Kominike Pati Relans sou sitiyasyon jeneral peyi a

Sa gen anviwon trèz (13) mwa depi doktè Ariel Henry pran fonksyon kòm Premye minis nan yon egzekitif yon sèl tèt. Sa ki trayi lide fondalnatal Konstitisyon 1987 la. Pa gen demokrasi san respè manman lwa peyi a ak enstitisyon politik yo. Depi lè doktè Ariel Henry pran tèt peyi a rive jouk jounen jodi a, kondisyon lavi pèp ayisyen an vin pi malouk. Se maswife pèp la ap monte nan zafè move lavi, lamizè, ensekirite, krim tribòpabò, pwoblèm gaz, yon ekonomi ki sou lagraba, yon Leta ajenou, elatriye. Sa vle di, depi plis pase yon lane peyi a gen yon gouvènman k ap ranmase privilèj san l pa founi je gade tray pèp Ayisyen an ap viv chak jou Bondye mete.

 

Jodi a, chèf k ap layite kò l nan Primati a kenbe tout pouvwa Leta yo anba men li. Nanpwen prezidan. Nanpwen Palman kòdjòm nonplis pou kontwole aksyon gouvènman li a. Lajistis, bò kote pa l, pa vo kichòy. Gouvènans peyi a tounen yon galimatcha. Pa gen Chèf Leta, men gen yon Chèf siprèm nan Primati a k ap koupe rache  san l pa gen kont pou l rann pèsonn. Se yon pouvwa k ap feraye dèyè do lalwa.

 

Pandan deblozay politik sa a ap vale tèren, ensekirite ak krim ap gagannen pèp la lajounen kou lannwit, nan lari tankou anndan kay. Se gang ak deriv otoritè k ap fè lalwa. Nan kapital la, soti Site Solèy pase Taba pou rive Kwadèboukè, san n pa retire Tòsèl, Pènye, Laboul, Matisan ak kèk lòt kote ankò, zak vyolans frape plis pase 1 500 000 Ayisyen. Krim yo makawon anpil. Se kidnapin, zak sasinay, masak, boule moun, boule byen moun, vòlò tè, pou n site sa yo sèlman, popilasyon an ap viv san wete yon jou. Batay ki genyen ant gang lakòz plizyè milye sitwayen pezib kouri kite lakay yo pou chape anba lanmò. Nan menm lis la, gen sila ki mouri oubyen blese anba bal bandi san fwa ni lwa. Malgre jefò fòs Polis nasyonal la, nou konstate ki manke bon jan mwayen ak ankadreman -mete sou sa wounouwounou ki konn genyen nan zafè bay lòd pou kwape bandi- ganng kontinye pouse tankou djondjon pou teworize popilasyon an.

Yon lòt bò, nan sa ki gen awè ak ekonomi, se debandad total. Goud la tounen zòrèy bourik. Li pa vo anyen pandan pri pwodui premye nesesite yo ak sèvis yo ap galope. Bank Santral, BRH alòs, tounen yon abit ki pa gen kontwòl jwèt koken operatè finansye yo ap regle oubyen ki deside fèmen je l pou l pa deranje gwo enterè. Se tankou mezi Bank santral yo la pou andjoze granmoun epi fè timoun dòmi. Rezilta yo pa la pou lontan. Move pratik ki tounen mak fabrik sistèm finans la pa depaman ak konpòtman distribitè oubyen revandè gaz nan peyi a. Se menm plim, menm plimay. Se yon kalamite pèp la ap pase pou l jwenn ti gout gaz pou reponn ak bezwen li. Gwo bacha yo estoke gaz la pou fè mache nwa epi popilasyon oblije fè pelerinaj nan tout estasyon san okenn garanti l ap jwenn ti lòsyè gaz pou regle kichòy. Pandanstan, anba je otorite yo oubyen ak konplisite yo, ti galon gaz la vann vin vann plis pase 4 fwa lavalè.  Tablo dezespwa sa a ki gen siyati enpisans, koripsyon ak enkonpetans se zèv moun ki nan tèt peyi a depi plizyè mwa. San okenn lejitimite, y ap tòtòt lavni jenn gason ak jenn fanm, krache sou lavi ak diyite moun epi fin dechèpiye ti resous pwatchòkò sila ki te pase anvan yo te deja ravaje. 

Chak jenerasyon gen kesyon pa l pou l reponn, chwa pa l pou l fè. Mannyè yo reponn kesyon yo di ki peyi yo vle. Jenerasyon sila a pa dwe kanpe bò kote bouwo, zèfèyis ak souflantchou ki boukante nanm yo pou lajan ak pouvwa. RELANS! se yon pati politik ki kwè nan yon latriye valè ki tabli sou dwa moun, demokrasi, jistis, pwogrè ak diyite. Paske nou marande ak prensip sila yo, nou voye jete pouvwa defakto Premye minis Ariel Henry la ak tout kòkòday li yo. Gouvènman sila a ki chita sou magouy epi ki tounen tchoul pa ka defann entère pèp la. Li pa ka nonplis defann dwa grandèt majè peyi a. Zansèt nou yo, ki te rete doubout pou trase chimen libète pou pèp sa a ak limanite, woule nan tonm yo douvan malonèt dirijan souf kout fè nasyon an pran. RELANS ! rete kanpe nan kan pèp la. Nou kanpe drèt pou n mennen batay k ap retabli demokrasi, respè Konstitisyon an, mete kanpe enstitisyon Leta yo, pwoteje lavi ak byen moun ; garanti yon Leta ki granmoun tèt li nan zafè lamanjay, defans nasyonal ak chwa ekonomik. Nou rete makònnen ak filozofi grandè epi byennèt ki te fè libète ak lendepandans boujonnen sou bout tè sa a, ki te koute zansèt nou yo lavi yo ak fòs kouray yo. Nou se yon pati poltik ki nan kanpe anfas pouvwa defakto doktè Ariel Henry la. Nou kanpe anfas pouvwa a lè n konsidere dwa moun, lalwa ak demokrasi se nannan Leta Ayisyen an. Nou kanpe anfas sila k ap dirije yo lè n konsidere sous pouvwa yo a. Nou kanpe anfas pouvwa a lè n sonje Konstitisyon se manman lwa peyi a. Nou kanpe anfas pouvwa a lè n gade jan li pran bout teren pou jwenn yon solisyon ki ka rasanble tout Ayisyen. Nou kanpe anfas pouvwa a lè n konsidere pwomès yo fè pou rekanpe Leta se pawòl anlè paske yo pa regle anyen, yo pa rezoud anyen. Nou kanpe anfas pouvwa a paske pèp la bouke, li pa kapab ankò. Se nan non prensip sila yo ki chita sou dwa ak diyite moun epi dwa grandèt majè peyi a nou di NON. Se sou baz konviksyon nou nou angaje nou.

 

Aprè plizyè mwa briganday nan pi wo nivo Leta a, otorite lalwa dwe blayi pou tabli lòd ak otorite Leta a, lapè ak estabilite. Se sèlman sila k ap jere enterè ti koulout yo k ap derefize dakò pouvwa ki la a pa p regle anyen. Pouvwa a pa montre volonte ak kapasite pou rezoud pwoblèm k ap brase bil popilasyon an. Echèk la total. Konsekans yo malouk. Lavi preske pa posib nan okenn  kwen nan peyi a.  

Nou wete chapo douvan tout aktè, pèsonalite, òganizasyon ak sektè k ap bouske yon solisyon sanpousan ayisyen. Se pèp ki fè Listwa !  Woumble pou mete kanpe enstitisyon Leta yo, nan respè lespri Konstitisyon 1987 la, dwe mete sou yon menm tab tout pitit peyi a. Wout la long. Fòs fènwa gen jèvrin. Men anyen pa dwe kraponnen nou. Paske nou pi plis, nou dwe pi fò. Paske se nou k ap sibi, nou dwe mete tout fòs kouray nou pou n chanje sa. Nou dwe jenerasyon k ap vini yo yon Ayiti ki gen lapè epi ki respekte lavi  ak diyite moun ; yon Ayiti ki bay tout pitit li menm chans. Nan kafou danjere nou ye la, se pawòl pitit nasyon an ki pou konte. Eskonbrit la dire twò lontan. Se moman pou n mete lòd, pou nou ranmase karaktè nou. Twòp mazèt ap pase n nan rizib ak konplisite swadizan zanmi nou. RELANS! ankouraje tout konpatriyòt ki rete sansib ak enterè majorite a pran chimen chita pale, je nan je, san koken. Se nan boukante lide, nan goumen pou sa ki pi fèb yo, nan defann lalwa n ap rive trase chimen pou yon demen miyò nan lendepandans politik, pwogrè ekonomik ak sosyal. Se pa sila ki kreye eskandal yo k ap chanje sa. Se popilasyon sivil la, sitwayen yo, klas politik ki pa tranpe nan chantay ak move zafè ki dwe mennen chita tande sa yon mannyè pou kreye konfyans, nan tèt frèt.

 

 

Nou pa nan tranzisyon mal maske !

N ap goumen pou demokrasi !

Viv Ayiti !

 

 

Wilner Joseph

Prezidan

 

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES