Li jou pou nou pèp Ayisyen!

Nou la epi nou kanpe fèm.N ap rasanble nou, pèp ayisyen toupatou sou latè, pou n kòmanse lane 2023, ak volonte pou n chanje tout bon, sitiyasyon malouk peyi nou.

Ayisyen annda kon deyò peyi a, an nou makonnen fòs nou.

 An n fè chenn solidarite a  ak tout fòs nou, tout konviksyon nou, 2023 p ap pase konsa. 2022 ale, malgre tout chòk nou pran, nou kanpe. Fòk solèy la klere tout bon sou peyi a. Tout sa nou sibi kòm tribilasyon, kòm kase ponyèt, kòm pa gen lavi li, fòk yo sispann. 2023 p ap 2022.

 

Yo pa fè kado libète. 

Fòk nou leve kanpe. N ap  pran inisyativ pou n montre lopinyon entènasyonal la nou pa dakò et nou pap dòmi!!!

Oryantasyon yo chwazi pou peyi d’Ayiti ak òganizasyon eleksyon, nan kondisyon ensekirite, kote bandi ak zam, bandi k ap manipile lajan sal, bandi ki nan kontrebann, bandi k ap jere tout pò peyi a, pou fè pase zam ak minisyon, bandi ki fè dappiyanp sou  tout enstitisyon Leta, nan peyi dAyiti. .Nou rele anmwe!. Halte la!

Nou, pèp Ayisyen, nou pou demokrasi. Men nou pa pou you demokrasi telegide.Nou pa pou demokrasi kote se Gran Elektè k ap vin plase dirijan, Menm lè nou leve al vote. Nou pa pou demokrasi kote « l’essence même de la démocratie Un Homme Une Voix ne veut rien dire ».

Nou pa pou demokrasi kote se « c’est la loi du plus fort, la loi de la jungle qui domine ».

 

ABA sendika CORE GROUP.

Nou pa pou demokrasi où c’est le syndicat du Core Group qui nous dicte les règles du jeu. Et qui, de surcroît, se donne toute la liberté de transformer le Centre de Tabulation, du dépouillement des bulletins, en Centre de Tribulation des bulletins de vote du peuple. 

Il n’y a pas plus grand sacrilège à la démocratie fait par le syndicat Core Group  en Haïti en imposant manu militari Michel Joseph Martelly président d’Haïti, Un candidat hors course lors des élections de 2010. Les faits et les hommes sont encore vivants pour en témoigner. Aujourd’hui encore, plus de dix après, nous payons très lourdement les conséquences de ces inconséquences de ce syndicat scélérat.

Se maleng sa ki tounen java, ki jodi a tounen yon kansè, ki anvayi tout Kò peyi a. Li  anvayi tout fondalnatal la Repiblik la, ki detui tout « vie démocratique de la République ».

Pourquoi un autre Accord? Un faux, dit Accord du 21 décembre 2022 dénommé : « Consensus pour une transition inclusive et des élections transparentes ». 

Pèp Ayisyen, tout pitit peyi y’a ki dakò epi ki kwè Ayiti 2023, pa kapab Ayiti 2022 nou sòt viv la-a, se pou nou klèman eksprime dezakò nou, ak Akò Akwòkò, zo pwason 21 desanm 2022 y’a, ki pa gen lòt objektif, fè nou vale koulèv eleksyon tankou sendika Core Group la, ansanm ak tout Conzé lakay yo, apre Akò El Rancho a.

 

Pouki se wout sa, kominote entènasyonal la vle fòse nou swiv?

Poukisa sendika Core Group la, toujou nan tete lang ak Conzé lakay yo, flibistye bòdmè yo, entèlektyèl souf kout yo, sosyete sivil (yon bann ak yon pakèt òganizasyon tèt san kò). Yon seri moune ki pa janm poze okenn aksyon, ki toujou gen zèb nan bouch yo, ki toujou la anba chal, pou chache esplikasyon pou tout aksyon pouvwa, ki toujou vle jistifye konpòtman kominote entènasyonal la, ki toujou ap konjige vèb konpwomi, ak trete moun ak òganizasyon ki chita sou prensip de « jusqu’au-boutisme ». Yon sosyete sivil kote pou li menm tout voum se do. 

Se sosyete sivil patatis sa, k ap  ensiste pou fòse nou menm Pèp Ayisyen kontinye mache, sou wout kote tout pikan kwenna yo, tout malfektè yo, tout asasen yo kanpe dan di, ap tann nou pou yo vale nou tankou yon bouche Tonmtonm.

À l’orée de cette année 2023, après toutes les allées et venues des missions diplomatiques, après les diverses résolutions des Nations-Unies, après les timides sanctions prises par une certaine communauté internationale contre certains politiques et acteurs économiques, identifiés selon eux comme les principaux acteurs de notre tragédie, après toutes les atrocités indescriptibles et toutes les misères vécues par les diverses catégories de la population, nou dwe rive nan moman verite a. 

Moman verite a, li pa ni nan Akò 21 desanm 2022, li pa nan okenn eleksyon bouyi vide, pou vin plase yon seri pòltwon pou kontinye kenbe peyi a ansanm ak pèp la nan lanfè l ap viv la.

Moman verite a  se chwa ki fèt, se antant ki defini pou tabli yon tranzisyon Koupe fache. Yon tanzisyon k ap gen pou mete baz pou repare tò ak atròsite peyi y’a ansanm ak popilasyon an viktim sou plan: sikolojik, fizik ak ekonomik.

Pou remanbre tout enstitisyon Leta yo ki kounye a atè plat; sitou gwo moso sa yo: lajistis, ledikasyon, lasante, ak òganize ekonomi an kote pwodiksyon nasyonal la nan tout sans li se poto mitan pou envestisman yo;

Pou kreye yon anbyans kote viv ansanm nan, se pa yon eslogan men pito yon kilti paske Leta ap deplòtonnen sou tout peyi a nan aksyon ak konpòtman reprezantan l yo, epi tou y ap bay egzanp « citoyenneté et leadership ». 

Pou fasilite echanj ak brase lide, nan mitan tout fòs sosyal yo nan kreye kondisyon, sekirite pou moun rive sikile lib e libè sou tout 27 750 km2 a. Ak prezans motive PNH la dapre mezi redresman k ap pran, ekip tranzisyon Koupe fache a ap kwape tout zòn non dwa yo. Ayiti pa dwe gen tèritwa anba kontwòl bandi, bandi tout kalte. Tout bandi dwe konnen se ak lajistis yo annafè. 

Fini le règne de l’impunité, le règne de ki moun ou ye. Ak ekip tranzisyon Koupe fache a  nou tout se Ayisyen ki peze menm pwa nan balans jistis la. 

Kounye a la moman Verite a, se moman alyans taktik ak estratejik tout Fòs politik ak òganizasyon, tout sila yo ki pa wè yo tèt yo nan sosyete sivil patatis la, men ki dakò pou nou refè  Camp Gérard ak Vètyè, pou nan aksyon kowòdone, montre Ariel Henry ak sendika Core Group la nou voye jete byen lwen l’Accord du 21 décembre 2022 dénommé : « Consensus pour une transition inclusive et des élections transparentes », ainsi que  Conseil National de Transition ak tout lòt azipopo ki mache ak yo. 

 

 

PÈP PA JAN-M PÈDI BATAY. 

Epi tou, kreyon listwa pa gen gòm. 

Pèp Ayisyen fwa sa di li pa nan demokrasi ak eleksyon pèpè. Nou di tout detraktè yo li jou. Epi nou la, n ap veye.

Viv Ayiti nan yon 2023 pou viktwa pèp ayisyen an

Marcel Poinsard Mondésir 

04/01/2023.-

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES