Lèt tou louvri pou pèmèt non peyi-a ekri ‘’Ayiti’’ epi gen yon sèl lang ofisyèl

Pòtoprens, 17 janvye 2023

 

Doktè Ariel Henry

Premye Minis Ayisyen

Nan Biwo li yo.-

 

Motif: Pèmèt non peyi a ekri «Ayiti» epi gen yon sèl lang ofisyèl

 

Mesye Premye minis,

Mwen konplimante ou pou foug ak detèminasyon ke w ap deplwaye nan objektif pou tout pitit tè a ka rale yon souf depi lè ou okipe fonksyon sa a.

An kalite youn nan sitwayen e jenn entelektyèl k ap reflechi sou yon demen miyò pou peyi a, mwen pwofite pou m pataje ak ou kèk lide oubyen kèk propozisyon si toutfwa ou menm ak lòt otorite yo ta rive adopte yo nan nouvo Konstitisyon an , nou t ap tou gen yon peyi k ap pran wout devlòpman tout bon vre, yon peyi ki deside kite chimen eksklizyon sosyal pou antre nan estabilizasyon. Nan sans sa, mwen pataje ak ou senk (5) atik ki groupe an de (2) kokennchenn lide :

Premyeman : Chanje Haïti an «Ayiti», pou plis detay, li atik : « Ayiti, terre haute et montagneuse, vocable idéal pour la refondation de la nation ». pibliye 3 mas 2020, nan jounal Le National.

Dezyèman : Li t ap bon anpil pou peyi a gen yon sèl lang ofisyèl ki se « lang kreyòl», lang manman ak papa ayisyen, pou plis enfo, li : « Ansèyman nan lang manaman n ak papa n, koumansman grandè Ayiti ». pibliye 20 desanm 2022, nan jounal Le National. Ak twa lòt atik ki konstitiye an 157 propozisyon atik nan nouvo Konstitisyon an ki pibliye an twa pati nan Jounal Le National sou tit : Grandè peyi d Ayiti, yon trezò kache nan men vrè pitit tè a pa mwayen yon konstitisyon ki reponn ak reyalite nou. Kote premye-a pibliye 14 novanm 2022, dezyèm nan 9 desanm 2022 epi twazyèm nan 20 desanm  2022.

Mesye Premye Minis : konbyen moun ki mal pran ou boukante medikaman yo paske preskripsyon an ou pozoloji a nan yon lòt lang ?

Konbyen lòt Ayisyen ki pretann y ap pale franse tandiske mesaj yo te vle fè pase a kontrè pa rapò a sa yo di a ?

Pou m kaba ak lèt sila a, pa rapò ak respè m gen pou tèt mwen, pou tout moun e pou ou antanke Premye minis peyi a, mwen pa vin enpoze w, men menm jan ak anpil lòt entelektyèl ayisyen, m vin poze yon pyon nan nan lòt Ayiti a.  konsa, mwen konte sou konpetans ak otorite w jis pou ou fè peyi a kado sa yo : Chanje Haïti an «Ayiti», epi tout ansèyman (klasik, pwofesyonèl ak inivèsitè), pwodiksyon ak diskou dwe fèt nan lang kreyòl ». Lè sa, Ayisyen ap plis an mezi pou byen aprann kèlkeswa lòt lang lan paske l ap deja byen konprann tematik yo nan lang manman l ak papa l. Yon fwa ou pèmèt chanjman sa yo opere, listwa ap pran nòt de ou antanke youn nan pitit otantik papa Desalin.

Konte sou kapasite ak nivo konpreyansyon ou, Mesye premye minis, mwen konvenki w ap fè bonjan swivi sou demann sa a. Poutèt sa mwen salye ou e m swete ou yon bon lanne 2023 anba pwoteksyon tou pwisan-an.

 

Ruben Sanon

Enjenyè sivil / Avoka Militan, manm Baro Mirebalais

Prezidan Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH)

sanonruben@yahoo.com / whatsapp : 509 3846-7208

 

 

Kopi konfòm:  Minis Edikasyon Nasyon ak Fòmasyon Profesyonèl (MENFP)

                     : Ak twa manm Wo Konsèy Tranzisyon an

                     : Tout ansyen ak nouvo Minis yo

                     : Tout ansyen ak nouvo direktè jeneral yo

                     : Tout Direktè depatmantal Edikasyon

                     : Tout Enspektè rejyonal Fòmasyon Profesyonèl

                     : Akademi kreyòl la

                     : Tout sendika nan domèn Edikasyon

                     : Sosyete sivil

                     : Patwon medya yo

                     : Près pale, ekri, televize epi anliy

                     : Anbasadè ak konsil Ayitien yo

                     : Tout Anbasadè ki akredite nan peyi d’Ayiti

                     : Elit Ekonomik peyi-a

                     : Tout Patwon endistri yo

                     : Entèlijennsia ayitien an

                     : Tout ekriven Ayitien yo

                     : Dyaspora Ayitien an

                     : Tout manm platfòm dyaspora HDRWW

                     : Tout Rektè ak tout Dwayen inivèsite Leta-a

                     : Tout Rektè ak Dwayen inivèsite prive yo

                     : Tout Prezidan Chanm Komès ak endistri peyi-a

                     : Tout Direktè lekòl klasik yo, piblik kou prive

                     : Tout Direktè lekòl profesyonèl yo, piblik kou prive

                     : Tout Anseyan, Fòmatè ak Profesè yo

                     : Tout Pastè, Prèt ak Ougan yo

                     : Sektè fòmèl ak enfòmèl la

                     : Milti nasyonal yo

                     : Konpanyi Telefonik  yo

                     : Bank komèsyal ak Koperativ yo

                     : Baro ak Federasyon Baro yo

                     : Tout manm Federasyon Protestan d’Ayiti

                     : Tout manm Federasyon Foutbòl ayitien

                     : Tout Kabinè Avoka yo

                     : Kòporasyon Medsen, Agronòm, Avoka, Kontab, Enjenyè ak Jounalis  yo

                     : Tout Konpayi ak konsesyonè: Bato, Machine epi Avyon

                     : Tout Sendika tranpò

                     : Tout Sendika nan enstitisyon piblik la

                     : Asosiyasyon Madan Sara yo

                     : Asosiyasyon Kiltivatè yo

                     : Tout Responsab Fondasyon ak ONG yo

                     : Kominote Entènasyonal la

                     : Eta majò Lame ak Lapolis ayitien.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES