Mantalite ayitien an, yon pongongon ki kouche ankwa kont devlòpman peyi-a

Selon sa ke nou aprann, tout sa lòm fè se dabò enterè l’ap chèche. Èske se yon problèm ? nou reponn wi epi non. Si toutfwa enterè-a pa poze tò ak lòt moun nan sans pròp tèm nan donk li vin tounen yon bagay nòmal, tankou, pran pa nan yon konkou pou okipe yon pòs. Chache devlope yon zòn pou genyen genyen konfyans popilasyon an, jis pou’w al patisipe nan eleksyon pouvi ke ou kredib epi ou gen konpetans pou ou byen repreprezante mandan yo, donk se pa problèm.

 

Diksyonè Ti Robert defini mantalite kòm : Eta lespri yon moun, fason li panse epi jan li konprann lavi-a. e sa lye ak tradisyon, aprantisaj. Paske yon moun toujou limite ak sa li tande, sa li wè, sa l’ap vi epi sa li konprann.

 

Pyès peyi paka devlope osinon avanse si pitit tè-a gen move mantalite, sa vle di, si moun sila yo panse mal, yo egoyis epi yo toujou ap met chay sou do lòt, lè yo bouke met chay sou do lòt yo menm rive di se letranje ki pa vle peyi-a vanse…

 

Moun ki pat jwenn lopòtinite al lekòl rayi sak t’al lekòl. Sila yo ki tal lekòl men ki pat vle byen aprann, kè yo anfle lè yo wè lòt moun ap prodwi. Yo santi ke se yon derespektan. E se sèl Bondye ki ka di yon mo pou zanmi sa k’ap fè jefò-a.

 

Nan lanne 2002, antanke maestro fondatè Groupe Flambeau de la grâce, kote Mesye Hugues Dorrélus te planifye yon rankont pou komite group la ak Pastè Jean Molès Lovinsky Bertomieux ki malerezman kite nou. Aprè entèvyou nan emisyon La Manne du matin, sou Radio Caraïbes, Pastè  Moles te resevwa nou nan biro li. Lè sa l’ap esplike nou kouman mantalite Ayisyen yo tèrib. Antanke timoun Trianon, zòn Mirebalais, premye ti gason ki desann sètifika nan zòn nan, yon malfektè manje’l, men pou kisa ? moveje-a bay kòm agiman ke li aji konsa pou ti gason sa pa vin pran tè peyizan yo nan zòn nan. Men an reyalite se pou’l pata tounen yon entèlektyèl pou devlope zòn nan. Aprè sa fin pase, Pastè Molès di nou ke paran’l tou vin mete’l lekòl Pòtoprens.

 

Bò kote pa’m, m’te tou tonbe reflehi e se lè sa m’ap rann mwen kont pou ki rezon papa’m t’ap travay di nan kiltive latè konsa epi manman’m te madan sara, jis pou te retire’m lekòl Potino zòn Cornillon, Grand-Bois, kote nou soti, pou yo te mete’m lekòl Pòtoprens, depi a laj de 8 lanne. Paske lè-ou nan yon zòn yo pa konn kote’w soti, malfèktè pa konn orijin ou, sa konn yon avantaj, paske lè pou y’al mennen ankèt mistik pou yo ta konnen kilès ou ye, anpil fwa Bondye konn fè-ou gentan pase etap la. 

 

Gen de timoun ki entèlijan lekòl, depi malfèktè a kapab, y’ap dejwe’l oubyen touye’l. E sa ki pi grav la, pafwa se pròp manm fanmi-an k’ap fè sa. Kontrèman ak nou, USA, Canada, France, Japon pou’n site peyi sa yo sèlman, lè yo remake yon ti jeni kèlkeswa ran soyal li, ou orijin li, yo jis ankadre’l. se konsa peyi sa yo ap toujou devan. Men Ayiti se detwi sèlman nap detwi. Kòm prèv, men eta peyi nou.    

 

Youn nan bagay ke’m sezi tande se yon jèn fi ki t’al nan ekzamen bak, li mache ak 3 plim epi 2 kreyon, lè pou’l kòmanse konpoze li konstate ke youn nan plim ak kreyon yo paka ekri nan men’l, lè li tonbe kriye, siveyan an entèveni, li wè ke menm plim ak kreyon sa yo ekri nan men lòt moun men yo pa ka ekri nan men elèv la. Nan sans sa, siveyan an prete demwazèl la yon plim e li ekri ak plim yo prete’l la san problèm. Kisa ki te pase menm ? se yon moveje nan fanmi an ki monte plim yo ba li jis pou li pat reyisi. Gad yon mantalite !

 

Youn nan ansyen fòmatè mwen nan metye Feronnri, kise Mesye Fritz Alexandre, e lè li te pran pansyon nan lanne 2014 se mwen kite te ranplase’l antanke Direktè Centre d’Apprentissage de St-Martin (CASM). Pami tout konsèy li te ban mwen, m’ap pataje youn ak nou : « Depi ou komanse ap evolye fòk ou kite zòn ou te leve a, pa rapò ak mantalite aysyen genyen ou gen dwa wè pi fò moun nan zòn nan konsidere’w kòm yon menas » Sa Direktè Alexandre di-a tèlman se yon verite, gen de zòn yon moun abite, si li ta rive posede yon vye kamyonèt, sa ka fè’l menm rive pèdi lavi’l oubyen pèdi machin nan.  Nan menm lide sa, gen yon sitwayen m’te rankontre sa gen anviron 3 lanne, li travay epi ekonomize jouk li rive achte yon ti bis 18 plas. kèk moun nan zòn nan tou profite abòne ak li chak maten, sila yo k’ap mennen ti moun lekòl, ki pral travay elatriye... yon bon jou, gen youn nan moun ke li gen kontra avèk li ki pa jwenn plas. Lè li verifye li wè se yon lòt vwazen ki chita nan plas la, li di’l, zanmi’m li p’ap posib pwiske m’gentan gen yon dizon ak moun sa deja. Souple fè yon ti deplase. Malfèktè-a reponn: ou fè’m desann ! ebyen ou p’ap gen machin ankò. Chofè a te panse ke se te yon blag, se wè li wè, machin nan ap pran pa’n sou pa’n nan men’l jouk tan tibis la demoli.

 

Yon bon jou m’te tande yon ansyen kolèg travay ki tap fè yon vye blag, li di : « Abon, entèl vin nan yon travay li wè tout moun ap danse sou yon sèl pye epi li bezwen vin gate dans moun la. Amwen ke li ta renmen gra sèlman nan yon pye ». fòk nou note ke mantalite retrograd sa fè ke nou rayi tout moun ki nan yon pozisyon kèlkonk, tip de moun sa yo toujou met tèt ansanm pou yo fè mal. Lòt bagay mantalite sa fè nou toujou ap fè sèman pou rale madichon sou nou tankou : tonè boule’l, vyèj pete je’l, se pou mò papa’l kase kou’l sèk elatriye. Men ou p’ap janm tande yon Ayitien ap sèmante pou di : ke’m mande Bondye m’rich,  ke’m mande Bondye pou tout Ayitien fè efò nan vi yo…

 

Gen yon ansyen kandida pou pòs depite, yon bon pati nan fanmi’l pat vote’l, jis pou yo pa kite’l vin chèf sou yo. Sak pirèd youn nan yo te rete kay kandida sa. Éske ou wè Ayitien gen parèy ak mantalite sa ?

 

Gen de nan fanmi yon moun sòti menm yon pyès kay li pa otorize fè paske lòt mann fanmi yo ap detwi’l, e kèlkeswa fason-an. Lektè’m yo, anba ti bout syèl ble sa genyen wi. Pou’m kore sa’m di-a, nan lanne 2012, M’tal vizite yon jèn dam ki te malad men yon fason biza, kote yon malfèktè voye yon mò santi sou li, kèk jou aprè li te mouri. Nan epòk sa kach nen potko alamòd pou yon moun t’al kote dam sa, se bouche pou,w te bouche nen’w. Selon sa yon frè’l rakonte’m, se paske dam nan vann yon moso tè pou l te ka vwayaje, la nan fanmi an yo fe yon koalisyon epi yo fini ak li. Se s’ak fè gen de moun k’ap regle dosye yo, se an kachèt, se lè yo fini ak tout bagay kèk moun a okouran, se jis pou yo evite.

 

Mantalite Ayitien fè ke yo jalou menm de yon moun ki vle fè progrè. Tandiske nan peyi devlope yo, moun yo tèlman gen okipasyon donk yo p’ap menm desann nan yon nivo ba konsa. Toutfwa, pa bliye ke yon moun ki gen bon sans fòk ou ta wè ke mantalite Ayisyen yo biza anpil. Nan anpil lòt peyi, lè ou gen yon moun ki mouri yo konpatib ak doulè-a, sa yo genyen yo pote bay fanmi an. Men lakay pa nou, lè nou gen yon pròch ki mouri, pi fò fwa yo se nan fèt zanmi yo vini. Sa tèlman  grav, gen yon madanm ki t’ap viv nan malsite, li t’ap pale nan telefòn ak youn nan pitit pitit li yo k’ap viv nan peyi letranje, sa’w konn jennjan di grann li : a ou pa bezwen enkyete’w paske lè ou mouri n’ap met ansanm pou’n ba ou yon bèl antèman. 

 

Anpilfwa yon moun gen yon problèm, swa li fè aksidan, yon ka de maladi elatriye,  Ayisyen an pito ap fè foto ou video olye yo chèche pote sekou bay moun ki nan detrès la. Nan sans sa nou itilize teknoloji an mal. Yon machin tonbe an pa’n, yon moun ka manke tonbe ou menm tonbe, yon lòt olye pou’l vin ede’l, li pito ap farouche’l. tandiske gen yon provèb ki di : « si ou pa gen anyen pou bay yon pòv pa kraze kwi’l ». tip de mantalite sa ap fini ak nou. kidonk, sa se youn nan koz ki fè nou pa kiltive chanjman. Paske, si lavi’m pa chanje, pou’m chanje kominote’m nan dabò, kijan mwen ka pretann ke m’pral chanje peyi-a ?

E youn nan fason pou’n chanje kominote a se pou’n panse pou lavni, Gen moun ki di ke yo p’ap plante yon mango, zaboka, zoranj elatriye, lè ou mande yo pou kisa? Yo reponn paske y’ap gentan mouri donk se lòt moun ki pral jwi. Sa yo pa konprann, sèke fwi ke y’ap manje jodi-a se yon moun ki te panse ak yo ki te plante’l e si moun sa te egoyis menm jan ak yo, kouman yo t’ap ye jodi-a ?

 

Zanmi lektè mwen yo, n’ap dakò avè’m ke youn nan bagay kifè Ayiti  yon ti peyi, se mannyè pèp la (mwen ak ou) reflechi, konbyen lòt peyi kifè pati de Antiy yo, tandiske menm Lagonav 4 fwa pi gro pase yo men sa pa anpeche Ayitien ap batay pou al ladan yo. Poutèt kisa ? pitit peyi sa yo kiltive yon bon mantalite, se pa yon mantalite kote yon malfèktè al sere madanm li, pitit li, mennaj li, zanmi li nan peyi letranje tandiske l’ap boule kaotchou epi fè tout kalte vye zak pa bò isit.

 

Vye mantalite sa yo fè nou pa kwè nan valè, swa fason fizik ou moral, nou toujou vle detwi valè olye pou nou akòde valè ak valè. saj la gen rezon lè li di ke se valè ki konnen enpòtans valè… mantalite kifè’n panse ke’n siperyè ke tout lòt moun, se yon mantalite neyokolonyalis, kòman ou ta imajine pou yon moun ta panse ke se sèl li ki gen solisyon peyi-a, e menm rive tonbe nan ilizyon ke se pou li sèl papa Dessalines te batay pou kite pou li ti bout tè sa, se sak fè li p’ap janm met tèt li ansanm ak lòt yo paske si’l met tèt ansanm ak yo peyi-a ap vanse. Donk si mantalite nou ta rive chanje tout bon vre, Etazini ap ralanti konsiderableman sou rapatriman Ayitien yo. M’pa menm ta bezwen pèdi tan pale de Sendomeng, k’ap mache toufounen Ayitien, di ke yo ilegal e menm etidyan nou yo nouvo kolon sa yo pa epanye, depi yo rankontre yon Ayitien yo imilye’l, bat li e menm elimine yo. Men ou pa mande’m pouki ? Se paske Ayitien te fè 21 lanne ap okipe Sendomeng epi yo wè ke Ayitien ap viv nan chirepit, Ayiti pa yon fyète nan mond lan donk chak lè Dominiken yo gade yon Ayitien ki oblije kite peyi li pou koz ensekirite pou’l vin chèche lavi miyò nan peyi pa yo, yo santi se yon ront pou yo. Tandiske yon Espanyòl ki ilegal kap viv Sendomeng pap jwenn menm tretman ak yon Ayitien. Kwake peyi Espagne te okipe yo tou. E pi plis, Dominikani gen gro tonton lame. Men lame Ayiti-a pa menm reprezante yon dizyèm de pa vwazen an, kouman ou vle pou yo respekte nou ? E sak pi grav ou pa tande pri viza dominiken ? Tandiske lè yon Dominiken ou yon lòt etranje ap rantre Ayiti li fèl jan li vle paske Ayiti se youn nan ra peyi nan mond la ki pa gen viza. Men la se mantalite nou ki anpeche nou mete yon viza obligatwa pou tout etranje k’ap rantre Ayiti.

 

Tip mantalite neyokolonyalis ke n’ap enplemante depi kèk lanne fè ke nou pa wè anyen ki konsène nou menm, move tretman y’ap enflije konpatriyòt nou yo nan peyi Turquie, kay vwazen pa fè nou ni cho ni frèt, dayè sa pa gade dirijan nou yo. Men nou konpatib, nou tou prèt pou kondane, oubyen wè tout sa k’ap pase Moscou, la France, Ukraine, en Afrique elatriye.

 

Gade tip de dirijan ke nou genyen : rezilta pou yo se mache fè foto, video epi lage sou rezo sosyal, kote yon otorite ba li lanmen se pi gro explwa pou li, l’ap manje li fè foto a lage’l, l’ap pale ak yon otorite li gentan pibliye’l. e gen kèk otorite ki fè aranjman ak yon seri de zanmi nan Près la pou bay rapò pou yo sou pretèks yo konstwi rout yo fè sesi sela, ofon se manti. Men pi fò moun nan popilasyon an ap repete o entèl travay. Poutan otorite nan Leta k’ap travay tout bon vre pa gen tan pou y’ap mache fè piblikasyon pasi pala sou rezo sosyal e tout moun ki gen bon sans wè yo bay bon rezilta.

 

Men sa’m’ap propoze kòm kòmansman solisyon ak problèm mantalite sa, ann sispann kritike prochen nou, sispann rayi yo. Paske, gen de bonèt yon enmi taye epi met nan tèt yon moun, lap sanble ak li wi. Poutan se pa vre. Nan menm lide sa, se sèl Bondye ki ka delivre moun sa. Epi pa bliye bagay sa yo se pyès monnen toupatou nan adminitrasyon piblik kou nan prive.

 

Si nou vle gen yon lòt peyi, yon peyi tout bon, se pou’n koumanse chanje mantalite nou,

Imouris ayisyen Théodore Beaubrun di Languichatte debòdis, ke nou salye memwa’l, te rakonte blag sa-a, « kote yon senatè ki t’ap vwayaje sou lanmè ak plizyè lòt moun epi g’on timoun ki tonbe nan dlo-a, rapidman youn nan moun ki tap viv ensidan an, reflechi konsa: senatè-a se yon otorite, donk li gen plis chans pou y’al pote’l sekou ke timoun nan, sa’l fè li pouse otorite a nan dlo ki tou pran timoun nan lè yo vin sove’l. Aprè sa, lè yo mande senatè a pou li di yon paròl selèb de sa ki sot pase a, otorite a di : lanmèd pou moun ki te pouse’m nan dlo a ».

 

Li pa enposib pandan ke w’ap li atik sa w’ap mande kijan mantalite nou pral fè chanje ? ebyen repons la senp, pa gen yon pèp ke mantalite’l chanje san ke se pa fòse yo fòse’l, nan sitiyasyon ke nou tonbe, kote yo ban nou yon konsèp ki rele demokrasi, se kontinye n’ap kontinye desann nan lanfè. Atansyon se pa paske demokrasi a pa bon non, se jis ke Ayitien gen reyalite pa’l. donk, bonè kou pita, Bondye ap sisite yon GRAN AYITIEN ki nan tranp Fidèl Castro, Sankara oubyen Nelson Mandela. Avèk pou objektif : rekonsilye tout pitit tè-a ansanm epi delivre nou, lè sa n’ap wè ke se li ke nou t’ap chèche-a, men peyi zanmi nou yo ap kalifye’l de diktatè. Menm jan Cuba te yon tip de peyi nan lanne avan 1959 e aprè li vin yon lòt, jodi-a peyi sa se youn nan limyè nan zafè lamedsin, syans elatriye. Nan lanne 1983, Sankara te di yon mo pou peyi’l, li te bay bon lekzanp kote li te desann tren de vi Leta-a, kote avan sa ki t’ap gaspiye resous yo, jis pou peyi’l te k’ab vanse.  E nan sid Afrik la, lè patizan Mandela yo te panse ke yo pra’l regle vye kolon yo, jan Ayitien ta di van an vire, men nan move sans sèlman wi…, Gran moun sa, Nonm sa, gran Ayitien sa ou Diktatè sa, jan ke ou vle rele’l,  ap enpoze nou yon lòt mantalite epi pwen ba.

 

Pou’n fini, mantalite nou tèlman gaye, nou akiltire, nou vin egoyis menm egosantrik. Donk  sèlman yon despòt eklere, byen fòme, ki gen karaktè, boure ak konsyans ki pou refòme mantalite nou ! Pandan ke lap met de kote fo demokrasi sa pou’l vin ak yon sistèm ekilibre ki kadre ak reyalite pa nou. Lè sa pitit tè-a ap resi respire nan mond lan.

 

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES