Lè a rive pou mete enterè peyi a devan tout lòt bagay

Depi kèk mwa, CRAN pa t fè yo tande vwa l. Manm yo t ap swiv ak anpil atansyon ki direksyon peyi a t ap pran. Plizyè nan yo te angaje nan pwòp sektè ak òganizasyon pa yo.

 

  1. Sa n pa t swete rive a, rive kanmenm. Kominote entènasyonal la montre pi gwo enterè nan peyi a. Sitiyasyon yo wè a se pakèt divizyon ki genyen ak mank yon pwojè sosyete ansanm ; okazyon an se diferan kalamite k ap frape popilasyon an tankou kolera ki tounen, kriz gaz ak lavi chè, lekòl ki pa louvri, aktivite gang ki aji ak plis britalite, vyòl ak soufrans pou timoun. Okazyon an se demann gouvènman de fakto a ki an menm tan di « li kontwole sitiyasyon an », men an menm tan ki rele « osekou » paske twòp bagay chape l. Tout moun sèvi ak tout moun pou jwenn avantaj ak eskiz. Lidè politik sèvi ak « pèp », gang ak zam di yo apiye pèp pou fè revandikasyon yo vanse, an menm tan gang sèvi ak pèp pou fè krim ak asasinay, gwo biznis bezwen gang pou pwoteje tèt yo, gang bezwen biznis ak politisyen pou jwenn kòb ak mwayen pou fonksyone, menm jan tou y ap fè krim, kidnapin, vòl, ranson, el.

 

  1. Peyi a rive nan yon sitiyasyon ki lou anpil pou popilasyon an k ap viv ojoulejou.  Tout sektè yo bezwen gade dabò lakay yo ak anpil senserite, pou wè ki jan yo kontribye pou yon sitiyasyon konsa rive.
  • Gwoup ak zam pa egziste depi kounye a sèlman. Sou diktati a, sete Leta a ki t ap òganize epi kontwole yo nan tout kalite gwoup paramilitè pou teworize epi kontwole popilasyon an ; rele yo VSN, tonton makout epi FRAPH. Apre lame fin ale, te gen chimè ak gwoup otodefans popilè nan kèk katye. Toujou, te gen gwoup ak zam pou kontwole eleksyon, pou pwoteje biznis, pou asire laviktwa ak pwoteje kèk monopòl. Gang yo fleri depi Leta menm pwoteje yo epi sèvi ak yo, epi bay yo menm yon estati « bandi legal ».
  • Konsa, nan tout kowalisyon, tankou Akò 11 sektanm, Akò Montana ak lòt toujou, toujou kapab gen aktè anndan yo ki soutni gang, ki espere epi konte sou fòs yo, ki fè yo ankouraje yo : kit yo fòs paralegal, kit yo akote lalwa nèt, kit yo bandi legal ki jwi apui otorite, kit yo yon lòt bagay toujou … Men jodi a, apre tout krim, asasinay ak enpinite, tout soufrans, tout blokaj lavi ekonomik ak sosyal kilès ki kapab pretann se ak sa n ap kapab konstwi yon demokrasi, kote moun patisipe ak libète, nan kad yon Leta kote tout sitwayen ak sitwayèn anba menm lalwa ? Ki jan enpinite kapab kaba si tout moun genyen « yon zanno kay òfèv la » ?
  • Kominote entènasyonal la tou dwe admèt pakèt mele l nan zafè peyi a (nan dènye tan sa yo) : depi lè Gerard Gourgues te kandida, epi koudeta kont prezidan Aristide nan 2 fwa, jouk lè yo fè yo chanje rezilta eleksyon pou mete Martelly kandida pou dezyèm tou … Okenn nan mele sa yo pa t fè peyi a byen. Okontrè …

 

  1. Jodi a, peyi a twouve l devan menas pou yon fòs ame etranje vini pou mete « lòd », jan yo di sa.

CRAN ensiste pou gen pi plis transparans nan tout bagay sa yo. Popilasyon peyi a gen dwa konnen sa yo prepare sou do l. Se dwa li. Li pa dwe sèlman soufri movèz volonte ak erè lòt yo.

 

  • Sètènman lapolis merite ranfòse ; pou sa, kapab gen misyon espesyal teknik ki ede l nan fòmasyon.
  • Kapab gen misyon imanitè ak yon manda klè, ak aktè ki vreman ede popilasyon an ki viktim tout neglijans anvan yo.
  • Men toujou, vrè solisyon an ap blije sòti anndan peyi a li menm :

Nan klas politik ak ekonomik yo, si yo vle antann pou evite pi gwo mal pa rive peyi a ;

Presyon sosyete sivil la ak òganizasyon popilè yo ap toujou nesesè, paske ki kote nou konn wè moun ki abandonnen privilèj yo ak sèl bòn volonte yo ?

 

CRAN pa kwè gwo debakman militè etranje nesesè kote k gen volonte politik anndan, sòf pou misyon teknik presi ki gen limit, epi ki yo chak ta mande yon akò espesyal.

 

  1. Konsa, CRAN toujou ap plede pou gen bonjan chita pale ant sitwayen ak sitwayèn yon menm peyi.
  • Ki sa k fè Ayisyen pitit yon menm nasyon pa kapab chita ansanm pou antann sou kèk aksyon ki dwe fèt prese prese ?
  • Ki sa k fè okenn nan aktè yo ki fazafas pa t kab fè yon ti pa nan direksyon lòt aktè … Eske se yon sèl ki gen tout rezon ? epi lòt la menm pa merite lòt yo tande l ditou ?

Wi, tout dyalòg dwe fèt nan verite, depi anvan aktè yo chita ansanm. Se pou sa lajistis tou dwe kapab di mo pa l pou òganize l.

  • CRAN mande : sispann kreye konfizyon, tout pwosè entansyon ak akizasyon ki fè kwè demann popilasyon an fè nan manifestasyon se aktivite gang kriminèl yo ye. Popilasyon gen dwa di li pa dakò ak yon seri desizyon ; li gen dwa an dezakò ak sa k pran pouvwa yo.

 

  1. Men pwopozisyon n yo ki pa dwe rete tann:
    1. Pou tout sektè nan peyi a: Yon dyalòg ant Ayisyen ak Ayisyèn rete pi gwo nesesite a. Tout sektè dwe santi yo oblije mete men pou fè peyi a soti nan kondisyon li ye a. Tout sektè yo dwe mete men : ni sa k plede di yo gen pouvwa Leta a nan men yo (si pa genyen zak kriminèl yo kab repwoche yo), ni sa k nan aktivite politik, pati politik yo, el. Sektè legliz ak relijyon yo tou dwe mete men pou jwenn solisyon pou gwo malè ki menase peyi a.
    2. Pou lapolis: CRAN konplimante tout polisye ki fè devwa yo, ki riske vi yo pou pwoteje ak sèvi popilasyon an. Men twòp eskandal sanble antoure kò PNH la. Ta gen ka konfyolo ak konivans ak bandi yo, jouk yo renmèt zam nan men yo. Dwe genyen plis “vetting” ak kontwòl sou polisye yo, ak sanksyon kote sa nesesè.
    3. Pou Gouvènman an: Pri gaz (gazolin, dizèl, gaz blan) nan ponp yo dwe bese. Gen bon desizyon pou yo pran pou adapte epi ogmante salè minimòm yo.
    4. N ap tann ak enpasyans yo pibliye lis moun nan sektè ekonomik ak politik ki nan konfyolo ak gang, ki ankouraje yo, ki bay yo zam ak lajan. Sitwayen yo dwe make non politisyen sa yo pou yo pa janm mete yo nan yon pòs reskonsablite nan Leta a.
    5. Pou sa k konsènen Lajistis: Paske Lajistis paralize ak kokobe, enpinite taye banda nan peyi a, san okenn limit. Yon antant nasyonal ak tout aktè yo dwe antann ki jan y ap konble vid yo.
    6. Pou komisè gouvènman yo ak Administrasyon penitansye a: Prizon yo mande yon aksyon prese prese. Gen twòp vyolasyon dwa moun ak pakèt detansyon pwolonje sa yo, san okenn jijman pa fèt nan kondisyon ki pa fèt pou moun viv ladan yo.
    7. Pou Ministè edikasyon an: Lekòl yo p ka rete tann: avni peyi a pa asire si timoun ak jèn yo pa ka devlope lespri yo ak konesans yo. Se jèn yo ki nanm peyi a. Yo pa ka kontinye vyole dwa timoun ak jèn yo konsa.
    8. Pou sektè ekonomik la: Pou pi devan nou ankouraje sektè ekonomik peyi a pou etidye seryezman ki jan yo kapab mete moun nan travay nan bon kondisyon. Pi gwo sous dezespwa, se lè moun pa kapab itil tèt yo ak lòt yo reskonsab yo. Kreye travay, kreye djòb, pèmèt moun jwenn yon revni pou ede fanmi yo. Ekonomi an pa dwe an premye lye yon mwayen pou kèk moun vin pi rich, men pou asire sa k nan enterè tout kominote a. 

 

 

 

C’est l’heure de mettre le pays au centre

 

 

 

 

Depuis quelques mois, la Cellule de réflexion et d'action nationale (CRAN) n’a pas pris la parole. Ses membres par contre ont suivi avec beaucoup d’attention la direction imposée au pays. Plusieurs membres étaient actifs dans leurs propres organisations.

 

 

  1. Ce que nous n’avions pas souhaité, semble s’imposer quand même. La communauté internationale affiche une plus grande attention pour le pays. La situation observée est celle de grandes divisons et le manque d’un projet commun ; l’occasion est celle de plusieurs malheurs qui frappent le pays comme la réapparition du choléra, la crise du carburant et la cherté de la vie, les écoles qui ne fonctionnent pas, les gangs qui s’imposent avec davantage de brutalité, les viols et tant de souffrances imposées aux enfants. L’occasion directe est la demande du gouvernement de facto qui en même temps prétend « qu’il contrôle la situation » et qui en même temps appelle « au secours » parce que trop d’évènements sont hors de tout contrôle. Tous se servent de tout le monde pour obtenir de petits avantages et se procurer des excuses. Les leaders politiques se servent du peuple, les gangs armés semblent appuyer le peuple dans ses revendications, mais en même temps ils se servent du peuple pour commettre des crimes et assassinats. Les grandes entreprises ont besoin de la protection des gangs, les gangs se servent des entreprises et des politiciens pour se procurer de l’argent et des moyens pour fonctionner ; en même temps ils commettent crimes, kidnappings, vols et exigent des rançons.

 

  1. Le pays est arrivé dans une situation qui pèse lourd sur le dos d’une population qui doit survivre au jour le jour. Tous les secteurs doivent se regarder eux-mêmes avec beaucoup de sincérité, afin de découvrir où ils ont contribué eux aussi à créer une pareille situation.
  • Les groupes armés existent déjà depuis quelque temps. Sous la dictature, l’Etat même créait et contrôlait diverses groupes paramilitaires pour terroriser et contrôler la population ; ils s’appelaient VSN, tonton macoutes ou FRAPH. Après la démobilisation de l’armée, il y avait les chimères et même des groupes d’autodéfense populaire dans certains quartiers. Il y avait des groupes armés pour contrôler les élections, pour protéger des entreprises, pour assurer une victoire ou protéger un monopole. Les gangs augmentaient sérieusement depuis le moment où l’Etat lui-même les protège et s’en sert, et leur octroie le statut  de « bandit légal ».
  • Ainsi, dans toutes les coalitions, comme dans l’Accord du 11 septembre et celui de Montana ou autres, il serait possible de retrouver des acteurs qui soutiennent des gangs, ou qui comptent sur leur forces et qui les encouragent : soit qu’ils soient para légaux, soit qu’ils soient totalement hors de la loi, soit qu’ils soient « bandit légal » avec appui de certaines autorités, soit qu’ils soient encore autre chose… Mais, aujourd’hui, après tous les crimes commis, après tous les assassinats et impunité, après le blocage de la vie économique et sociale, qui pourrait prétendre que c’est par ce chemin que le pays pourra se construire la démocratie, où que la population pourra participer en liberté, dans le cadre d’un Etat de droit où tous les citoyens et citoyennes sont soumis à la même loi ? Comment pourra-t-on éradiquer l’impunité si « pakèt moun genyen yon zanno kay òfèv la » ? (si, en matière politique, tant de personnes se servent des mêmes méthodes qu’ils cachent pour les autres ?)

La communauté internationale doit admettre l’échec de ses multiples interférences dans les affaires internes du pays dans ces derniers temps : depuis la candidature de Me Gérard Gourgues, les deux coups d’Etat contre le président Aristide, et quand on a fait de Martely un candidat au deuxième tour … Aucune de ces interférences a fait avancer le pays, au contraire …

 

  1. Aujourd’hui le pays se trouve devant la menace pour qu’une force armée étrangère mette de « l’ordre » dans le pays (comme on appelle cela).

La CRAN insiste sur la question de la transparence par tous et toutes dans tout cela. La population du pays doit savoir ce qui l’attend. Cela est son droit. Elle ne doit pas seulement souffrir et subir les mauvaises décisions des uns et la mauvaise volonté des autres.

  • La police doit être renforcée avec l’aide éventuelle de missions techniques spéciales pour l’aider dans sa formation.
  • Des missions humanitaires sont des possibilités avec un mandat clair, avec des acteurs disposés à aider la population victime de trop de négligences antérieures.
  • Reste pourtant que toute vraie solution devra sortir nécessairement de l’intérieur du pays :

Des secteurs politiques et économiques, quand ils veulent s’entendre pour éviter un plus grand malheur pour le pays ;

Des pressions de la société civile et des organisations populaires qui seront toujours nécessaires, parce il est difficile de voir les nantis sacrifier leurs privilèges par la seule bonne volonté.

 

CRAN ne voit pas la nécessité d’un débarquement militaire étranger là où une volonté politique puisse se dégager à l’intérieur du pays, sauf pour des missions techniques précises et limitées, qui demanderaient chaque fois un accord spécifique.

 

  1. La CRAN continue à plaider pour un bon dialogue sincère entre citoyens et citoyennes d’un même pays.
  • Pourquoi des haïtiens, enfants d’une même nation, seraient-ils incapables de s’entendre sur un nombre de points vraiment urgents à réaliser ?
  • Pourquoi aucun des acteurs qui se trouve en face d’un autre ne réussit pas à faire un pas minimal dans sa direction … Est-ce que toute raison serait chez un seul interlocuteur de sorte que l’autre ne mériterait même pas d’être écouté ? Oui, tout dialogue doit se faire dans la vérité qui doit être présente même avant de s’asseoir. Pour cette raison la justice également devrait dire son mot dans son organisation.
  • CRAN demande à tous et toutes d’arrêter à créer de la confusion, les procès d’intention et les accusations qui feraient croire que les demandes populaires lors des manifestations seraient des activités liées à des gangs criminels. La population a le droit d’exprimer son désaccord avec ceux qui sont au pouvoir ou avec des décisions précises de l’autorité.

 

  1. Voici nos propositions dont la réalisation ne devrait pas se faire attendre:
    1. A tous les acteurs politiques : Un dialogue entre Haïtiens reste une plus grande nécessité et priorité. Chaque secteur doit se sentir obligé de s’y impliquer pour faire sortir le pays du marasme où il se trouve. Tous les secteurs doivent s’impliquer : ceux qui prétendent contrôler le pouvoir de l’État (si rien de criminel ne leur est à reprocher), ceux qui sont dans les activités politiques, les partis politiques, etc. Le secteur de l’église et les religions doivent s’impliquer pour trouver une solution pour le malheur qui menace le pays.
    2. A la police : CRAN complimente tous les policiers et policières qui se dévouent pour accomplir leur devoir, qui risquent leur vie pour protéger et servir la population. Malheureusement trop de scandales entourent la PNH. Trop d’ententes cachées et de connivences avec les bandits, jusqu’à leur remettre des armes. Un « vetting » et un plus grand contrôle des policiers est nécessaire, avec des sanctions si nécessaire.
    3. Au gouvernement : Le prix du carburant à la pompe doit baisser. De bonnes décisions à la hausse doivent être prises dans le domaine du salaire minimum.
    4. On attend avec impatience la publication de la liste des personnes dans les secteurs politiques et économiques qui sont de connivence avec les gangs, qui leur octroient armes et argent. Les citoyens doivent marquer les personnalités politiques et arrêter de leur confier des postes de responsabilité dans l’Etat.
    5. Concernant la Justice: La paralysie de la justice permet à l’impunité de progresser sans limite. Une entente large entre tous les acteurs devrait décider comment combler les vides dans le système.
    6. L’administration pénitentiaire et les parquets: Les prisons exigent une action urgente. Trop de violations des personnes suite à la détention prolongée sans que des jugements soient en prévision, ni une perspective d’amélioration des conditions carcérales.
    7. Le Ministère de l’éducation : La réouverture des écoles ne peut plus attendre ; l’avenir du pays ne peut être assuré si enfants et jeunes ne peuvent fréquenter l’école pour développer leurs esprits et connaissances. La jeunesse est l’âme du pays. Arrêtons de violer massivement les droits des jeunes et des enfants, spécialement le droit à l’éducation.
    8. Le secteur économique : nous encourageons le secteur économique d’étudier dans un proche avenir comment créer du travail dans de bonnes conditions. Une grande source de désespoir réside dans le fait que trop de gens ne se sentent pas utiles pour soi ou leurs proches. La création d’emplois permet aux gens de gagner un revenu pour aider les familles. L’économie ne doit pas être un moyen pour s’enrichir seulement, mais un outil pour assurer et réaliser le bien commun. 

 

 

 

Pou CRAN / Pour la CRAN

P Jan Hanssens, cicm, coordonnateur

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES