pwoblèm kouran nan katye kote ke l rete an, donk kite mele l ke Ed’H pa bay kouran.

Misye rete nan yon gwo kay ki bati nan mitan yon pakèt lòt ti kay nan zòn lan.  Misye ap travay nan Leta.  Lè Leta poko peye, li fè madanm li rele fanmi li ki nan dyaspora a pou voye lajan.  Konsa, misye pa bay lòt moun yo ki rete nan katye an regle anyen pou li.  Kòm misye toujou ap brase ak yon ansyen onorab ki vin pi dezonorab pase lè li te nan Palman an, donk li toujou gen galon plen gaz lakay li pou l ap vann an detay.  Lè li pa fè magouy nan zafè gaz, li nan moun ki ap fè chantaj ak pouvwa ki la kounye an.   Li pa jan m vle dòmi deyò.

Se sa k fè mwen te mete misye nan lis kanpe lwen paske li nan ekip moun ki demanbre peyi an.  Gen yon pawol ki di, di m kiyès ou frekante, m ap di w kiyès ou ye, donk o tan ke m kapab, mwen eseye rete lwen ni misye, ni nèg ki te fè dine an blan. Mesye sa yo, se mizisyen Palè.  Kounye an se mizisyen nan Primati yo ye.

Mwen plis rete an kontak ak moun ki ap travay pou remanbre peyi Dayiti. Mwen pran pozisyon m. Mwen pa fè ekip ak ekspwlatè. Mwen santi m plis alèz kote m ye an.

Men tankou m di nou, kòm mwen wè misye te ensiste ap rele m, finalman, kont mwen menm, mwen te deside pran apèl la. Ou pa janm konnen, gendwa se te yon ijans. Sitou misye te chwazi rele m trè ta nan aswè.

Lè m pran apèl la, mwen wè vwa misye pa sanble yon moun ki gen pwoblèm, mwen mande misye sa ki pase, pou ki sa se toujou trè ta nan aswè ke w chwazi rele m?

Li reponn, avèk plan entènèt ke l genyen an, li pi fasil pou kominikasyon an pase aswè.  Mwen di misye, se sa ke m wè, kominikasyon an pase klè kou dlo kokoye.

Epi, mwen di misye sa ki pase, pale ak mwen. Eske gouvènman an tonbe? Yo pa jwenn non w nan lis moun Petwo Karibe yo. Ou pwal kandida? Ou resi pase nan opozisyon? Mwen presize, pa opozisyon ki san pozisyon nan batay politik la e ki toujou nan opozisyon ant yo. Mwen mansyone pou misye, mwen te vle di èske w pase nan kan moun k ap goumen pou pèp lan?

Mwen te anvayi misye ak kesyon konsa, se paske mwen te vle fè l konnen m pa gen tan pou m pale de koze kite peyi m mache. Sitou ak nèg tankou l yo ki ap kraze peyi an.

Kòm misye wè m plis vin sou kont pase m fè la pè ak li, li vini dwat nan sa l te vle di m nan. Li pa gen tan pou l ap pale pil fransè li yo. Mwen pa bal tan pou l di m PM lan ta vle travay, men se mesye dam opozisyon yo ki toujou ap fè anpil chantaj ak li nan mande ministè. APN, BMPAD, FAES etsetera.

Kòm li sispèk m pa sou pale bagay akò ki ap dezakòde peyi a, byen vit, li di m se yon rankont bò pisin li anvi fè ak kèk ansyen kamarad, sitou kad nan Leta ak nan opozisyon an. Mwen di misye se byen. E san gran enterè, mwen reponn misye, se enteresan. Men, kisa m gen pou m wè ak sa?

Kòm dabitid, avèk fyète yon reyaksyonè nan yon peyi ki ap mal mache, li kontinye pou l di m, ou konnen chak vakans se an Ewòp m toujou ale ak fanmi an, men ane sa, mwen te chwazi rete nan peyi m.

Mwen di misye an nou pale vit. Mwen p ap mande w poukisa ou pa ale an Ewòp pou vakans sa. Paske mwen pa bezwen rantre nan detay paspò w fini. Epi dola an vinn twò wo. Ou pa kab travèse Matisan pou w ale nan Ayeropò Pòtoprens lan.

Pandan m ap pale bagay sa yo, misye pa menm tann mwen fini, li di m, rezon ki fè l rele m aswè an, se paske lòt zanmi an te fè yon dine an blan, li menm li vle fè yon rankont bò pisin ak tout lòt gwoup moun ki pa t gen gaz pou te al patisipe ladan l yo.  Mwen te anvi ri, men mwen kenbe ri an pou lè misye fèmen telefonn lan.

Li ajoute pou l di m se depi tout semèn lan, l ap eseye tcheke tout ansyen moun li te konnen pou kontribiye nan pwojè a. Mwen mande misye kontribiye nan ki sa? Li reponn ou konnen DINEPA pa bay dlo nan tiyo, donk se kamyon dlo l ap achte pou l ranpli pisin lan. San l pa wont, li ajoute, li ap bezwen anpil kamyon dlo pou l plen pisinn lan.

Misye te vrèman gate san m.  Mwen di l, ou pa gen dlo nan pisin, ou pa fè rankont.  Nan ki zafè mande mounn kòb pou achte kamyon dlo pou plen pisin. Se goumen pou gen yon lòt Leta nan tèt peyi an, konsa, DINEPA a k gen mwayen ak posibilite pou bay pi bon sèvis ak kliyan li yo.

Men, menm si m fache, mwen pa kab di l sa Kasayol te di bef lan. Pou m pase misye nan tenten, mwen reponn li, mwen konnen yon ti bòs nan zòn lan ki te konn fè bon panye, mwen ap voye kòb lan ba li pou li fè kelke panye pou ou. Konsa, kòm ou pa rete twò lwen rivyè a, wa peye kek lòt moun plen yo dlo pou w mete nan pisinn lan.

Misye telman sezi, se premye fwa li pa mande m pou m kite peyi l mache.  Tou dousman, li di m l ale.  Mwen reponn misye, se te yon plezi.

Definitivman, mwen fatige ak koze sa yo.  Yon peyi ap kraze.  Moun ap mouri paske pa gen Leta, lòt ap rele w pou l pale de fèt bò pisin li bezwen fè.  Vire tounen, se yon sèl koze, kite peyi l mache.  Depi zafè yo ap mache, yo pa bay lòt moun regle anyen pou yo. Kòman sa? Li pa k ab konsa?

Ayisyen an ap viv an Ayiti, li ap pale w de “Baby shower”. Li ap pale w tou de “Thanksgiving”. Kounye an, se yon zafè de “dinner en blanc  nan yon peyi tou sal ak “rencontre au bord de la piscine kote DINEPA pa menm k ab bay dlo pou mounn regle bagay ki pi enpòtan..

Ou se granmoun, ou vle fè zafè w, fè l. Men, pou ki sa w vle mete m ladan l. Alòske ou deja konnen pozisyon m.  Mwen menm, kite m fè zafè m. Pa vinn ap anmèdem. Mwen ap goumen pou peyi m chanje. Kòman pou Ayiti ap jwe yon match se Sendomeng pou l al jwe l.  Epi nou pa di anyen.

Pou kounye an, mwen anvi desann yon kamyonèt nan Pòtay Leyogan pou m al gade seleksyon nasyonal lan ki ap jwe yon match nan Estade Sylvio Cator.

Mwen anvi wè dyaspowa k ap rantre vinn nan fèt chanpèt. Epi pou yo ap rete sou tout wout lan ap achete bagay lakay yo pa manje depwui yon bon bout tan.

Mwen anvi tande nan magazen anba la vil yo, bèl chanson nowèl Léon Dimanche, Emma Archile, Lionel Benjamen etsetera.

Mwen anvi wè mounn ap pase Matisan san kè sote. Mwen anvi wè tout timounn pwal lekòl.  Mwen anvi sispan n achete manje kay vwazen.  Pou sa fèt, fòk nou vini yon peyi agrikòl. Fòk gen yon vrè akò ki akòde tout peyi an.

Mwen pa nan rankont bò pisinn. Mwen anvi ale bwè dlo kokoye, manje lanbi boukannen, ak tande mizik Toubadou nan kèk plaj tankou: Amaniyi, Gwos wòch, Guillou Beach, Gele etsetera. Paske ‘’Nan pwoin tankou dlo kokoye lè ou chita anba pye bwa, frechè Bon Dye ape nwaye.…’’ (Marie Michèle Sorel)

Donk an nou travay ansanb pou sa fèt. Paske men anpil chay pa lou.

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES