Nòt Asosiyasyon militè d'Haiti

0
1003

Asosiyasyon militè d'Haiti  la vèy anivèsè  nesans lame nan dat 18 novanm  paka kache prewokipasyon l pa rapò ak eta sitiyasyon ensekirite k ap vale  teren an...

          Menm  jan ak tout rès popilasyon an ,enkyetid  nou wo anpil  sitou  le nou konstate  enkapasite  PNH la pou l fè gang yo konprann kò yo.   Ak Atitid  kanpe lwen lame d Haiti pran sou kesyon an depi 1904, misyon asosiyasyon an ki se pwomosyon lame a , tounen yon misyon boukliye  pa rapò ak kantite mesaj, yonn pi pike pase lòt, n ap resevwa nan men sitwayen yo. Mesaj  jouman nou chwazi pa  reponn ak konsyans pase nou gen menm prewokipasyon avek yo.....kidonk nan lide pou nou pi byen konprann pou nou ka patisipe korèkteman nan pèmèt lame ak PNH jwe wòl yo, nou  ta apresye kèk sigjesyon osinon repons sou de twa keksyon yo poze nou .....pa bliye lame ak la polis pa byen prive yon gouvènman, lame ak lapolis se byen tout popilasyon an.

 Kidonk, repons wap bay yo ap rete konfidensyel e ou ka ajoute refleksyon ou konsidere itil .san paspouki  san kosmetik Asosiyasyon militè d Haiti ap envite  tout sitwayen patisipe kit ou dakò ak lame  osinon pnh kit ou pa renmen lame osinon PNH.

   Ou ka voye repons yo pa whatsapp   509 37 02 47 52 ou 37 02 49 19

 Oubyen pa mail: amidh 1904@g mail.com

 ESKE OU KWE:

1)PNH kapab pou kont li rezoud pwoblèm nan?

2)FADH kapab ede rezoud pwoblèm nan?

3) PNH pa kapab rezoud pwoblèm nan

4) FADH pa kapab rezoud pwoblèm nan?

 

 ESKE OU ESTIME

SE MANK MOYEN

    5) POU PNH

     6)POU FADH

ESKE OU PANSE

SE DIRIJAN A LA TET YO KI PA GEN VOLONTE OUSNON KONPETANS POU SA

7)DIREKSYON GENERAL PNH

8)ETAT MAJOR FADH

 9) MINISTE JISTIS

   10) MINISTE DEFANS

 ESKE OU DAKO AK NESESITE POU MODENIZE AK PWOFESYONALIZE  INSTITISYON YO

11)PNH

12 )FADH

 Eske ou gen lot remak AK sigjesyon

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES