Au sein de toutes choses

Créateur des univers, Créatures supérieures et Entités de notre Terre-Mère Ayiti, nous voulons que votre générosité vitalise et fasse grandir la générosité des fils et filles de la Rédemption car vous êtes les Maîtres de toute action et activité généreuse. Que votre Essence devienne notre substance, que nous soyons l'instrument de votre divine puissance, le récepteur de vos ondes bénéfiques, l'agent conscient de votre bonté clémente, la seule et unique Justice.

Vous êtes au sein de toute chose, au cœur du Feu, de l'Eau, de l'Air et de la Terre. Grandes et vénérables Puissances, accordez-nous votre bénédiction si désirée, si demandée, par toutes les nations du Monde. Accordez-nous la Justice clémente, trésor divin ! qui élève et fait grandir le niveau spirituel et le niveau social, matériel des vèditè, pour que par nos actions, rayonne la Justice qui panse les plaies sociétales, corrige les dérives des puissants et rétablit l’ordre cosmique sur notre territoire de la République d’Haïti.

 

Devant !

 

Bondye Lavi a ki se mèt tout bagay, Fòs Siperyè yo, Fòs ki abite nan lakou Manman-Latè Dayiti yo, nou vle pitit peyi a kap pote chanjman yo leve nou gad nan gen bon kè paske nou se sous jenerozite ak tout aksyon moun ki gen bon kè. Se pou esans nou tounen dlo kap wouze jaden nanm nou, se pou nou toujou la pou sèvi nou, pou n kapte tout siyal nou voye, pou nou aplike volonte nou kòm sèl sistèm jistis.

Nou se wonn sant tout bagay, dife a, dlo a, lè a, tè a. Noumenm ki toupuisan, ban nou benediksyon nap chache, sa tout pèp sou latè ap chache a. Tanpri ban nou bèl jistis dous nou an ! Modèl jistis ki fè sosyete yo avanse yo, ki fè lespri pèp yo grandi ; modèl jistis ki amelyore lavi sosyal ak materyèl vèditè yo. Tout aksyon nou yo pou fèt nan lespri jistis sa a pou pote gerizon nan tout maladi sosyete nou an, pou korije tout sak mal ki fèt yo epi pou retabli lòd kosmik la sou tout teritwa Repiblik Dayiti a.

 

Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES