Trese mo
Yon ijans pou powèt la trese mo, fè l tòde yon rekèy ki soti anndan l pote pou nou, ki sa sosyete pote pou rèv la, ki sa rèv la pote pou sosyete an, nan chema sa nou ka di rèv yon grenn lapli, se youn pami tout rèv djanm ki pa vle rete toufe anba kabann, se yon rèv ki pote ale, pote vini, yon rèv k ap deplwaye nan lanmou, yon rèv-tripotay, se yon rekèy ki enspire anba lizay lakilti, kwayans, ak e(k)speryans sosyal.
Yon Rèv ki pa depaman de sa k ap pase nan sosyete a, moun ap renmen, moun ap mouri, moun ap kouri anba katouch
Une approche simplifiée de ( rèv yon grenn lapli ) : peut se résumer ainsi : le rêve d'une petite chose qui peut / capable de devenir grande.
Rèv yon grenn lapli se yon senbòl ki ka reprezante, fètilite lavi, kwasans, gen grenn lapli rèv yo se pou awoze plant. Kon sa tou gen grenn lapli rèv yo se inondasyon, kreye sinistre, metafò a kenbe fòs li nan tout rekèy la, powèt la fè yon vire won nan tout pwosede ekriti a pou abiye yon zèv ki plen koulè.
Powèt la desann yon eskalye metaforize kote l ap bobo ak yon pawòl frèt kach, kontantman pase dezabiye tèt mòn lan vèt wòz :
pou kout ri w
dezabiye lorizon m
Powèm sa pa rete bèkèkè, se yon kantik k ap chèche mo pou rense figi reyalite a.
Ou ka gen enpresyon gen yon bouyi vide mo, yon lang ki kenbe eskanp figi l, ekspresyon fè mikala w,
Morehli Accime mete yon machin retorik kanpe pou l jwe ak ògàn sansoryèl yo, li mobilize rèv pou keyi sans, li mobilize aktyalite a, li mobilize lanmou, emosyon yon seri vèsè ki lwab.
Ou ka tonbe sou kèk vèse ki mache kontre ak lasyans
Se yon ekriti plonje k ap seye pote gou ak sans bay lannuit
Rèv konn mache kontre ak yon seri emosyon enkonsyan, Morehli blayi nan S.Fred
Kote yon sèl grenn ka vin yon forè, yon gout dlo kapab fè yon oseyan naje
Nan pèspektiv sa, rèv yon gout lapli a ka kontribisyon, li pa anyen pou kont li,
Lapli pa rete senpman dlo, li kapab sèv yon plant, vapè nan lespas, kouran nan yon rivyè
Nan tit lan se sa Bachla Gaston rele
imajinasyon matyè a / l'imagination de la matière ».
Rèv yon Grenn lapli, sant gravite a
Pour Martin Heidegger, la poésie est l'instauration de l'être par la parole, dépassant la simple littérature pour devenir la "clarification".
Nan kèk vèsè powèt la mete anpil bagay klè sou tab la, se yon manifès-emosyon …
Gen parabòl, kout pwent, tire pwen, kèk vesè sajès ki fofile tou, imilite ak anbisyon, pou vin gran,
Pou vin gran, ou dwe aksepte pou w chanje fòm e fonn nan yon bagay ki pi vas pase w.
Gen galimatchya ant detrès sosyal ewotis, mistisis ayisyen an k ap danse nan rekèy la tit liv sa travèse chak paj tankou yon chèche-konnen / kèt diyite nan mitan yon kawo
Pami yon panopli figi estil ki fèt :
Metafò file :
Accime pa dekri fanm, li katografye l tankou yon teritwa mistik e fètil : « Kite m taye zèb sèch sou do mòn ou / Dlo a va fè chimen kochi... » la a, nou ka remake zak renmen, lanmou konpare enplisitman ak irigasyon yon tè arid, sèch…
Kote entimite tounen yon jèn sivivans agrikòl.
Metafò antwopomòfik : dyòl minui fè bòkyè tèlman minui antre nan yon pwosesis pou l ap tann, dyòl minui blanch, sa kapab youn nan entèpretasyon yo.
Ipalaj : ( Mwen konnen yon zetwal ki mache je fèmen) l'attribution d'un comportement humain (marcher les yeux fermés) à un astre crée une atmosphère de surréalisme onirique.
Alegori ak parapli : Kouvri m anba parapli w / Pou lafendimond pa pise misil balistik ». Parapli an pa sèlman gen fonksyon pwoteje nan lapli, men pou pwoteje l de lagè ak lafendimond.
Pèsonifikasyon lanati, tout lektè ka temwen, lanati pa yon dekò, li se yon aktè emosyon powèt la ; Mwen konnen yon lalin ki mache keyi flè pou avili lanmou w ».
Se yon kosmogoni rezilyans, nan peyizaj literati kontanporen nou an, ou santi gen yon jonksyon k ap opere ant Jan Klod Finyole ak ewotis Filoktèt la.
Powèt la mete lanmou ak vyolans nan menm kay ;
Lanmou nou s on rèv k ap akouche kochma / Sou do nen mouch dèyè senmityè ».
Ipèbòl mele nan doulè :
Pou pentire entansite mank yo, otè a itilize kèk imaj e(k)strèm : Sonje w se sèl grenn tètpabyen ki fè m sonje m poko fou toujou ». Matematize (…)
Powèt la drese anpwent li pou bannou kichòy, founi je, defile, pawaze nan lakou pwezi.
MENARD Donley
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
AJJL...
Powèt la gen anpil metafô nan ekriti li yo. Ki koz idel yo. parèt poumwen tankou yon tablo penti abstrè lap pwodwi. Antouka nap swiv li plis toujou.. Nan lôt rekèy lap gen pou prezante bay piblik la... Ayibobo...