Grandè peyi d’Ayiti, yon trezò kache nan men vrè pitit tè a pa mwayen yon konstitisyon ki reponn ak reyalite nou

Twazyèm pati

Zanmi m yo aprè piblikasyon premye atik sou grandè peyi Dayiti ki te pibliye 14 novanm 2022 ak yon total de 47 atik. Epi dezyèm nan 9 desanm menm ane a ak yon total de 37 atik. e sitou apre nou resevwa yon bann reyaksyon, nou wè ke li nesesè anpil pou nou vin ak yon twazyèm pati. 

Atik 86. majorite atenn a laj dizuit (18) lane.  Ki vle di, a laj dizuit(18) lane ou majè. Ou gen dwa pou poze anpil nan zak sivil yo tankou: marye, vote… 

Atik 87. maryaj se linyon lejitim ant yon gason ak yon fanm. Minis relijye a dwe eksplike mesye dam yo rejim konsènan maryaj. Konsa y’a fè chwa youn. 

Atik 88. Pou pyès rezon yon fi ki poko gen omwen 18 lane pa ka kontakte maryaj sou pyès pretèks. Menm prensip sa valab pou gason an tou.

Atik 89. Yon gason ki gen plis pase 30 lane anplis yon fanm, p’ap ka kontrakte maryaj ak li. Sa vle di yon nonm ki gen 60 lane p ap ka marye ak yon fi ki gen omwen 31 lane. Vise vèsa.

Atik 90. Yon timoun ki pran nesans deyò lyen maryaj ap benefisye ou erite menm kantite byen ak timoun lejitim nan. 

Atik 91. Konstitisyon an rekonèt doub nasyonalite sèlman nan ka yon timoun ki aje ant zewo ak disèt (17) lane ki fèt nan yon lòt peyi. Konsa, li otorize pou li gen 2 paspò, youn Ayisyen, lòt la nan peyi li te fèt la. Men rive nan laj dizuit lane, konsène a ap chwazi ant nasyonalite Ayisyen ou lòt peyi a.   

Atik 92. Dezòmè Ayisyen ap gen yon nouvo paspò ak 70 paj pou 10 lane, l’ap konsevwa epi enprime nan peyi Dayiti, menm jan viza ayisyen ap konsevwa epi enprime an Ayiti, tout plak veyikil yo. Tenb yo, vinyèt yo ak stikèz yo ap konsevwa epi fabrike nan peyi a, menm jan sa fèt nan tout peyi serye yo. 

Atik 93. Lajan nasyonal la se goud, lajan sa dwe fabrike nan peyi Dayiti epi tout tranzaksyon k ap fèt sou teritwa nasyonal la dwe fèt nan monè nasyonal la. Leta pral mete an sikilasyon yon biyè : de-mil-senk-san (2500) goud, senk-mil (5000) goud ak di-mil (10000) goud. 

Atik 94. Dezòmè pyès moun pa otorize pou kreye kont sou rezo sosyal yo sou fo non moun ak fo antrepriz. Yon fwa otorite konpetan yo bare endividi sa, l ap pase 2 lane nan prizon epi peye yon amann senk-san-mil (500000.00) goud.

Atik 95. Leta p ap antann finanse pyès pati politik e nan  eleksyon e lè pa gen eleksyon. Paske yon pati politik pa yon antrepriz.

Atik 96. konstitisyon an rekonèt 4 tandans politik. Se manm, patizan ak senpatizan pati yo k ap gen pou finanse l. Oubyen èd andèyò peyi-a. toutfwa chak èd ki rantre pou yon pati politik ap gen 10% ki pral nan trezò piblik. Epi frè kandida-a ap peye pou enskri, Leta ap konplete tout frè sa yo pou òganize eleksyon. Paske se sèlman kòb ki soti nan trezò piblik k ap òganize eleksyon. Ref. atik 82. 

Atik 97. Anplis tout ekzijans pou yon moun kandida tankou kalifikasyon, konpetans ak kredibilite, yon kandida pou pòs kazèk ap peye nan trezò piblik san-mil (100000.00) goud, yon kandida pou pòs meri ap peye senk-san-mil (500000.00) goud, yon kandida pou pòs depite ap peye yon-milyon (1000000.00) goud, yon kandida pou pòs gouvènè ap peye de-milyon (2000000.00) goud, yon kandida pou pòs Prezidan ansanm ak tout Vis-Prezidan ap peye di-milyon (10000000.00) goud.  

Atik 98. Pou dosye eleksyon, nou adopte sifraj inivèsèl dirèk tout eli nou. E kota reyisit la 50 vwa plis youn li ye.

Atik 99. Vòt nou adopte nan peyi Dayiti se vòt manyèl. Epi vòt la pa sekrè paske nimero kat, adrès ak non konplè votan-an pral ekri sou tout bilten kote li vote yo. Sinon vòt li-a p’ap valide.  

Atik 100. Menm jan pa gen vòt sekrè pou pèp la, nan nivo chanm nan, vòt depite yo ap piblik. E l ap valab nan lokal yo sa vle di nan palman an. Dayè dezyèm rezidans depite yo se nan palman ke tout gen pou yo dòmi leve a mwenke yo ta nan konje ou nan vakans. Yon depite ki ta tou vwayaje epi plase yon zanmi pran chèk pou li ap tou revoke. Anplis ou pa ka di w malad paske pyès otorite p ap ka al pran swen lòt bò dlo ankò sof diplomat ayisyen yo. Ref. atik 27, 

Atik 101. Tout Ayitien k’ap viv nan dyaspora-a ak gen posibilite pou fè kat elektoral yo epi anrejistre nan konsila ou anbasad ayiti ki pi pre yo-a. nan eleksyon an y’ap ka vote pou youn nan kandida pou pòs gouvènè yo ak youn nan kandida pou pòs prezidan.    

 

Atik 102. Pou yon sitwayen kandida pou pòs Kazèk mizapa de ekzijans ke nou jwenn nan atik 22 ak 23, li dwe genyen pou pi piti trant (30) lanne. 

Atik 103. Pou yon sitwayen kandida pou pòs majistra mizapa  ekzijans  nou jwenn nan atik 18, 19 ak 23, li dwe genyen pou pi piti trant-senk (35) lanne.  

Atik 104. Pou yon sitwayen kandida pou pòs Depite mizapa de ekzijans ke nou jwenn nan atik 14, 15 ak 23, li dwe genyen pou pi piti karant (40) lanne.  

Atik 105. Pou yon sitwayen kandida pou pòs Gouvènè mizapa de ekzijans ke nou jwenn nan atik 17 ak 23, li dwe genyen pou pi piti karant-senk (45) lanne.  

Atik 106. Pou yon sitwayen kandida pou pòs Vis-prezidan ak Prezidan mizapa de ekzijans ke nou jwenn nan atik 12v ak 23, li yo dwe genyen pou pi piti senkant (50) lanne.  

Atik 107. Aprè dis (10) lanne piblikasyon konstitisyon sila pou yon sitwayen kandida pou pòs Gouvènè fòk li te swa Majistra ou Depite oubyen Gouvènè déjà. 

Atik 108. Aprè dis (10) lane piblikasyon konstitisyon sila pou yon sitwayen kandida pou pòs vis-prezidan ak prezidan fòk li te swa Majistra, Depite, Gouvènè oubyen Vis-prezidan ak Prezidan déjà. 

Atik 109. Yon prezidan k’ap fè sèlman de (2) manda youn dèyè lòt sou pouvwa-a. si toutfwa prezidan ki sou pouvwa pat prezante oubyen li ta pèdi eleksyon an, li p’ap janm ka kandida nan vi’l ankò. 

Atik 110. Konènan rezidans otorite yo: dezòmè ap tou rete dòmi leve nan Palè nasyonal ak tout fanmi li. Yon Minis ap tou rete dòmi leve nan rezidans ki tou nan ministè l’ap desèvi-a. Yon Depite ap tou rete dòmi leve nan rezidans ki nan Palman-an. Yon Gouvènè ap tou rete nan rezidans prive li ki nan depatman li-a. Yon Majistra ap tou rete nan rezidans prive li ki nan komin li-a. Yon Kazèk ap tou rete nan rezidans prive li ki nan seksyon kominal li-a.

Atik 111. Nan oken ka yon moun kite kite kandida pou yon pòs ki pi ro pa ka al kandida pou yon pi ba. Menm jan tou yon sitwayen ki okipe yon depite pa ka kandida pou pòs Majistra ou Kazèk. Idem pou lòt pòs yo. 

Atik 112. Konstitisyon an rekonèt ke yon sitwayen ka kandida nan pou yon pòs elektif eke li pa reyisi gen yon sèl chans pou’l rekandida nan vil, paske kandida nan eleksyon pa profesyon vwa poul ta yon karyè. Pakont, yon fwa ke kandida sa vin eli, li kapab toujou kandida swa pòs la oubyen pou yon lòt pi elve.

Atik 113. Nan zafè eleksyon depi otorite konpetan yo ba bare yon patizan yon kandida ak zam nan menm ap fè dezòd oubyen ak lajan pou achte vòt, depi otorite yo ka founi bonjan prèv ke kandida a ta fotif Konsèy electoral ap tou elimine kandida-a. Atansyon pyès otorite p’ap kòm prèv yo te jwenn mayo kandida-a sou endividi-a. Toutfwa, endividi yo bare a ap pase dis (10) nan prizon epi peye yon amann de de-milyon (2000000.00) goud.  

Atik 114. Aprè trant (30) lanne piblikasyon konstitisyon pifò pòs elektif ak nominatif yo pral domine ak krèm oubyen sèvo nouvo sistèm nan. 

Atik 115. Tout resous peyi-a, sou tè, anba tè, nan lanmè dwe itil ke peyi-a. gen de fason nou ka fè eksplwatasyon, swake nou peye yon fim pou fèl pou nou oubyen nou voye savan nou al pran etid espesyalize. Apre n’a achte epi konstwi materyèl adekwat pou eksplwatasyon an. 

Atik 116. Si yon group Polisye, Milité ou Mesènè t’a eseye oubyen fè koudeta. Nan sans sa, tout otè ak ko-otè yo dwe kondane pou pase tout rès lavi yo nan prizon. Epi madanm ak pitit yo dwe kondane pou pase 20 lanne nan prizon. 

Atik 117. Nan sousi pou stabilize pri prodwi alimantè nan peyi, Leta ap louvri yon magazen nan chak depatman peyi-a. pou yon moun gen aksè ak magazen leta yo fòk li anrejistre ak CIN e pou’l fè mansyon de konbyen manm fanmi’l genyen. E li p’ap ka vin achte plis ke yon fwa pa mwa ni manm plis pase yon magazen. Noteke pyès nan magazen sa yo p’ap vann angro. 

Atik 118. Leta ap ankadre tout sitwayen ki deside travay latè, Leta mete bon jan sistèm irigasyon ak kredi agrikòl ak yon to ki p’ap depas 2%, pou anfen nou relanse prodiksyon agrikòl la, konsa n’ap koumanse nan plèn Kildesak epi ale nan tout vil provens yo.  

Atik 119. Yon Ayitien ou yon etranje p’ap itilize yon telefon san anrejistre sou teritwa nasyonal la. Premyeman, fòk sim nan anrejistre sou sistèm konpayi-a. answit fòk bwat telefòn anrejistre nan kote vandè ap fè mansyon nan resi a : no seri a, modèl la, no CIN li, no telefon li ak dat tranzaksyon an. 

Atik 120. Nan ka ke otorite konpetan yo t’a tonbe sou yon telefòn ilegal tankou si sim nan pa anrejestre, konpayi-a ap peye a Leta Ayitien sèlman yon amann san-mil (100000.00) goud pou yon sim. Men endividi fotif la ap pase 2 lanne nan prizon epi peye yon amann de-san-senkant (250000.00) goud. 

Atik 121. Pyès moun pa abilite pou vann kat sim nan lari. Omwen ou ka achte yon sim telefòn nan yon biznis ki an règ ak Leta e ki gen yon kapasite dakèy. 

Atik 122. Leta ap kreye yon biro sou zafè sinema, chak fim k’ap prodwi pou Ayiti dwe a karaktè enstriktif epi k’ap fè promosyon peyi-a, epi prodiksyon dwe fèt nan yon kreyòl estanda ke Akademi kreyòl la dwe valide. 

Atik 123. Yon fwa konstitisyon sila pibliye, Responsab yo ap fè chwa sou baz prodiksyon ak kompetans omwens yon senkantèn Agronòm ak yon ventèn ekspè ki nan domèn plantil jis pou yo vin reflechi epi retounen ak sistèm kompòs la. Konsa yon delè de gras de (2) akòde ak tout moun ki nan biznis angrè pou yo ekoule prodwi yo, paske aprè delè sa peyi d’Ayiti p’ap ka enpòte angrè chimik ki soti nan peyi letranje. 

Nan kad manifestasyon nan lari pyès manifestan pa gen dwa kache figi’l. epi pyès Militè e pyès Polisye pa gen dwa kache figi yo. 

Atik 124. Li entèdi pou yon moun ap touche 2 chèk nan Leta sou pretèks l’ap fè 2 travay. Toutfwa, ou ka ap travay non fonksyon piblik la epi ou gen lòt sous revni pouvike 2e travay sa pa pyetine sou travay ke Leta angaje’w pou li-a. yon moun k’ap travay nan Leta sou 2 NIF ou 2 CIN oubyen ki fin pran pansyon epi ki retounen nome ap pase 5 lanne nan prizon epi peye yon amann yon-milyon (1000000.00) goud. 

 Atik 125. Leta chache epi ankadre tout valè k’ap prodwi nan peyi-a. swa pou ba yo yon fòmasyon mizanivo oubyen fè valè sa vwayaje epi retounen pou vin sèvi peyi-a. noteke, anvan Leta voye valè sa nan peyi letranje fòk li genyen 5 manm nan fanmi’l ou 5 zanmi ki dwe siyen nan sans pou pote yo garan pou jenn sa. Nan ka ke jenn sa pa ta retounen nan peyi-a 5 moun sa yo ap pran 1 lanne prizon epi peye yon kosyon de senk-san-mil (500000.00) goud. 

Atik 126. Tout veyikil k’ap sikile sou teritwa nasyonal la yon dwa pasaj pa rapò ak grosè veyikil la. Montan dwa pasaj sou fontyè ap pi elve ke komin yo. 

Atik 127. Tout medya peyi a gen lobligasyon pou fè plis promosyon pou prodwi ayitien yo. Se konsa n’ap bay prodiksyon nasyonal la jarèt tout bon vre. 

Atik 128. Leta mete dezyèm sik lekòl la gratis nan lekòl nasyonal yo. Yon paran ki kenbe pitit li, ki vledi, ki pa dakò voye’l lekòl menm. Donk, paran sa (manman, papa adefo 2 moun sa yo, moun ki responsab timoun nan) ap pase 2 lanne nan prizon epi peye senkant-mil (50000.00) goud amann. Ref. Atik 50. 

Atik 129. Chak Ayitien dwe plante omwen yon pye bwa fritye tankou : zoranj, zaboka, mango, lam etc. moun ki pa gen ase tè pou bwa fritye yo kap plante legim nan sak, mamit ak kaotchou…

Atik 130. Leta pa mwayen ministè Sante piblik dwe òganize seyans fòmasyon sou etik ak la pròpte pou tout moun k’ap travay nan : restoran, boulanjri ak machann manje nan sektè enfòmèl la. 

Atik 131. Leta ap met estrikti anplas pou pèmèt si yon moun nan lari ka fè bezwen li pandan ke l’ap peye yon ti kòb pou sa. Yon moun ke otorite yo bare nan lari ap fè bezwen li dwe pase 6 mwa nan prizon epi peye Leta yon amann ven-mil (20000) goud.

Atik 132. Nan ekzamen ofisyèl yo se sèl elèv ki abilite a ki dwe konpoze ladann. Si pa malè yon lòt moun ta al konpoze nan plas elèv la. Donk elèv ak tout fosè-a ap pase 2 lanne nan prizon epi peye yon amann de-san-senkant-mil (250000.00). E elèv sa-a p’ap janm gen chans patisipe nan ekzamen ofisyèl ankò. 

Atik 133.  Nan kad ambasad ou konsila nou yo, yo pa gen plis ke senk (5) pèsonèl. Ki vledi, 1- Abasadè-a ou Konsil la, yon Enfòmatisyen, yon Menajè, yon Konseye jiridik ak yon Sekretè, Resepsyonis. Note ke tout pèsonèl sa yo ap travay a tan plen. Ref. atik 31.

Atik 134.  Leta ap vini ak yon projè pou grase tout bidonvil fè yo tounen vilaj atreyan ki gen rout pasi pala tankou vilaj anba mòn kabrit la. Men anvan travay sa, Meri nan komin nan ap resanse epi anrejistre tout moun yo. Ref. atik 20 ak 40. 

Atik 135. Lè gen enfraksyon, Polisye yo pasib devan tribinal dwa kom,en men Militè se devan kou masyal ou dwe pase. Nan sans sa, Leta remete sou pye Kou masyal pou jije Militè yo.  

Atik 136. Polisye, Militè k’a fè arestasyon nan limit pouvwa yo men se otorite jidisyèki ka relache. Si toufwa yon Polisye ou yon Milité ta rive relache yon sispèk dèyè do lalwa, non sèlman Polisye ou Milité sila ap pèdi pozisyon’l men tou l’ap pran plas sipèk la nan prizon. 

Atik 137. Lè yon endividi kondane a yon pèn anprizonman epi yon amann. Menm kan li fin pije pèn nan tout otan li pa fin peye amann nan ou kosyon an l’ap toujou ret nan prizon an. 

Atik 138. Li fòmèlman entèdi ak : Kontraktyèl, anplwaye Leta, manm gouvènman, Vis-Prezidan, Prezidan epi manm direktwa pati politik pou al pran swen nan lòt peyi oubyen voye fanmi nou swa al akouche oubyen al pran lòt tip de swen nan peyi letranje.

Atik 139. Chak profesyonèl pa mankman ou neglijans ki rive enfim yon moun oubyen touye moun nan dwe pase 10 lanne nan prizon epi dedomaje chak fanmi viktim yo yon-milyon (1000000.00) goud.

Atik 140. Selon prensip inivèsèl kise la jislis leve yon nasyon epi nan non prensip separasyon pouvwa, la jistis ap endepandan de lòt pouvwa yo. Toutfwa, Kou siperyè kont ak kontansye administratif ap gen yon pouvwa kontrol sou jistis la, nan ka ke Kou Kasasyon ta tonbe nan pasyalite.

Atik 141. Tout prokirè repiblik, tout jij ki ta tonbe nan magouy, vann jistis, pran lajan swa pou lage oubyen arete moun dwe kondane a 5 lanne prizon epi peye yon amann sen-milyon (5000000.00) goud. 

Atik 142. Tout moun ki pran lari-a ak zam ki pa anrejistre pa otorite konpetan yo dwe pran 5 lanne prizon epi peye yon amann yon-milyon (1000000.00) goud. 

Atik 143. Yon endividi key o bare ou yo pote plent kont li pou kadèjak. si fi-a se yon minè e kadejakè a se yon minè tou, donk, lajistis ap kondane kadejakè a nan Sèmikòl pou 3 mwa epi peye kòm dedomajman san-senkant-mil (150000.00) goud a viktim nan. Nan ka ke kadejakè-a se yon majè e fi-a se yon minè, kadejakè-a ap pase 5 lanne nan prizon epi peye yon-milyon (1000000.00) goud a viktim nan. Nan ka ke 2 moun yo majè, kadejakè-a ap pase 2 lanne nan prizon epi peye senk-san-mil (500000.00) goud a viktim nan. Nan ka ke mesye ak dam nan te gentan renmen e ke paran te okouran. Nan ka mari ak madanm ou moun k’ap viv nan konkibinaj pa gen kesyon de kadejak. 

Atik 144. Nan lobjektif Leta rale yon souf, l’ap siprime pou fonksyon piblik la anpil pòs tankou: Premye minis, Senatè repiblik, Sekretè deta, Delege yo, Azèk yo, direktè jeneral adjwen yo, asistan direktè, Sekretè deta yo, Biro premye dam repiblik ak chaje misyon yo. E san’n pa bliye tout lòt pòs ki pa gen yon vrè itilite. Redwi ministè yo a ywit (8). Ref. atik 17, 30, 32. 

Atik 145. Konstitisyon pa gen bidjè pou biro ni pou premye dam ni premye mesye. Nan sans pyès prezidan repiblik ou lòt otorite pa gen dwa angaje manm fanmi yo nan lajan Leta. Nan ka ke se yon fanm ki prezidan mari li ki se premye mesye-a p’ap gen dwa fè politik aktiv, vise vèsa. 

Atik 146. Chak anplwaye Leta ap benefisye yon katòzyèm (14m) mwa chak 30 nan mwa jen.  L’ap egal ak 100% ak salè brit la. Tankou yon dezyèm boni.  

Atik 147. Tout ane preparatwa yo nan inivèsite pral elimine. Don etid la ap tou rakousi kote ke li pral akse plis sou pratik ke teyori. Donk, yon etidyan nan syans enfimyè ap dekroche diplom lisans li nan 3 lanne, menm jan ak Jeni sivil, Dwa elatriye. Men yon etidyan nan medsin ap tèmine ak tout staj epi sèvis sosyal li nan 5 lanne. Sa vledi 3 ane pou etid la, yon ane staj ak yon ane sèvis sosyal. 

Atik 148. Mandyansite nan lari fini. Leta ap retounen ak menm sitèm Chalan an, nan sans sa, otorite yo ap arete tout timoun k’ap siye vit machin, tout moun k’ap ekzèse metye mande nan lari. Granmoun fanm yo pral kondane pou bale kazèn ak komisarya yo, granmoun gason yo ap pase 6 mwa nan prizon kanta pou timoun yo menm Leta ap fèmen yo nan sant dakèy pou montre li ak ekri epi aprann yo metye manyèl, fòmasyon sou Bib epi Sivik ak moral. 

Atik 149. Pou yon moun Pastè legliz, fòk enterese-a tèmne etid klasik li, diplome nan yon lekòl biblik ki rekoni pa Leta ayitien. Epi genyen omwen 5 ane depi l t’ap ekzèse yon ministè tankou Monitè, Mayestro, Dyak etc. 

Atik 150. Konstitisyon sa a gen yon dire de vi de yon syèk renouvlab, donk nan espas 100 lanne sa pyès Depite ou Prezidan p’ap k’a touche’l sinon aplike’l. e tout avi, dispozisyon, lwa, dekrè ak dekrè-lwa ki depaman ak manman lwa peyi-a p’ap aplikab sou tertwa-a.

Zanmi lektè m yo, otorite ak dirijan yo, li enpòtan pou mwen ak ou pa chita nan voye monte, men pou n reflechi tout bon vre de peyi. Konsa, li ijan pou nou mete atik kle sa yo nan nouvo konstitisyon-an tankou: sèl lang ofisyèl nou se kreyòl, e tout ansèyman nou yo ap fèt an kreyòl, yon elèv p’ap pase plis ke 12 ane sou ban lekòl klasik, e si li vle aprann yon lòt lang li pral nan yon enstiti pou sa. Yon timoun ki pa pase nan lekòl profesyonèl aprè etid klasik li p’ap gen aksè a inivèsite, fòmasyon profesyonèl peyi-a ap fè rekritman ou bay promosyon menm jan yo fèl nan sistèm bankè ayitien an,  drapo’n se nwa ak rouj, lame d’Ayti dwe tounen yon lame profesyonèl, e Leta dwe konstwi plis rout epi bay depatman jistis la bon jan jarèt pandan ke y’ap veye sou bon aplikasyon lalwa.  Mèsi ak tout bon sitwayen ki dakò fè mesaj la rive pi lwen ke posib. 

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES