Pozisyon Gwoup refleksyon fowòm politik sosyopwofesyonèl pwogresis ayisyen an (GR-FPSPA) sou sitiyasyon leve kanpe depi yon mwa nan peyi a

Nou menm ki siyen nòt sa, manm GR-FPSPA ak anpil sitwayen fanm ak gason konsyan, nou pran akt epi nou salye leve kanpe istorik Pèp ayisyen ap fè depi pase yon mwa (sektanm-oktòb 2022) pou li egzije amelyorasyon nan kondisyon lavi l epi pou li voye jete blòk ekip defakto ki sou pouvwa a nan poubèl listwa ak tout boujwazi a, oligachi a ki dòmi reve yon sèl pwojè: rann pèp ayisyen pi pòv pase jan yo deja fè l la.

 

Chapo ba pou pèp souvren. Chapo ba pou tout militan konsekan, chapo ba pou tout konbatan nan kat kwen peyi a. GR-FPSPA ap fè tout moun sonje, leve kanpe san parèy sa a ki te deja komanse nan dat 22 dawout la, pral pran jèvrin touswit apre anons PM defakto a pou li monte pri gaz la anba dikte FMI ak Bank Mondyal ki se prensipal jandam plan neyoliberal la k ap depafini peyi a epi k ap touye pèp la pa pakèt.

 

Desizyon sa rive nan yon moman kote kòripsyon, gaspiyaj ak piyaj resous piblik fè Leta ayisyen tounen manman bèf pou vòlè ak kòwonpi tout plim tout plimay nan yon rejim defakto a k ap souse manmèl. Depi ekip Ariel Henry a fin fè dappiyanp sou pouvwa Leta ak benediksyon enperyalis la, apre sasinay Jovenel Moyiz, popilasyon an kapab konstate kouman lavi li ap depafini. Lavichè fè mikalaw!  Nan mwa Jiyè ki sot pase a, enflasyon an te deja depase 30 %. Pri tout pwodui premye nesesite ap galope. Pèp la konstate kouman yo ap ranfòse enstitisyonalizasyon kòripsyon ak piyaj byen piblik ki te koumanse depi lontan men ki ranfòse nètalkole anba pouvwa Tèt Kale ak Bandi Legal twazyèm vèsyon an.

 

Jounen jodi a, sou pretèks kriz imanite, jan tout moun kapab tande sa, Ariel Henri ak tout lo minis piyajè ki avè l yo ap ekri enstitisyon entènasyonal yo pou yo mande debakman fòs militè etranje nan peyi a. Senk (5) lane apre Minista fin kite peyi a, Ariel Henri ak ekip defakto l yo ap mande bòt blan retounen vin pase diyite peyi a anba pye. Depi nan ane 2019 la BINUH ap federe gang kriminèl kont pèp la pou rejim PHTK a, malgre sa, pèp la rive devlope estrateji pou li leve kanpe.

 

Kounye a, sèl jan ki rete pou defakto yo ka kenbe pouvwa a se rele fòs etranje vin kore yo tèlman yo konnen pèp la pa ka dijere yo nan tèt Leta a.

 

1. Pou listwa ak pou laverite, GR-FPSPA ap fè popilasyon an sonje ni Ariel Henri ni ankenn nan malandren ki avè l yo pa gen ankenn tit ni kalite pou yo angaje fòs entenasyonal nan peyi a. Yo pa gen ankenn lejitimite ni legalite pou yo pran yon kokenn chenn desizyon konsa ki pral angaje peyi a.   

 

2. Pou listwa ak pou laverite, GR-FPSPA ap fè sonje zak Ariel Henri ak ekip minis li yo ap eseye fè a rele Crime de Haute Trahison, Konstitisyon 1987 la (amande an 2011) karakterize l nan atik 21 ak 263-1. Se poutèt sa GR-FPSPA ap mande Fòs Sekirite regilye yo pou yo mete rapid vit Ariel Henri ak tout lo minis defakto li anba kòd, annatandan yo pase devan la Haute Cour de Justice. Se yon devwa patriyòt yo genyen.

 

3. Pou fini, GR-FPSPA ap mande yon rasanbleman rapid vit tout fòs demokratik ak tout fòs pwogresis nan peyi a, tout patriyòt konsekan anndan tankou deyò peyi pou yo debouche sou yon konsètasyon tout fòs viv peyi a ki pou anpeche pèp la pran wont sa a Yon lòt fwa

 

Moun ki siyen

 

ALTIDOR, Raoul B., Istoryen 

BELIZAIRE, Roland, Sosyoekonomis

BOISROND, Jor, Travayè sosyal

BOURSIQUOT, Marie Françoise,  Sosyològ, Feminis 

CELESTIN, Patrice, Ekonomis

CELESTIN, Reynold, Pwofesè, Jewograf

CHERY, Pierre Michel, Pwofesè, Akademisyen

CHÉRY, Schaïdhen, Medsen, Sitwayen angaje

CHERY, Sylvaince, Enjenyè elektwonisyen 

CONSSEILLANT, Renald, Sosyològ

DARBOUZE, James, Pwofesè, Filozòf

DAS, Ange, Psikopedagòg, enfimyè.

DAUDIER, Madeleine,  Edikatris

HERODE, Rose Béyenne, Kominikatris sosyal, Espesyalis nan relasyon entènasyonal

JABOUIN, Wilson, Pwofesè Inivèsite

JASMIN, Frandy, Espesyalis nan Kominikasyon Sosyal

JEAN, Jeffrey, Medsen, Espesyalis nan sante mantal

JOSEPH, Yvon, Pwofesè, Sosyològ

LUCIEN, Georges-Eddy, Istoryen, Jewograf

MERILIEN, Josué, Pwofesè, Sendikalis

MITIAL, Fritz-Hériol Mitial, Nòmalyen siperyè

MONCOEUR, Bauge, Enjenyè sivil, Estatistisyen

PHELPS, Stephen Williams, Agwopwofesyonèl

PIERRE, Hector Norgaisse, Enjenyè Achitèk, Amenajè, Pwofesè 

PIERRE, Monnois, Pwofesè, Filozòf

PIERRE-TOUSSAINT, Jean -Médy, Jesyonè

 

Pou otantifikasyon

Pierre Michel Chéry : 3401-6812

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES