Grandè peyi d’Ayiti, yon trezò kache nan men pitit vrè pitit tè-a pa mwayen yon konstitisyon ki reponn ak reyalite nou

Dezyèm pati

Zanmi lektè mwen yo, nou te resevwa premye pati a ki gen 47 atik kle ladannl, e li te pibliye nan dat 14 novanm 2022 a, nan jounal Le National epi nan lang franse (La grandeur d’Ayiti,  un trésor caché aux mains de ses vrais fils par le biais d’une nouvelle Constitution). Se nan lojektif pou’n ka anfen gen yon peyi tout bon vre, k’ap bon pou nou tout. Ayitien k’a viv anbyen sou bout tè Dessalines nan. E frè’n ak sè’n yo k’ap viv nan lòt peyi ka fyè pou vin envesti davantaj epi kreye djòb lakay. Pou nou rale yon souf, fòk nou gen yon bon konstitisyon ki reponn ak reyalite ke n’ap viv. Jis pou’n mete yon fren nan peyi nou k’ap degingole chak jou. Anpil fwa se pa vrèman fòt responsab yo non, men se de preferans y’ap jwi de yon sistèm ki monte kont peyi-a ak tout mas defavorize yo. Nan sans sa, m’envite nou li dezyèm pati vrè konstitisyon nou an ki gen 37 atik ladann, pandan ke m’ap profite remèsye tout zanmi ki te bay pwendvi yo sou premye pati-a.   

Atik 48. Dezòmè sèl Lang ofisyèl peyi d’Ayiti se Kreyòl. Nan sans sa, tout ansèyman popilasyon an ap fèt an Kreyòl, kit se lekòl klasik, profesyonèl ak inivèsite. Tout manyèl eskolè yo dwe tradwi an kreyòl epi tenikont de reyalite nou. Konstitisyon an dwe ekri epi pibliye an kreyòl.

Atik 49. Tout korerespondans, tout kontra  nan enstitisyon piblik kou prive dwe an kreyòl. Tout priz pawòl sou teritwa a dwe an kreyòl. A mwenke se ta yon etranje ki poko fin alèz ak lang pèp Ayitien an ki se lang kreyòl la.

Atik 50. Lekòl ap resevwa timoun yo apati de 3 lanne akonpli. E lekòl la ap gen twa (3) sik detid : Nan premye sik la ki se Jaden Timoun yo, l’ap genyen sèlman 2 klas ladann premye ak dezyèm ane. Dezyèm sik la ap genyen 6 klas ladanl k’ap kòmanse depi premye lanne pou rive sizyèm lanne fondamantal, noteke, elèv la ap tou tèmine 2e sik la ak yon ekzamen ofisyèl. Twazyèm sik la ap kòmanse nan setyèm lanne pou rive nan dizyèm lanne k’ap tou tèmine pa yon ekzamen fen detid.

Atik 50. Leta angaje’l pou konstwi plis lekòl klasik ak profesyonèl an kantite e kalite epi mete bon jan estrikti ladan yo.

Atik 51. Dezòmè apati de piblikasyon Konstitisyon sa-a ap gen yon sèl tip lekòl ak yon sèl vitès pou tout peyi-a. kantite liv yon ekolye ap pote pa klas se Leta k’ap fikse yo. Pa gen kesyon chak ane ou tande liv ap chanje, oubyen tèl responsab lekòl deside’l pou sèvi ak lòt liv jan lide’l di’l. Nan ka yon direktè lekòl k’ap chache fè zafè pa’l, l’ap pase yon lanne nan prizon epi peye yon amann yon-milyon (1000000.00) goud.

Atik 52. Touswit aprè piblikasyon konstitisyon sila, ap gen twa (3) dènye ekzamen ofisyèl 9m ane fondamantal sou twa lanne. Elèv ki reyisi yo ap monte nan 10m ane kise dènye liy dwat etid yo. Ministè Levasyon ak Fòmasyon Profesyonèl nan tèt kole ak Akademi kreyòl pral lanse yon vas operasyon tradiksyon manyèl eskolè yo, epi fòme elèv yo davantaj nan pi bon mannyè pou yo li, ekri pale lang kreyòl la. Noteke tout elèv kite gentan reyisi 9m ane fondamantal yo, ak ansyen klas yo te rele Ns1 rive nan Ns4 pral pase yon klas inik pou yon mizanivo epi yo pral konpoze prochen lanne pa rapò ak dat piblikssyon manman lwa peyi an. Men kouman nouvo sitèm nan ap amonize.

Atik 53. Aprè piblikasyon konstitisyon sa a, tout peyi ki zanmi Ayiti ki ta gen entasyon ban nou yon èd, se reponsab Ayitien ki pou di men nan ki sektè daktivite ke yo ap aksepte èd sa. Sa vledi ke si se nan rout ou nan sante. Men jamè Ayiti p’ap resevwa èd nan men lòt peyi nan zafè edikasyon ak agrikilti.

Atik 54. Nan 10m ane fondamantal ap gen yon nouvo kou kise: oryantasyon profesyonèl. Kou sa ap gen anviron 20 modil ak atelye travay ladann. Se nan sans pou kanalize jenn nou yo nan pi bon mannyè pou fè chwa yon metye.

Atik 55. Yon anplwaye Leta, yon kontraktyèl ou yon lòt endividi ke otorite konpetan yo t’a bare k’ap vann ekzamen ofisyèl, k’ap bay elèv poul oubyen k’ap konpoze nan plas yon elèv: moun sa ap pase 5 lanne nan prizon epi peye yon amann twa-milyon (3000000.00) goud.

Atik 56. Yon elèv yo bare k’ap pran poul deyò nan ekzamen ofisyèl ap pase sis (6) mwa nan prizon epi peye yon amann desan senkant mil (250000.00) goud.

Atik 57. Selon prensip, sa ou genyen se sa ou ka bay, pyès anseyan ki pa kalifye p’ap jwenn otorizasyon anseye kit se nan lekòl klasik, profesyonèl oubyen inivèsite. Yon anseyan pa dwe anseye plis ke yon matyè. Tankou, sila k’ap anseye mat ap ret nan mat, sila a ki nan fizik dwe ret nan kou fizik elatriye...

Atik 58. Depi nan klas premye ane fondamantal pou rive nan dizyèm (10m) ane tout lekòl ap anseye la Bib, e apati katriyèm (4m) ane fondamantal pou rive nan 10m ane ap gen ansèyman Enstriksyon sivik ak Moral. Noteke, 2 matyè sa yo ap nan tou 2 ekzamen ofisyèl yo. Donk, yo obligatwa.

Atik 59. Yon moun ki pa tèmine klas li p’ap ka al siveye elèv k’ap sibi ekzamen ofisyèl, kit se ta nan 6m ane ou nan 10m ane. E si yon moun pa inivèsitè nan domèn edikasyon ou youn nan syans konèks yo li p’ap ka vin sipèvizè ak direktè syèj ekzamen ofisyèl. Yon endividi otorite konpetan yo ta bare k’ap tronpe vijilans ap pase yon lanne nan prizon epi peye yon amann senk-san-mil (500000.00) goud.

Atik 60. Nan dosye chwa syèj pou òganize ekzamen, se lokal lise ak lekòl nasyonal k’ap an priyorite. Nan ka lokal ki disponib yo pa ta sifizan pa rapò ak nonb elèv yo. Responsab yo ap oblije al lwe kèk lokal lekòl prive pou syèj. 

Atik 61. Nan zafè koreksyon ekzamen ofisyèl, tout korektè yo dwe kalifye, konpetan epi gen omwen senk (5)lanne depi y’ap anseye matyè ke enterese a ta renmen al korije-a. Nan ka ke yon endividi otorite konpetan yo ta bare k’ap tronpe vijilans ap pase yon lanne nan prizon epi peye yon amann yon-milyon (1000000.00) goud.

Atik 62. Anvan yon finisan lekòl klasik gen aksè ak inivèsite li dwe pase ant youn ou 2 lanne ap aprann metye manyèl nan yon Sant fòmasyon profesyonèl. Youn nan pyès pou’l enskri nan inivèsite a se papye metye manyèl li te aprann nan. Nan ka ke yon jenn t’a vin pou rantre nan inivèsite ta founi yon fo papye. kòm konsekans, e jenn nan e fosè a ap pase yon lanne nan prizon epi peye san-mil (100000.00) goud amann. Si toutfwa, jenn sila pa ta an mezi pou bay fosè-a, jenn nan ap pase 2 lanne nan prizon epi peye desan-mil (200000.00) goud amann. Ref. Atik 5.

Atik 63. Leta dwe ankadre Akademi kreyòl la pou li gen yon bidjè sifizan epi rekrite plis akademisyen ke posib sou baz kredibilite, kalifikasyon, konpetans ak prodiksyon. Noteke okenn etranje p’ap gen dwa travay nan Akademi kreyòl la.

Atik 64. Pèsòn p’ap gen aksè ak inivèsite si toutfwa li pa gen yon metye manyèl dabò. Nan sans sa metye manyèl vin tounen youn nan prereki pou inivèsite. Ref. Atik 62.

Atik 65. Tout jenn ki pase nan yon lekòl profesyonèl piblik ap dwe Leta venn-senk-mil (25000) goud pa ane fòmasyon. Tandis que tout jenn ki etidye nan inivèsite Leta-a, dwe Leta senkant-mil (50000) goud pa ane fòmasyon. Kou benefisyè sa a ap travay li dwe ranbouse Leta kòb la.

Atik 66. Pyès moun pa otorize kondwi yon veyikil san plak epi san polis asirans. Menm kan moun sa ta polisye, militè, manm gouvènman an, oubyen manm aparèy jistis la.

Atik 67. Chak veyikil sou teritwa nasyonal la dwe legal. Sa vledi anplis de kat (papye) veyikil la. Fòk li gen plak epi polis asirans li a jou. Prensip sa pa gen esepsyon.

Atik 68. Dezòmè tout veyikil lame ak la polis ap itilize nan kad travay swa pou mennen operasyon elatriye, veyikil sa yo dwe legal, nimewote epi byen idantifye pa rapò ak non kazèn nan ou komisarya-a zòn nan.

Atik 69. Yon moun ke otorite konpetan yo bare ap kondwi yon veyikil iligal dwe pase 2 lanne nan prizon epi peye Leta yon amann de-san-senkant-mil (250000) goud.

Atik 70. Pyès machin vit tente p’ap ka sikile nan peyi-a. menm kan se ta machin Prezidan peyi-a, jeneral Lame-a, direktè Polis la ou otorite jidisyè yo.

Atik 71. Nan kad pou’n proteje lòt jenerasyon kap vini, tout medya kap fè promosyon pou vyolans, ou pònografi. Kap pase fim pou eksite moun fè vyolans, eksite dezi seksyèl timoun, yo entèdi. Egalman, tout endividi k’ap vann sou sipò fim ki gen karaktè vyolan, k’ap eksite dezi seksyèl tankou moun k’ap ekspoze foto ou videyo ki gen rapò ak pòno fòmèlman entèdi sou tout teritwa-a. Donk, tout rekalsitran ap pase 2 lanne nan prizon epi peye Leta yon amann de-san-senkant-mil (250000) goud.

Atik 72. Tout mizik rabòday, mizik k’ap denigre peyi-a, denigre fanm, k’ap eksite vyolans fizik ak seksyèl entèdi pou pase an piblik, kit se nan bis, kamyonèt, sou moto, elatriye... Tout rekalsitran ap pase 2 lanne nan prizon epi peye Leta yon amann de-san-senkant-mil (250000) goud.

Atik 73. Chak ane Leta ap òganize sou tout teritwa a yon konkou chan sonèt ayitièn ak pwezi nan lobjektif pou ekzalte bote peyi-a epi retounen ak valè moral nou yo ki fin pèdi. Toutfwa, nonb finalis yo pa dwe depase 100 pa ane. E mizik ak pwezi sa yo pral pase nan transpò komen nou yo, nan tout medya yo elatriye.

Atik 74. Anplis de lòt ekipman, Leta ap dote chak komin omwen senk (5) dro’n siviyans ak tout yon sant ou baz siveyans k’ap kontrole pa lame.

Atik 75. Nan sousi pou Leta rantre plis kòb pandan l’ap anpeche chofè yo fè dezòd, Leta dwe mete nan limyè sinyalizasyon yo kèk kamera siveyans.

Atik 76. Chak antrepriz ou enstitisyon dwe genyen kamera siveyans ki an fonksyon anndan kou deyò. Si youn nan kamera sa yo ta an pa’n, responsab la dwe gentan sinyale sa nan meri ak kazèn ki pi pre-a.

Atik 77. Tout fonksyon piblik la dwe nimerize. Toutfwa, gen de enfòmasyon sansib fòk yon responsab gen nivo aksè anvanse pou’l konsilte yo.

Atik 78. Tout komisarya, tout kazèn ap dote de kamera siveyans. Menm moto ak machin pratrouy la Polis dwe gen kamera siveyans epi òdinatè.  Donk, lè yon chofè fè kontravansyon polisye a dwe esplike motif li bay chofè sa kontravansyon devan kamera.

Atik 79. Nan ka ke yon Polisye : ta pran pèmi kondwi pou bay yon chofè fo kontravansyon, kase pèmi kondwi chofè-a, pran lajan nan men chofè, bat chofè. Kèlkeswa youn nan ka sa yo ta repete, Polisye sila dwe pase yon lanne prizon epi tou pèdi djòb li.

Atik 80. Pyès Militè, ni Polisye kifè pati kò espesyalize yo p’ap ka bay yon chofè kontravansyon ni sezi pèmi kondwi li, ni arete’l sou pretèks li frape machin yo. Se de preferans prerogativ polisye routye oubyen administratf.

Atik 81. Yon militan politik, yon manm direktwa pati politik, yon eli (Kazèk, Majistra, Depite, Gouvènè, Vis-Prezidan, Prezidan) yon manm gouvènman-an ou yon otorite jidisyè: tout manm fanmi yo (mari ou madanm li, tout pitit li) dwe ap viv an Ayiti avan e pandan li an fonksyon. Nan ka kontrè responsab sa dwe tou pèdi djòb li.  

Atik 82. Konstitisyon an rekonèt ke 4 tandans politik ki pral regroupe an kat (4) pati politik : 1- tandans de Goch (sosyalis), 2- tandans de dwat (repibliken), 3- tandans santris epi 4- endepandan. Nan sans sa, apati de piblikasyon konstitisyon sa yon delè de yon lanne akòde ak tout responsab pati politik yo jis pou yo regroupe yo nan youn nan tandans diponib yo. Noteke yon fanmi (mesye, madanm ak pitit) pa ka manm direktwa 2 pati diferan. Nan eleksyon, chak pòs ap gen pou pi plis kat (4) kandida, soti nan kazèk rive nan Prezidan. 

Atik 83. Tout kandida, tout Konseye, tout Jij, tout Prokirè repiblik ak tout kad ki nome pa dekrè Prezidansyèl nan administrasyon piblik yo dwe konpetan, kredib, swiv yon plan karyè espesyalman nan enstitisyon ke yo pral desevi-a epi prodwi deklarasyon patrimwan yo. Nan ka kontrè yo p’ap elijib pou pozisyon an.

Atik 84. Tout endividi Ayitien ou etranje ke otorite konpetan yo bare nan zak ilegal, ou komès ki entèdi pa moral epi lalwa dwe arete epi jije pa Jistis Ayitien e tout byen yo sezi, dwe piblik epi rantre nan domèn Leta.

Atik 85. Chak etranje ki komèt yon move zak sou teritwa nasyonal la ap jije epi kondane an Ayiti. Nan ka ke Leta peyi moun sa ta mande pou voye endividi sa ba li, Jistis peyi d’Ayiti ap relache’l pou omwen yon kosyon di-milyon (10000000.00) goud.

Pou konkli, nou espere ke responsab yo ap tande la rezon, epi popilasyon an ap pran konsyans, nan sans ke y’ap tenikont propozisyon sa yo.  Yon fwa atik kle sa yo nan konsitisyon an aplike, problèm Ayiti tou rezoud a 90%. Lè sa dyaspora nou an y’ap gen fyète pou pale de peyi yo, e dezòmè yo p’ap neglije vizite peyi a epi envesti ladann.

Zanmi’m yo, nou antrave, lè ke se letranje k’ap mete nou chita pou di nou men atik pou’n mete nan konstitisyon nou, se grav. Paske etranje yo pa pi konn problèm nou pase nou. Donk si nou kontinye ap mande èd pou’n ekri yon lòt konstitisyon n’ap gate sa, paske saj la di : Moun ki finanse-a se li ki sèl kòk chante, konsa, sa li vle, se sa k’ap fèt.

Epi lòt bagay grav ankò se lefèt ke nou pa vle reflechi, yo rakonte’m ke youn nan fwa y’ap ekri yon konstitisyon pou nou, ou konn sa ekspè yo fè, yo gen nan men yo nenpòt yon douzèn lòt konstitisyon epi y’ap di ann pran tèl atik, lòt la di non ann pran sa pito, men sitiyasyon nou jodi-a, tandiske si nou t’ap reflechi sou vrè reyalite peyi-a, nou pa t’ap nan tout problèm sa yo jounen jodi-a. nan sans sa nou gen anpil frè’n, sè’n ki pase nan lekòl a letranje, se trè byen, men ou konnen pi gro problèm nou sèke moun sa yo fome pou sistèm peyi yo t’al aprann nan men se pa pou Ayiti, mizapa de kèk prensip jeneral nan zafè aprantisaj, fòk moun ou group moun ki sot aprann nan ta chita pou fè yon debrifin epi chwazi tout sa ki an rapò ak reyalite nou oubyen modifye lòt yo nan pi bon fason pou peyi’n ka vanse.

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES