Kouman nou konprann koze rate gaz la?

Bandi legal PHTK ansanm ak alye yo ekip pouvwa Akò Akwòkò 11 septanm 2021 yo fè Ayisyen prizonye anndan pwòp peyi yo.

Ayisyen anndan lakay sitou sila yo k ap viv Pòtoprens ak vil sou kote l yo tankou Kafou, Kwadèboukè, Leyogann, Kabarè… Frè ak Sè nou sa yo dapre jan sitiyasyon yan prezante la, anpil ladan yo, sanble ap viv pi move nan lavi yo kòm moun.

Se pa yon jwèt koze gaz la ye. Akòz pa genyen gaz pou pèmèt sikilasyon machin, pil ak pakèt Moun k ap viv nan zòn sa yo ki pa gen okenn sous revni, ki pa gen okenn jaden pou al keyi pwa, koupe yon bannann, fouye yon bit yanm, ki koulè nou ka dekri lamizè y ap benyen ladan l lan. E, yo pa fouti monte sou yon tèt kamyon, ni sou yon pon batiman pou ale lakay (an pwovens) pou al nan mitan fanmi yo, paran yo kote yo t ap benefisye gwo aksyon solidarite. Paske ou mèt tande tout koze, ou mèt tande youn  ap bay lòt la kèk kout dan, kwè nan sa, menm lè li pat janm tande l, li pat janm pran nouvèl li, depi li debake, depi li desann machin nan, se pitit li, se nyès li, se kouzen li, se zanmi li, se ansyen boubout li ki kouri pou move lavi nan Pòtoprens. Kwè nou si w vle, premye reflèks la se kouri al wè li, pote kichòy pou li. Tout fanmi an reyini, yo fèmen moun nan anndan lakay pou repare l anvan pou layite kò l nan bouk la.

Se sa ki nou menm nan. Se sa ki Ayisyen an. Se sa ki solidarite tout bon nan mitan nou. Se sa ki rezistans ak rezilyans kont lamizè lakay Frè ak Sè nou an n Ayiti.

Se chenn sa, se solidarite sa, se dwa a lavi tou natirèl sa, bandi legal yo ansanm ak tout moun ki siyen Akò Akwòkò 11 septanm 2021 pou yon gouvènans apeze yo mete ak patwon yo ki te nonmen yo ak yon tweet kase jounen jodi y’a. 

Wi, lè tout endikatè ekonomik yo tou wouj nèt menm jan ak rigòl san ansanm ak operasyon kidnaping pou anfonse nou piplis chak jou nan twou an kounye a tounen yon fenomèn san limit, san kontwòl, kote jodi y’a pifò Ayisyen pa konnen si se nan sezon fèt yo ye, si nan fen lane yo ye, kisa nou kapab di,kisa aksyon nou kapab poze. 

Nan moman nou ye la, sanble koze gaz la tounen yon zo pwason ki pase antravè nan gòjet nou pèp Ayisyen. 

Kisa koze y’a sanble Ye? Nou konnen se ti ekip mafya bandi legal PHTK yo gouvènman Akò Akwòkò 11 septanm 2021 an remèt mache gaz la nan peyi y’a. 

Ekip mafya y’a, pou kounye a anplis l ap antann li ak gouvènman kriminèl la pou yo ta monte gaz la toujou, yo egzije moun ponp yo se ak dola pou yo peye yo pou yo kapab livre gaz la nan ponp yo. Konsa, kòm se bandi legal yo, ekip mafya flibistye yo ki kòmande gaz la, yo kenbe nan Tèminal yo pou fè ponpis yo chante. Menm jan tou y ap fè nou menm popilasyon an fè pelirinaj ak galon jòn, y ap fè nou batay ant nou menm, y ap koupe pòch nou nan fè nou peye galon gaz la jouk 10 fwa valè nòmal li. 

Koze gaz la, se yon lòt zam bandi legal PHTK ak ekip pouvwa Akò Akwòkò a genyen nan men yo pou kontinye mete pye sou kou nou, pou kontinye demounize nou, pou kontinye fè jodi y’a se plis pase 50% nan popilasyon an k ap mache ak kwi yo nan men yo tann yon zanmi, yon fanmi, « une âme de bonne volonté » lage kichòy ladan l.

Reyalite ya ak goud la ki pa menm zòrèy bourik ankò, paske pèsonn moun pa fouti di konbe goud ou bezwen pou genyen yon (1) dola meriken, ponpis yo pa nan kondisyon pou fè kòmann gaz epi tou chofè yo pap kapab mete yon galon gaz nan machin yo. Rezilta pa gen Nwèl, pa gen premye janvye, pa gen Lèwa. 

Risk pou nou viv menm imaj kote yon manman te blije viv ak kadav 2 pitit li grangou te touye paske li pat kapab soti al brase lari ya pou ba yo manje bandi Granravin pat ba l dwa sa akòz yo te fè zam chante la jounen kon lannwit pandan pase 15 jou san rete.

 

Marcel Poinsard Mondésir 

20 desanm 2022.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES