Nan kad Jounen entènasyonal dwa fanm yo, Minis Niola Lynn S. D. Octavius, kap dirije ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), te òganize yon jounen sansibilizasyon pou anplwaye fanm ministè a. Aktivite sa te fèt vandredi 7 mas la nan lokal ministè a, sou lidèchip Minis Octavius, ki pafwa rele "Minis kota 30% fanm", ak yon vizyon klè pou mete aksan sou lidèchip feminen, egalite chans, ak pwogrès fanm nan sosyete a.
Nan diskou li, Minis Octavius te raple enpòtans istorik dat 8 mas la, yon dat ki make lide pou defann dwa fanm ak rekonèt kontribisyon yo nan sosyete a. Li te reyafime angajman li ak gouvènman an pou asire ke fanm ayisyèn lan okipe yon plas enpòtan nan tout nivo gouvènans ak devlopman peyi a. Minis la te mete aksan sou lefèt ke fanm reprezante 52% popilasyon ayisyèn an, kidonk relans enstitisyonèl ak devlopman peyi a pa ka reyalize san yo.
Atravè aktivite sa a, Minis Octavius te montre angajman li pou pwomouvwa lidèchip feminen epi akonpanye fanm yo nan moman difisil peyi a ap travèse. Li te eksprime konviksyon li ke fanm yo dwe patisipe aktivman nan pran desizyon ak nan tout efò pou rebati peyi a.
Jounen an te anime avèk anpil konesans pa Mèt Sterlinda S. Vital sou lidèship feminen epi pastè Farah Jovial Alexis te fè ti pale sou konpòtman fanm yo dwe genyen nan tan kriz yo.
Evènman an te make tou pa entèvansyon inspiran fiyèt Marie Lucianie Altagracia Joseph ak Arielle Vilard, ki te pataje eksperyans yo ak mesaj pou ankouraje fanm yo kenbe fèm nan moman difisil sa yo. Anplis de sa, yon seri prestasyon atistik te pèmèt patisipan yo rekreye yo nan yon atmosfè konvivyalite ak solidarite.
An tèm de kontèks, aktivite sa a montre angajman Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik pou bay fanm yo zouti ak konesans pou yo ka jwe wòl yo nan devlopman sosyal ak ekonomik peyi a. Li se yon demach ki montre nesesite pou kontinye travay kolektif pou amelyore kondisyon fanm yo ak asire yo yon pi bon lavi nan yon peyi kap fè fas ak anpil defi.
Gérald Bordes