RTPacific Contact Avis
 
27.05° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Pwofanayon oubyen inyorans?

Pwofanayon oubyen inyorans?



Premye pati

Depi kèk tan, sou rezososyo yo (sitou sou Facebook ak Twitter…), nou konstate ak anpil lapenn yon pratik ki mande nou reflechi sou li san pèdi tan.

San pase nan chimen dekoupe, nou remake, gen kèk endividi, malerezman, ki kache dèyè yon fo idantite pou itilize non ak imaj pèsonalite piblik, figi istorik, Ewo nou yo sou rezo sosyo.

Moun yo itilize non divès ansyen pèsonaj piblik, pèsonaj istorik, ansyen prezidan, e menm Ewo nou yo pou fè tout kalite piblikasyon, men souvan se blag, koze kremòl, nyezri, atake moun oubyen lanse tout kalite koze souvan ki ka menm deranje sosyete a.

Itilizasyon an poze plizyè pwoblèm.

Pou kòmanse, gen yon bann pèsonaj ki charye yon vizyon, yon filozofi, yon mòd lavi suivan (swivan) angajman yo te pran nan yon peryòd byen detèmine.

Nan atik sa, n ap gade kèk kont Twitter.

Men kèk egzanp nou wè sou Twitter:

* Henry CHRISTOPHE, ansyen chèf Leta peyi Hayti, yonn nan pi gran dirijan peyi a konnen. Zèv li yo tankou Sitadèl Laferyè, Palè San Sousi, pou n site sa yo sèlman, ka temwanye grandè pèsonaj sa.

* Oswald DURAND (ki gen 1272 moun k ap suiv li sou Twitter), se yonn nan pi gran powèt pou epòk li. Li ekri «Choucoune », yonn nan pwezi ki pi popilè nan istwa literati haytien an. Poudayè, se premye veritab powèm kreyòl yon powèt haytien ekri.

* Li gen plis pase 8 kont Twitter sou non li,
Charlemagne PÉRALTE, yon sitwayen ki te kanpe danbann pou fè Ameriken yo konnen, Hayti pa yon savann pou bèt fewòs vin banbile.

* Twitter te rive bloke kont endividi a te fè sou non Florvile HYPPOLITE la, ki se yon ansyen prezidan haytien ki make tan li jan li kapab. Men sa pa anpeche menm moun nan fè yon lòt kont sou Twitter kote li ekri non Ipolit an kreyòl Hypolite609) epi li gen 2356 abòne. Pwofil li make: «Ransè, Ambassadeur / se seul neg laid ki mouri medam yo renmen.» Nou ka remake, endividi a sakrifye lang kreyòl la, mete sou sa, mesaj li ekri a chaje diskriminasyon: nèg lèd medam yo renmen, elatriye.

* Gen yon kont Twitter sou non «Alexandre Pestion du SUD » nou ekri li jan li ye a. Kont sa genyen 61 601 moun k ap suiv li. Men li gen plizyè lòt kont Twitter sou non Alexandre PÉTION.

N ap raple, Alexandre PÉTION, ansyen prezidan haytien, malgre anpil kontradiksyon istorik, politik ak sosyal li trennen dèyè li, men li rete yon pèsonaj enpòtan nan istwa nou.

* Li gen yon kont Twitter sou non li ki gen 158 abòne. Jean Léopold DOMINIQUE, yon mapou nan kesyon jounalis nan peyi a. Li te rive itilize mikwo li pou pote byen lwen revandikasyon mas defavorize yo. Kontrèman ak anpil lòt kont, moun ki kache dèyè non Jean L. DOMINIQUE pataje kèk koze ki se preyokipasyon sosyete a. Nan yon pwochen atik, n ap retounen sou sa.

Dènye vizit nou fè sou kont sa yo se 2 septanm 2021. Li enpòtan pou nou siyale sa paske sa ka rive vin gen plis moun ki suiv yo, oubyen moun yo ka diminye, konsa tou, kont yo gen dwa pa egziste ankò.

Nan yon lòt atik, n ap site lòt ka kote endividi itilize non divès pèsonalite sou rezo sosyo yo.

Enplikasyon moun sa yo nan istwa nou fè yo pase kòm eleman enpòtan pou konprann evolisyon sosyete nou an.
Yo tou se sous enspirasyon, motivasyon oubyen referans pou divès sitwayen. Yo chak pote yon senbolis, yon imaj ki ka ede entèprete istwa nou, konprann jodi epi gade demen ak yon lòt je.

Yon pratik ki mande nou kale je sou li.

Itilizasyon non pèsonalite sa yo pou di tout kalite koze sou rezo sosyo mande pou ISPAN, Ministè kilti, Ministè kilt, Ministè afè sosyal ak divès lòt enstitisyon ki swa nan domèn istwa, memwa panche san pèdi tan pou konprann sa ki kache dèyè modèl itilizasyon sila.

Ki sa ki ta ka pouse yon endividi poze yon aksyon konsa?

Èske li nòmal pou nenpòt endividi kache dèyè yon telefòn pou l ap itilize non pèsonaj istorik nou yo, fè yo di tout kalite koze?

Èske se pa yon pwoblèm edikasyon ki lakòz nenpòt endividi pran plezi nan pratik sila?

Èske se pa yon pwoblèm ki kòmanse depi nan fòmasyon timoun yo ki manke konprann enpòtans pèsonalite sa yo nan cheminman istwa nou kòm pèp?

Èske se pa paske pa gen yon kontwòl sosyal ak sanksyon sosyal ki lakòz nenpòt sitwayen itilize imaj ak non pèsonalite istorik nou yo?

Èske se pa yon kesyon fanatik tou ki fè nou rive la?
Lòt aspè enpòtan nou dwe konsidere: an Hayti, gen yon fòm irespè total de lavi moun. Kidonk, menm jan lavi moun ki vivan pa vle di anyen, sosyete a vin wè se pa moun ki mouri deja yo ta bay valè. Nan sans sa, psikològ Rachelle PYRAM poze kesyon pou konnen kòman n ap ka respekte memwa Ewo nou yo si nou pa menm konn enpòtans lavi nèg ak fanm […] vanyan nou yo t ap defann nan?

De tout fason, li ka parèt difisil pou yon Ameriken ap betize ak memwa Washington, yon Dominiken pa ka itilize non Duarte nenpòt jan, yon Kiben pa ka oze di sa li vle sou José Marti, menm jan yon Haytien ki respekte tèt li p ap janm pwononse nenpòt koze sou Dessalines. Sa raple nou, yon ansyen prezidan haytien ki te plenyen paske gen moun ki pran plezi nan admire bout mi, alòske menm prezidan sila t al depoze flè nan pye José MARTÍ Kiba.

Jan endividi yo itilize non ak imaj pèsonaj yo pou fè tout kalite blag, se prèv ki montre yo pwofane memwa moun sa yo. Yon lòt tou, li kapab se espresyon inyorans yon gwoup moun ki swa konprann valè ak dimansyon pèsonaj yo ni plas yo nan istwa nou.

Boutofen, menm jan Observatoire Patrimoine (OBPA) kòmanse fè sa, li enpòtan epi ijan pou enstitisyon ki responsab kesyon memwa, istwa ak patrimwàn nan peyi a, pran responsabilite yo pou fè respekte memwa moun ki te goumen pou nonsèlman kite bout tè sa pou nou, men tout lòt ki, nan mitan wout, pote kontribisyon yo pou bati sosyete sila malgre se pa lavi sa nou te espere apre tout sakrifis anpil nan yo te fè.

An nou chache eleman ki ini nou, an nou bouske sa ki fè fòs nou, an nou mete kilti nou, memwa nou, istwa nou, patrimwàn nou ak tout sa nou posede kòm valè devan pou nou rive konstwi yon sosyete fètefouni.

Iléus PAPILLON
Espesyalis nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn
Prezidan Observatoire Patrimoine(OBPA)
paplus12@gmail.com




Articles connexes


Afficher plus [5720]