Le paradis de Félicité

Les mots d'orgueil et de haine, le bruit des armes n'ont jamais apporté aux vèditè le Paradis de Félicité. Mais la Maîtresse de toutes choses écoute les paroles des invocations et la communication spirituelle s'établit ainsi.

Implorons maintenant la Divinité Mère, de nous donner la félicité et la douceur, si nécessaires à la République d’Haïti !

Nous obtenons ce que nous demandons, si nous sommes sincères et notre attitude pacifique dans l’ensemble.

Frères et sœurs en La Patrie, éloignons, effaçons, oublions tout souci, toute inquiétude quant au devenir de notre pays. Écoutons en silence absolu :

« Par notre puissance invincible, nous délivrons la République d’Haïti du mal et, dites avec nous, Ayibobo. Amen. »

Entités de notre Terre-Mère, puisque vous avez chassé le Mal, neutralisé les prédateurs de Haïti, faites que nos actes, au service du Bien et du Beau, soient féconds et qu'ainsi les dignes descendants des Marrons Libertaires participent à la création du Nouveau Paradis qui doit exister dans les temps à venir, proches.

 

Devant !

 

Vye pawòl ki chita sou ògèy ak tandans rayi moun, teworize moun anba kout zam pa janm mennen nan chimen kote dlo a koule fre a. Mètrès tout bagay la limenm se pawòl ki soti nan envokasyon yo ki rive sou li epi kominikasyon espirityèl la tou fèt konsa.

Ann mete nou tou piti nan pye manman nou pou n mande l ban nou anpil kè kontan pou Peyi a.

Nap jwenn sa n mande yo si nou sensè ak tèt nou ansanm ak peyi a, si nou priyorize chimen lapè pou n goumen.

Konpatriyòt, ann netwaye lespri nou pou n retire tout vye sousi, tout enkyetid sou demen miyò peyi a. ann koute an silans :

Kalite fòs san parèy nou pèmèt nou delivre Peyi Dayiti anba fòs mal yo. Ann pouse yon gwo kout Ayibobo !

Fòs ki abite Manman-Latè, apre nou fin kwape tout mal peyi a, apre nou fin elimine predatè peyi nou yo, ede nou nan aksyon nap poze pou n monte drape tout sa ki byen ak tout sa ki bèl nan peyi a, fè tout aksyon sa yo pote anpil frui pou Pitit pitit Fanm ak Gason vanyan ki te sèmante libète ou lanmò yo byen ranpli misyon yo nan fondasyon Nouvèl Ayiti a, on ti paradi pou tout moun kap viv ladan nan jou kap vini yo.

 

Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES