Ansèyman nan lang manman n ak papa n, koumansman grandè Ayiti

Yonn nan pi gwo mal yo fè nou kòm pèp se ban nou franse kòm lang ofisyèl, sa mete yon eksklizyon, yon baryè nou pa ta janmen imajine. Sa tèlman grav, se jis yon ti minorite ki metrize lang etranje sa. Ou ka di bon se de (2) lang ofsyèl nou genyen. Mwen menm m ap reponn ou, 97% rèv nou jwenn se nan lang manman n ak papa n nou jwenn yo.

 

Kouman pou w wè nou gen pwòp lang pa nou, men dirijan nou yo pran yon malen plezi pou fòse nou pale, li, reflechi epi produi nan yon lòt lang.  li atik : Grandè peyi d’Ayiti, yon trezò kache nan men vrè pitit tè-a pa mwayen yon konstitisyon ki reponn ak reyalite nou.

Atik 48.- Dezòmè sèl Lang ofisyèl peyi d’Ayiti se Kreyòl. Nan sans sa, tout ansèyman popilasyon an ap fèt an Kreyòl, kit se lekòl klasik, profesyonèl ak inivèsite. Tout manyèl eskolè yo dwe tradwi an kreyòl epi tenikont de reyalite nou. Konstitisyon an dwe ekri epi pibliye an kreyòl.

 

Atik 50.- Lekòl ap resevwa timoun yo apati de 3 lanne akonpli. E lekòl la ap gen twa (3) sik detid : Nan premye sik la ki se Jaden Timoun yo, l’ap genyen sèlman 2 klas ladann premye ak dezyèm ane. Dezyèm sik la ap genyen 6 klas ladanl k’ap kòmanse depi premye lanne pou rive sizyèm lanne fondamantal, noteke, elèv la ap tou tèmine 2e sik la ak yon ekzamen ofisyèl. Twazyèm sik la ap kòmanse nan setyèm lanne pou rive nan dizyèm lanne k’ap tou tèmine pa yon ekzamen fen detid.

 

Atik 52. Touswit aprè piblikasyon konstitisyon sila, ap gen twa (3) dènye ekzamen ofisyèl 9m ane fondamantal sou twa lanne. Elèv ki reyisi yo ap monte nan 10m ane kise dènye liy dwat etid yo. Ministè Levasyon ak Fòmasyon Profesyonèl nan tèt kole ak Akademi kreyòl pral lanse yon vas operasyon tradiksyon manyèl eskolè yo, epi fòme elèv yo davantaj nan pi bon mannyè pou yo li, ekri pale lang kreyòl la. Noteke tout elèv kite gentan reyisi 9m ane fondamantal yo, ak ansyen klas yo te rele Ns1 rive nan Ns4 pral pase yon klas inik pou yon mizanivo epi yo pral konpoze prochen lanne pa rapò ak dat piblikssyon manman lwa peyi an. Men kouman nouvo sitèm nan ap amonize.

Tout otan nou pa gen kreyòl kòm sèl lang ofisyèl, nou fèt kare nan tèt chaje !

Èske ou ka imajine yon bann timoun ki nan inivèsite men ki pa ka fòmile yon bon fraz an franse ? anpil nan yo ki ka fòmile oubyen li yon fraz nan lang franse men yo pa ka byen prononse. Gen kèk lòt ki ka pale franse men ki pa ka byen ekri lang Voltaire ya.

 

Eske ou an mezi pou w te ka konte konbyen jako repèt nou genyen nan peyi sa?

Chak jou y ap repete san yo pa konprann ni pye, ni tèt de sa y’ap di a. kòm prèv gad jan n ap viv !

 

Pa rapò ak dosye lang sa, se pa ti diskriminasyon ki genyen, li enpòtan pou n di menm kan se nan lang manman w ak papa w w ap pale si toutfwa ou pa metrize sijè w’ap pale de li-a donk w ap komèt erè kanmenm. Ki dire, se nan yon lòt lang menm ke n’ap fòse pale, ekri epi chache konprann. Nou sonje, yon nonm ki te senatè peyi a epi yon jounalis RFI poze’l yon kesyon nan lang Voltaire ya, nonm nan danse, li netwaye gòj li, li ranje kravat li, li paka di yon mo, jouk tan ajan sekirite’l kriye :  « Atansyon chèf la, se yon konplo ». senatè a tou wet kòl. Ou ka di se paske misye a renmen fè flay, bon, m p ap antre nan dosye konsa ! Men sa m konnen si toufwa kesyon an te poze an kreyòl nonm sa pa t ap trennen kalte wont sa dèyè l.

Yon lòt ka grav, se yon chantè nan yon gwo djaz ki t al pèfòme kay tonton Sam, yon jounalis RFI poze kesyon an franse, chantè a pa remèt anyen !

 

Fwa pase –a, nan yonn nan komisarya ki nan depatman lwès la, kèk responsab PNH te vin enstale yon nouvo Komisè, mwen pa konnen si se kontan li twò kontan pozisyon an oubyen se kè li ki sote, de tout fason, Komisè-a lage anpil franse mawon.

 

Donk, frè m ak sè m yo fòk nou pridan, si toutfwa nou paka pale lang etranje-a ebyen ann pale kreyòl.

 

Zanmi lektè mwen se yon gwo verite wi, pou nou fè pwogrè, pou lòt peyi respekte nou epi pou n ka wè epi benefisye vrè talan jeni ki nan peyi-a, fòk nou adopte yon sèl lang sou teritwa nasyonal la ki se lang kreyòl. Pa bliye Espanyòl pale espanyòl, Franse pale franse, Anglè pale angle, Chinwa pale chinwa pou kisa Ayitien pa dwe pale, ekri epi produi an kreyòl ? byenke nou pale yon kreyòl ki baze sou yon defòmasyon chan leksikal lang franse-a, men ki reglemante ak nòm epi prensip menm jan ak tout lòt lang ki estriktire. Menm jan lang franse aksepte anpil mo laten ak kèk mo angle ladan l se menm jan lang kreyòl la gen mo: laten, anlgle, franse, espanyol ki ladan’l, toutfwa nou prononse yo ak menm vokabilè estanda-a.

 

Tout moun dakò ke yon lang se dabò yon mwayen kominikasyon li ye. Donk, se pa lobjektif mwen poum di w lang franse pa bon ! Men se devwa m antanke sitwayen konsekan pou m di w lang franse a bon pou moun Lafrans yo, se yo ki mèt lang yo epi yo tou gen Akademi lang yo. M ap ajoute pou m di w lang franse  a fè nou plis mal pase  byen. Paske li anpeche nou pwogrese.

 

Lang kreyòl la se yon bèl lang epi li bay plis avantay pase lang franse paske vokabilè lang kreyòl la estanda. Depi ou konn yon mo, li p ap chanje, toutfwa, nan mòd anplwa mo-a se kontèks la ki pral detèmine sans li. Ekperyans pwouve si 2 etranje ann di 2 Ameriken ki gen menm kopetans, yonn ta deside aprann kreyòl epi lòt la chwazi franse, kòm rezilta nan 6 mwa premye a t ap gentan byen pale, li epi ekri kreyòl tandiske fòk dezyèm nan ta pase omwen 2 lanne anvan li koumanse metrize lang franse-a. Gwo avantaj nou genyen menm jan ak tout lang ki estriktire, Lang kreyòl la gen pwòp alfabè li, tout silab yo pwononse, anplis nou gen pwòp akademi nou ki se Akademi kreyòl, de fèt, nou pa manke anyen sinon yon ti kras volonte. E li vrèman enpòtan nan nouvo konstitisyon nou pral genyen an pou lang kreyòl se sèl lang peyi-a.

 

Konsa timoun nou yo pa bezwen pase yon syèk sou ban lekòl, (gade atik 50 la), sa vledi yon timoun ki rantre lekòl klasik a 3 lanne ap tèmine a 15 lanne. Aprè timoun sila ap pase yonn ou de lanne nan lekòl profesyonèl. E aprè l ap gen aksè ak inivèsite. Oubyen, timoun ki fin tèmine klas li ka aprann youn nan lan etranje yo kòm metye tankou : franse, angle, espanyòl etc.  konsa kèlkeswa sa li aprann nan, lap sètifye ou diplome pou li.

 

Pou n tèmine, se yon kokennchenn travay ki fè apèl ak tout Ayitien konsekan nan peyi a kou lòtbò dlo, nan objektif pou fè yon pledwaye pou peyi a ka ranpòte laviktwa nan sans ke tout ansèyman nou yo kab fèt an kreyòl. N’ap remèsye Bondye pou travay ki gentan fèt deja nan bay lang kreyòl la jarèt, kote, gen anpil liv kreyòl sou mache a epi gen plizyè zanmi k ap anseye kreyòl. Donk, pou nou granmoun tèt nou sa mande yon nivo sakrifis, e se sa nou fè resòti nan Atik 53 nan propozisyon kèk atik kle nan nouvo konstitisyon an : « Aprè piblikasyon konstitisyon sa a, tout peyi ki zanmi Ayiti ki ta gen entasyon ban nou yon èd, se reponsab Ayitien ki pou di men nan ki sektè daktivite yo ap aksepte èd sa. Sa vledi si se nan wout ou nan sante. Men jamè Ayiti p ap resevwa èd nan men lòt peyi nan zafè edikasyon ak agrikilti ».

 

Nan sans sa nou oblije pridan epi evite, paske save a di : Moun ki finanse a, se sèl kòk chante. sa li di se sa k ap fèt.

Pou kisa nou chita chak jou ap bay lang Voltaire a pye lakay nou ? tandiske nou pa vle wè lang papa Desalin nan. Donk, dirijan mwen yo an n fè pèp la kado sa (lang kreyòl la) pou n retire vye fado franse a sou tèt nou ! konsa Bondye a beni nou !

 

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES