Dilèm manifestasyon politik an Ayiti

Sa gen ki plis ke 10 zan depi ke m te pibliye nan Le Nouvelisste, yon tèks an fransè ke m te rele: ‘’DiIemmes des partis politiques en haïtiens’’.  Jodi an, kòm, pou revandike dwa yo kont tout sa ki pa bon k ap pase nan peyi an, pèp Ayisyen pa sispann mobilize sou beton an.   Se sa k fè nan zafè manifestasyon k ap fè t nan peyi an kont ensekirite, la vi chè, e pouvwa politik ki pa p dirije anyen nan peyi an, nou panse yon refleksyon sou kesyon pa t ap twòp.  

 

 

Si anpil fwa lidè pati politik ak òganizasyon sosyo politik yo rive mete tèt yo ansanb pou rele yon manifestasyon kont pouvwa an plas lan, an aparans, yo konn ini piblikman pou yon koz, men an prive objektif yo konn trè divize.

 

 

Efektivman, gen yon ti gwoup ki konn ap mobilize pou chavire chodyè an.  Ki vle di, yo vle chanje sistèm lan pou gen yon lòt peyi ki k ab ofri plis opòtinite ak pwogrè pou tout ayisyen.

 

 

Gen lòt, tout bwui ke yo a fè nan medya yo, se zafè pèsonèl yo ke y’ap regle.  Yo ap chache gen plis vizibilite.  Kesyon pou yo k ab pozisyone yo plis. Se s ak fè, kou pouvwa politik lan rive konprann jwèt lan, pou fèmen bouch yo, li rive fè yon ouvèti pou anmèdè sa yo. 

 

 

Imedyatman, diskou yo chanje. Yo kòmanse, de ekstremis ke yo te ye, yo vinn plis modere nan entèvansyon ke yo ap f è nan media yo.  Se ki fè, sa konn vinn gen gwo enpak sou mobilzasyon popilè yo.

 

 

Kòm lidè politik sa yo gen lontan ke yo ap bay pèp lan kou nan do, donk, kounye an yo vinn entelijan. Se ki fè tèt de pon yo pa vle kwòdone anyen san ke yo pa wè lajan pa yo nan mouvman an. Jodi an, anpil manifestasyon sou beton an pa k ab fèt san lajan. 

 

 

Anpil lajan.  Tèlke, lajan pou fè espòt nan media ak afich piblisite nan la ri pandan plizyè jou ou semèn.  Òganizatè yo konn bezwen lajan tou pou fè mayo, pou peye kamyon ak yon sistèm pou fè son ak kèk mizk angaje, ansanb ak bann rara pou kreye anbyans pandan tout pakou manifestasyon an.  San kote tout lòt depans yo.   Anpil kòb pou yon jounnen de mobilizasyon.  E, kote lajan sa yo sòti?    

 

 

Finansman mouvman sa yo konn sòti nan men kèk komèsan ki sou teren an.  Depi la, konn gen anpil divizyon sou kesyon an.  Gen mounn ki konn kont ide al chache lajan nan men bizisman yo. Selon mounn ki kont sa yo, anpil bizisman an Ayiti yo pou bokou nan malè peyi an.

 

Pandan ke n ap pale de lajan pou finanse manifestasyon opozisyon an, fòk nou mansyone tou, anpil fwa, pou kraze mouvman mobilizasyon an, pouvwa politik, ansanb ak klas ekonomik ki opoze ak mouvman an, yo konn bay anpil gwo lajan ak tèt de pon yo. Kesyon pou manifestasyon an pa pran.  Nan dènye moman sa yo, chef bandi nan katye popilè yo konn jwe yon gwo wòl nan kraze manifestasyon anvan menm li kòmanse.  

 

 

Lòt pi gwo pwoblèm, nan sa Ayiti ye la, gen anpil militan ki konn ap mande: se ki fòm de manifestasyon ki ap mache pou li? Èske se pasifik ou non pasifik?

 

 

Sou kesyon sa, ide yo konn divize. Gen anpil mounn ki konn pou yon mouvman pasifik. Menm jan konn gen anpil lòt mounn ki konn pou vyolans nan manifestasyon yo. Mwen vle di: kraze brize, boule etsetera. Selon dezyè m gwoup mounn sa yo, se sèl mwayen pou chodyè an rive chavire tout bon vre.

 

 

Pou sipòte pozisyon de vyolans yo an, gen nan militan sa yo ki konn di: nan tan koloni, esklav yo pat gen makèt. Yo pakèt gen ponp gazolin. Yo pat gen bank tou. Menm jan jodi an, mounn nan katye popilè yo pa gen anyen.  Yo pa gen anyen pou yo pè paske yo pa anyen kòm bagay materyèl ke yo ap pèdi.

 

 

Mounn sa yo pa pou koze pran lari an ak 1 milyon mounn ak yon cha ki ap fè son, ki ap jwe mizik angaje sèlman?

 

 

Menm jan ak refren yon chanson popilè nan yon peryòd kanaval, kesyon vyolans sa kontinye ap fè chemen l nan bouch yon gwoup mounn ki rele tèt yo lideè.  Yo pou manifestasyon ki fèt ak vyolans. E anpil nan gwoup mounn sa yo konn repete: Si an 1804, zansèt nou yo te chita ap fè manifestasyon pasifik, jiskounye an blan fransè t ap gen pye yo sou kou pèp ayisyen nan koloni an.

 

 

Se kòm istwa poul lan ak ze an. Kiyès ki vinn anvan, poul lan, ou byen ze an? Nan ka manifestasyon politik yo, èske se vyolans pou pèp lan fè sou sistèm lan pou l anpeche l fè vyolans sou li? Ou byen pwoteste pasifikman jiskaske mounn ki gen kontwòl vyolans yo rive pran konsyans ke yo fè twòp vyolans sou pèp lan?

 

Fas a kesyon sa, mounn ki modere yo gen repons pa w yo. Menm jan ak ak mounn ki pou vyolans yo, yo gen pwòp repons pa yo tou. Men an verite, se mounn ke y’ap oprese, maltrete, abize chak jou yo ki gen vrè repons lan nan men yo. 

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES