Demaske maskarad yo

Madigra an Ayiti se yon fèt kiltirèl kote gwoup mizikal sou cha menm jan ak bann a pye, deguize ak deguizman ki gen anpil koulè, ap defile pandan 3 jou gra nan kèk zòn tankou Chanmas e latriye. 

 

An palan de deguizman ak zafè kiltirèl nan kanaval an Ayiti, vil Jakmèl se youn nan kote ki trè kreyatif nan koze sa yo. Pou pase revandikasyon yo, pandan ke atis yo konn ap denonse kèk pwoblèm sosyal ak ekonomik nan peyi an, yo konn rive fè l ak kèk gwo lamayòt fèt ak tèt anpil aktè politik nan depatman an tankou de gwo aloufa yo ki nan Pòtoprens.

 

Se s ak fè nan dènye ane yo, weekend kanaval nan Jakmèl te konn atire anpil mounn. Malerezman, tankou tout lòt vil nan peyi an, Jakmèl ap soufri de yon pakèt pwoblèm sosyal ak ekonomik. Donk, anbyans kanaval nan vil Jakmèl pa menm jan ak ane anvan yo. 

 

Li pa t ap k ab menm jan an, paske travèse Matisan pou rive nan kèk vil nan Depatman  Lwès ak tout lòt vil nan Gran Sid se pa bagay ki fasil.

 

Paske, kanaval se pa sèlman 3 jou gra kote ayisyen vinn danse tankou yon senp  banbòch popilè. Li plis ke sa. Li se yon eta despri de yon fèt ki melanje ak rasinn kiltirèl ki tranpe nan chan popilè pèp Ayisyen. Kanaval se Ayisyen. E Ayisyen se kanaval.

 

Malerezman, sa fè kèk ane pa gen yon kanaval serye an Ayiti. Kòm pa gen otorite pou pèmèt sa rive fèt, donk se dirijan politik yo ak alye li yo nan opozisyon ansanb ak klas zafè nan peyi an ki ranplase chaloska ak lamayòt yo sou Chanmas ak nan tout rès peyi an.

 

Lè m te piti an Ayiti, menm jan ak anpil lòt timoun parèy mwen yo, mwen te toujou pè chaloska. Men lòt timoun ki te pi gran pase m yo te konn toujou ap chante: "lamayòt, nou pa pè w, se mounn ou ye".

 

Nan moman sa, yo te konn gen plizyè fòm de deguizman. Youn te konn pi lèd ke lòt. E se s ak fè timoun tankou m yo te konn pè chaloska mal maske sa yo. Paske yo pat gen anyen ki te amizan lakay yo ki te k ab enterese yon timoun.

 

A lepòk, si yon timoun pa t vle manje, fanmi l te konn di ke yo pwal rele chaloska mal maske sa yo pou li.

 

Genyen nan chaloska ou lamayòt sa yo ki te konn sèlman gen gwo mask nan tèt yo. Tankou tèt mounn ou tèt bet. Men gen lòt ki te konn plen tout kò yo ak lwuil byen nwa. Ak gwo fo dan, chèn nan ren ak nan pye ki te konn fèt ak bouchon kola. Ak souflèt nan bouch, frèt kach nan yon men, e yon jon nan yon lòt men, mesye sa yo te tèlman lèd, timoun p at k ab pa pè yo.

 

Kwak fòk nou rekonèt ke te gen nan chaloska sa yo ki te konn pi lèd ke lòt. Men tout lamayòt se lamayòt. Tout chaloska se chaloska. 

 

Si tout bagay sa yo te konn fèt nan peryòd 3 jou gra kanaval ak moman rara yo nan Pòtoprens ak kèk vil pwovens, jodi an Leta peyi Dayiti se sèl chaloska ki ap eseye fè pèp lan pè.

 

Jodi an se pa peryòd kanaval ak rara. Men mesye dam pouvwa politik ak alye nan opozisyon ak sektè zafè yo pandan 365 jou nan ane an, 24 sou 24 nan jounen ap fè mounn pè. Si lontan se timoun ki te konn pè chaloska, jodi an se tout peyi ke chaloska lèd sa yo ki rele tèt yo otorite sòti pou fè pè. 

 

E pou pèp lan rive chase pè sa, li oblije fè apèl ak Pè lebren. Ta sanble chaloska an Ayiti yo pè Pè Lebren anpil.

 

Depi plizyè zane, EDH pa bay kouran, men chak mwa, li voye bòdo bay kliyan l yo. Menm jan ak DINEPA. Pa gen dlo nan tiyo, pa fatigue w, bòdo an nan wout ap vini. Kòm an Ayiti jodi an, se nan sa Leta an pi fò, donk pa gen gaz nan ponp yo, lamayòt/Chaloska sa yo deside monte pri gaz jan yo vle. Si pèp lan pa rete nan pye Pè Lebren ap lapriyè de fason pou l demaske tout mascarade ki ap fè l pè yo, nan jou ki ap vini yo, se chaloska ki pi lèd nan kesyon an ki ap vin n fè l monte maswuife sou Chanmas.

 

Donk, atansyon lamayòt, pèp lan pa pè w. Se mounn ou ye. Maskarad, pèp lan ap demaske w.

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste

 

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES