Sa ka la, ka wè l ! Qui vivra, verra!

Le général Henry Namphy dans sa tombe, où il repose, a fait école: « jan figi m fre la, se konsa peyi y’a fre tou… »

 

Jean V Géneus, minis Zafè Etranjè peyi Dayiti, yon peyi ki pa menm an mòd poz, yon peyi kote menm Nasyonzini sa, mouche y’a ap pale devan l lan, Sekretè jeneral la, Antonio Guterres admèt se gang yo k ap koupe rache, se kontrebandye k ap fè lalwa, se kidnaping ki pi gwo komès. Lapolis pa kapab fè fas kare ak « puissance de feu » bandi yo. Se plis pase 4 milyon Ayisyen ki bezwen yo lage kichòy nan bòl ble yo (asyèt yo), gouvènman pap kontwole anyen. 

 

Menm manman ak papa gouvènman, n ap pale de sendika Core Group la admèt Ayiti est à l’agonie, Ayiti ap trepase, pou Ariel Henry, ak alye l yo ekri epi Jean V Généus  kanpe devan « la face du monde », pou repete tankou jakorepèt « tout est sous contrôle », « le gouvernement tient la gouvernance du pays… ». 

 

Quelle honte! Pourquoi un tel niveau d’incompétence et d’incompréhension d’une horde de « dirigeants », à l’endroit de son peuple. Seulement la recherche de l’argent et de gains faciles peuvent expliquer cela. Rien d’autre encore.

 

Odas, ak manfouben pa sifi pou n kalifye ekip gouvènman Akò Akwòkò Primati Ariel Henry Fusion, Edmonde Supplice Beauzile, Marjorie Michel, Tolbert Alexis, Alix Richard, André Michel, Louis Gérald Gilles, Ricard Pierre, Charles Emile Herald, Génard Joseph, PHTK ak tout laboujwazi ki wè se nòmal e ki dakò yo dwe monte gaz la dapre enstriksyon FMI.

 

Yon peyi ki depi 3 semenn kanpe. Anyen pap mache, moun ap mouri paske lopital pa kapab travay kòz pa gen gaz. Lekòl pa fouti louvri lendi 3 oktòb paske paran yo pa gen mwayen finansye pou onore obligasyon yo ak administrasyon lekòl yo. 

 

Pou lekòl nasyonal yo ak lise yo pa genyen okenn reparasyon ki fèt ladan yo. Fòk nou ta wè nan ki salte anpil ladan yo ap naje. Se fatra ki prensipal referans yo. Ce que nous définissons comme les temples de l’apprentissage et du savoir. Mo sibvansyon, travay reparasyon, dotasyon ekipman se nan bouch peyi vwazen ak nan nòt pwotestasyon òganizasyon sendikal yo paran ak elèv ap aprann egzistans yo. 

 

Bilan lock la tèlman lou, konsekans yo tèlman pral pwodui gwo chòk sou tout sektè sosyal ak ekonomik yo, nan moman nou ye la okenn ekonomis poko kapab fè evalyasyon l. 

 

Non, mil fwa non, privilèj, lajan ak pouvwa pa kapab rann yon gwoup moun « aussi cruels, aussi aveugles, aussi selfish » konsa.

 

Se vre, se menm Core Group la, se menm BINUH an, se menm Antonio Guterres k ap fè tout kont mal taye, k ap rale anba vant yo, kèk souf kout, k ap ofri yo pouvwa nan kondisyon nou konnen yo, ki pèmèt Ariel Henry ak tout akolit li yo kapab ak Jean V Généus fè deklarasyon dwategòch sa yo, deklarasyon ki pa marye ditou ditou ak sa peyi y’a ap viv la, sa popilasyon yo ap klewonnen la jounen kon lannwit. 

 

Kisa y ap klewonnen an: Ariel Henry ak gang li yo, ak akolit yo pa gen plas yo nan tèt  peyi y’a. 

 

Jodi y’a pi gwo pwoblèm Ayiti se gouvènans devan dèyè. Gouvènans ti koulout, gouvènans bandi legal. Ayiti se zewo planifikasyon, zewo rasyonalite ki bay kòm rezilta gouvènans nil.

 

Nou kwè laprès entènasyonal la fè anpil repòtaj sou divès manifestasyon k ap souke peyi y’a. 

 

Nou kwè Òganizasyon Dwa Moun yo fè bilan masak yo, egzekisyon somè yo, vyòl yo ak arestasyon ilegal yo.

 

Nou kwè anpil sektè nan sosyete a, plizyè kategori sosyo pwofesyonèl ekspoze « leur désarroi, leur impossibilité de fonctionner, les casses qu’elles subissent à longueur de journée en perte de vies humaines, en paiement de rançons et en manque cruel de moyens pour fonctionner ».

 

Et, si la gouvernance de la République était à point, pourquoi Haïti est classé au niveau le plus élevé (alerte rouge comme pays non fréquentable) en termes de pays à éviter, de pays à ne pas visiter par les pays dits amis, par les pays membres du syndicat des diplomates (Core group)?

 

Rezon ki fè Ariel Henry nan vwa Jean Victor Genéus, minis Zafé Etranjè peyi Dayiti kapab kanpe san okenn souci, san bouch li pa tranble pandan: Okay, Kafou, Tigwav, Okap, Ench, Pòtoprens, Pòdpè, Jeremi, Senmak ak yon bann lòt lokalite popilasyon yo brave danje(gaz lacrymogène, bâton bandi, bal reyèl lapolis), yo pran tout risk, se paske gen yon seri opòtinis, souf kout ki ap bay jarèt ak yon Leta  pouri. Yo panse « c’est leur tour d’être sur le trône », yo an katimini, dèyè do tout prensip, dans le reniement total de la parole donnée et de leur signature al jwenn mouche blan, ak Ariel Henry pour, sur le sang versé du peuple, sur les centaines de cas de kidnapping, sur la combativité d’une jeunesse croyant dans une transition de rupture/tranzisyon koupe fache,  capable de mettre un terme définitivement à cet État prédateur.  À cet État capteur de ressources comme l’a si bien dit Fritz Alphonse Jean dans son dernier ouvrage, regarder le peuple combatif du haut du Palais national pendant qu’ils vont couper et manger le gâteau de la honte, déboucher et boire le champagne de l’ignominie.

 

Sèl sa pou ekip moun sa yo pa janm bliye kreyon pèp la pa genyen gòm. Epi tou, vle pa vle se nan poubèl lisrwa y ap fini tankou anpil lòt. "Parce que la trahison, quelle qu’elle soit a toujours un prix. Il en est de même de la combativité des peuples. "

 

Marcel Poinsard Mondésir 

27 septanm 2022.-

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES