Nòt pou laprès

An n travay ansanm pou tout moun gen menm dwa pou n ka fini ak maladi SIDA nan peyi d Ayiti

0
926

Pòtoprens, Ayiti 30 Novanm 2022 : Nasyonzini nan peyi d Ayiti mande tout pèp la pou travay ansanm pou tout moun kapab genyen menm dwa nan lide pou frennen maladi Sida nan lane 2030, se yon vizyon ki makonnen ak Ojektif Devlopman Dirab peyi d Ayiti te pran angajman pou li.

Ulrika Richardson, ki se Kòdonatris Rezidan ak Imanitè Nasyonzini nan peyi d Ayiti, te di anvan Jounen Mondyal SIDA 2022 a, yo selebre nan tout peyi nan mond lan chak premye desanm  : “ Nou ka fè fas kare ak inegalite ki pèmèt pandemi SIDA a kontinye a; An reyalite, fen maladi SIDA a ka sèlman vin reyalite si nou atake enjistis sosyal ak ekonomik.”

Jounen Mondyal SIDA a se yon okazyon pou moun reyini ansanm pou montre solidarite ak moun k ap viv ak moun k ap soufri ak VIH, ki se viris ki mennen nan SIDA a, epi sonje moun ki pèdi lavi yo akoz maladi sa a.

Tèm selebrasyon ane sa a se "An n travay ansanm pou tou moun gen menm dwa", se yon apèl pou kenbe epi jwenn sipò lajan pou ede kwape viris la epi bay priyorite sante ak byennèt pou tout moun, sitou popilasyon ki plis nan bezwen yo, ki pa jwi menm dwa ak tou moun nan sa ki konsène VIH la.

Analiz ki prezante nan dènye rapò ONUSIDA a, "Inegalite ki danje", montre zafè pa gen menm dwa pou tout moun lan ap anpeche pwogrè nan direksyon pou atenn objektif mondyal yo ki te dakò pou fini ak SIDA.

Nan peyi d Aayiti, se Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ki dirije selebrasyon premye Desanm nan epi ONUSIDA ak patnè nasyonal ak entènasyonal yo bay sipò. Evènman an konsantre sou nesesite pou adapte repons nasyonal yo ak bezwen popilasyon ki sible yo yo ki pa satisfè, sitou kominote LGBTQI, nan elimine zafè lonje dwèt sou moun nan ki se estigmatizasyon ak zafè mete moun a kote a ki se diskriminasyon.

Zafè moun pa gen menm dwa selon sèks yo kontribye anpil nan maladi SIDA an Ayiti. Genyen plis fanm ak tifi kap viv ak VIH (2.2 pousan) konpare ak gason (1.4 pousan). Nou dwe prese prese panche sou zak vyolans seksyèl gang nan kapital Pòtoprens yo itilize kòm fason pou yo opere ane sa a, ki mete lavi ak byennèt fanm ak tifi plis an danje.

“Diminye risk ak enpak VIH yo ap toujou bezwen efò tout moun nan kominote a, fanm ak tifi, gason ak ti gason, nan tout divèsite yo, ki pratike prensip ki bay tout moun menm dwa kèlkeswa sèks yo  pou travay pou mete fen nan vyolans ki baze sou sèks... An n pouse pou tout moun gen menm dwa”, pawòl Doktè Christian Mouala, Direktè ONUSIDA nan peyi d Ayiti.

 

---Fen---

 

REMAK POU EDITÈ: Nan tèt kole ak Pwogram Nasyonal pou VIH/SIDA (PNLS), Pwogram Konjwen Nasyonzini pou VIH/SIDA an  Ayiti k ap sipòte repons nasyonal la, konpleman aktivite ki aplike atravè envestisman GFATM ak PEPFAR epi travay pou objektif entènasyonal tout moun te dakò yo ki makonnen nan Estrateji Global SIDA 2021-2026.

 Pwogram Konjwen Nasyonzini pou VIH/SIDA se yon antrepriz fanmi Nasyonzini ki rasanble efò ak resous 11 òganizasyon sistèm Nasyonzini yo pou mete linyon nan mond lan kont SIDA. Òganizasyon k ap patisipe yo ki fòme ONUSIDA, yo rele tou kosponnò ONUSIDA, se : OIT, PNUD, UNESCO, UNFPA, UNHCR, UNICEF, UNODC, ONU Fanm, OMS, Bank Mondyal, ak Pwogram Alimantè Mondyal.

Pou plis enfòmasyon kontakte:

Daniel Dickinson, Biwo Koòdonatè Rezidan ak Imanitè dickinsond@un.org

Paola Solda, Biwo Peyi ONUSIDA Ayiti soldap@unaids.org

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES