ED’H

Ban n yon ti limyè. Ban  n yon ti limye pou m wè sa kap pase. Ban n yon ti limyè souple pou n kab wè ak konpran n sa kap pase nan peyi an.

Nou bezwen yon ti limye paske si n toujou nan fè nwa, nou p ap k ab vrèman konprann pou ki sa ke depi aprè 86, se toujou yon Konsèy Elektoral Pwovizwa ki ap fè eleksyon ki anpil fwa toujou debouche sou move rezilta pou mete kowonpi sou pouvwa.

Sepandan, lè se pèp lan ki vrèman chwazi mounn ki pou dirije l, ap gen yon kou deta pou mete mounn sa al kanpe lwoin pou pi devan, yon entèvansyon militè bòt etranje nan peyi an.

Ban n yon ti limyè pou n k ab konpran n pou ki sa makout, atache ak militè yo te fè masak nan Riyèl Vayan nan dat 29 novanb 1987.
Alòske, mounn yo te sèlman nan lign nan yon biwo de vòt pou yo te k ab vote dirijan politik nan zafè demokrasi ke CNG (Konsèy Nasyonal de Gouvènman) an te konn ap pale.

ED’H, si n toujou rete nan blakawout, gen bagay ke n p ap jan m k ab rive konprann. Donk, souple, ban n yon ti limye pou n k ab konprann pou ki sa se sèlman 4 mwa ke gwo Pwofesè syans politik, istwa ak kesyon relasyon entènasyonal lan te pase sou pouvwa.

Se sèl limyè ki ap ede n konprann pou ki sa lòt lan li menm pa jan m k ab fini manda li yo. Sa ki dwe fè sa? Li te toujou kwoinse anwo kòm anba. LI toujou viktim de tout mannigans politik.

Men, se pa bagay yo sèlman ki bezwen limyè paske de lè chantè Manno Charlemagne te ap mande limyè an, gentan gen anpil dlo ki koule anba pon an. Jiskaske pon an rive kraze e fè miyèt mòso. Donk, san yon ti limyè pou klere, pèp lan p ap k ab rive wè wout ak konpran n tras kwochi ke vòlò yo fè ak lajan rekonsyriksyon tranbleman de tè an, ansanb ak 4.2 milya dola, lajan Fond PetroCaribe an.

Pèp lan bezwen limyè pou klere l pou li kab jwoinn kote 25 estad yo lokalize. E lè pèp lan fin n jwoin n kote estad yo ye, li ap bezwen anpil limyè pou klere yo nan chanpyona nasyonal ak match entènasyonal ke peyi ab ap gen pou l jwe aswè. Definitivman estad yo ap bezwen limyè paske FIFA p ap aksepte lampadaire nan konpetisyon entènasyonal yo.

Pou fini, pèp lan ap bezwen limyè pou l kab wè pi klè nan akò akwòkò ke aloufa gran manjè yo siyen nan fè nwa sou do pèp lan.

ED’H, kòm pèp lan pat gen kouran pou l te swuiv fim enstalassyon ki te ap jwe nan Biwo Ministè Komès ak Endistri lendi ki te 6 fevriye lan, pèp lan ta renmen konnen kòman sa te pase. Pa paske pèp lan konnen gen yon bagay serye ki ap sòti nan maskarad ki te fè lan. Men, kòm nan zafè ensekirite, la vi chè, koripsyon, peyi an vin n nan pi gwo fè nwa toujou ke lè ke Manno Charlemagne te ap mande pou yon ti limyè pou l te kab wè lan, donk èske militan yo te mobilize kont madigra, chaloska mal maske sa yo sou Chanmas.

Esau Jean-Baptiste

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES