Ochan pou yon kank kankannen

Sa k pase bòs papa?

Ki sa k nan dyakout ou li byen bonbe konsa?

O! Pèl ak pikwa pou w fouye fòs pou pèp?

M kwè yo di w se medsen? Medsen poul?

Si m konprann byen, nan twoke kòn pou zago, ou tou chanje metye?

Kon nou ye la a, ou se fòseye?

W ap fouye fòs pou peyi epi pou pitit peyi?

Nan sans sa a, w ap fini ak tout fanmi sa a nèt

Sa reken nan lanmè pa ka manje, w ap lage yo bay reken sou tè?

Reken pou reken, ou tou lage yo bay blan meriken?

 

Bon, ki kote w wè nan peyi Dayiti ki gen plas ankò pou fouye fòs?

Afòs w ap fouye fòs, ou pa wè bab ou

Sanble sèl ki mele ak pwav, soupoudre ak yon ti pousyè kleren,

konpozisyon dyabolik! Pou atire lougarou!

Konsa, ou tounen chou blan meriken plante nan kafou mòsanjou pou fè babekyou ak vyann pèp

Yon nouvo modèl san manman yo kreye nan lakou lanfè pou chante vèy timoun peyi Dayiti gwo midi

Mwen te wè ki kote konfyolo sa a t ap rive

Konplo moun sòt ak moun mechan, se kòktèl ki pi mòtel.

Jojo mouri pou je l, men se tèt li k ap kontinye travay.

Twa fwa mwens!

Konsa, li tounen zonbi nan lakou bawon lakwa ki kontinye travay pou kolon dèyè kay Solon!

Nan zafè zonbi tèt bese sa a, yo tou ba w yon jòb de pye devan

Komisyon voye, se pye k poze

W ap travay pou w bay kolon blan rezilta ki fè l plèzi,

Men kou jou a rive, ou rele l vin pran byen l

Se mèt chyen ki manyen tèt chyen.

 

Men w pa manke san wont!

Pandan pitit papa Desalin ak Kapwa Lanmò ap batay pou kenbe flanbo diyite byen wo,

Ou tonnen Jan-Batis Konze nan rele banbochè vin bwè san pitit Chalmay Peralt nan gode emaye.

 Ou pa wè danse mesye solèy ak madan lalin sou tonm papa Desalin.

O! se pa « n », se « m »?

« M » tankou nan lanmèd pou sanzavez ki sanble tèt koupe ak flè kafou,

Nan fè mechanste pou fè nèg sèvi tòchon pou siye pye mayas ak djòl bokyè?

Bon, ki sa ki dous konsa nan san nwa pou lisifè ap swiv li tankou foumi k ap mache chèche siwo loja nan badji papa lwa?

Nan lakou lanfè, pa gen yon jou nwa pa tonbe anba bal malfetè,

Poutan, travay ou se envite lisifè vin banboche nan san nwa nan lakou Benwa Batravil?

Konsa, ou fout tou fè yon ti kòb!

Yon kòb ak tout libète pou w achte tèt ou nan men ti kiki.

Mesye ohhhh… a l on bonnonm mechan!

 

Wilner Predelus, PhD

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES