Nesesite pou yon sibvansyon nan lekòl profesyonèl sektè protestan nan peyi-a

Nan sousi pou ede kèk jèn aprann metye, Leta ayitien akòde yon sibvansyon ak plizyè lekòl profesyonèl, sitou ak sila yo ki dirije pa kominote Katolik la, nou vle pale de sant ke Pè oubyen Mè yo ap dirije. Nan sans sa, anpil fwa jèn ki gen entansyon aprann metye yo konn pa peye anpil kòb pou yo entegre Sant fòmasyon sa yo.

Kijan sa rive fèt ?

Leta ayitien pa mwayen INFP rekonèt lekòl profesyonèl sa yo, epi nome pou yo kèk fòmatè pou anseye sitou metye teknik yo, kèk manm nan direksyon an e pafwa kèk pèsonèl soutyen ke yo rele tou ti pèsonèl. Pou ou konprann plis de sa n’ap eksplike ou-a, ou ka li atik : Typologie des Centres Formation Professionnelle (CFP) en Haïti .

 

Nou dakò ke, lekòl profesyonèl katolik yo ap travay pou sosyete nou-an avanse. Men tou, lekòl profesyonèl protestan yo ap travay pou menm koz la. Men pou kisa leta akòde sibvansyon ak lekòl profesyonèl katolik yo ? tandiske, li pa akòde nan fason ofisyèl sibvansyon ak lekòl profesyonèl protestan yo. Nan kafou sa-a, nou tonbe nan yon politik : 2 pwa, 2 mezi. Nou ka menm pale de yon sòt eksklizyon. Paske Leta chwazi ki sektè l’ap mete an priyorite.

 

Nou p’ap bay tèt nou manti, paske anpil lekòl protestan lese a dezire, poutèt ke yo pa reponn ak nòm epi prensip ki etabli. Donk, y’ap fonksyone vaykevay. Men tou san’n pa fè pèsonalite, nou konn anpil sant profesyonèl protestan ki reponn ak tout ekzijans ke INFP fè. Kòm prèv, INFP rekonèt yo epi toujou òganize ezamen ofisyèl pou yo.

Antèm sa n’ap propoze, nan menm lide sa : li t’ap enpòtan, menm ijan pou direksyon jeneral INFP ta monte dabò yon projè, chwazi anviron yon dizèn enspektè, fòme epi deplwaye yo pou repetorye tout lekòl profesyonèl sektè protestan-an ki ap fonksyone anba lobedyans INFP, k’ap dirije pa yon pastè, ou youn nan responsab ki akredite pa legliz la.  Konsa, tout lekòl profesyonèl ki reponn ak kritè ki te defini yo ap benefisye sibvansyon. Kote, sou demann ou propozisyon direktè sant fòmasyon an, Leta ap nome, fòmatè ki gen konpetans pou sa, ak pèsonèl nan direksyon-an, san nou pa bliye kèk nan manm ti pèsonèl yo.

Sibvansyon sa pral ede jenn fanm ak jenn gason ki nan kominote ke lekòl profesyonèl sa yo plase, pou yo aprann bon jan metye ak yon ti kras kòb. Jès sa ke Leta ap fè-a pa mwayen ògan regilatè sistèm fòmasyon profesyonèl la pral yon atou majè pou demandè metye yo. Epi tou kòm gro avantaj, plis lekòl pral chache jwenn akreditasyon INFP. Donk, se t’ap vrèman yon bon mannyè pou Leta peyi nou montre ke li pa nan paspouki, men li nan ekilib. E l’ap travay tout bon vre pou jenès peyi-a pandan ke l’ap bay bon jan jarèt non sèlman ak lekòl profesyonèl k’ap dirije pa zanmi katolik yo, men tou, li p’ap neglije lekòl profesyonèl zanmi protestan yo.

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES