Itilize sitèn dlo pou fè sèvis nou pa yon mal devlòpman

Anpil fwa sa nou rejte a paske nou kwè se yon «mal  devlòpman» konn yon pakèt afè. Anpil fwa nou konn vle kite yon pratik tradisyonèl paske nou konprann si nou kenbe li toujou sa vle di y’ap di se  pòv, nou pa moun sivilize. Gen anpil manti nan bagay sa paske nou plis swiv loksidan nan modèl devlòpman li ban nou. Kidonk nou konprann devlòpman ak mòdènizasyon.

Mwen di tout sa se paske mwen vle nou fè konprann sitèn nou pran pou yon «mal  devlòpman» an pa sa, men se pito pa gen aksè ak dlo pou bwè ak pou fè lòt bagay ki se yon «mal  devlòpman». Nan moman gen sechrès k’ap frape kèk zòn nan yon peyi a, anpil moun trè kritik anvè pratik kapte dlo lapli nan sitèn plizyè kòm kwa li pa ta fin bon, li se yon endis ki pwouve nou lwen anpil nan zafè devlòpman. Kite mwen di nou se fo. Se paske nan  gade gwo reyalizasyon ki fèt nan peyi oksdantal yo ki fè nou panse tout sa nou genyen nan tradisyon nou pa bon.

Byen anvan mwen rantre nan fon sijè a, kite mwen fè yon ti pale sou kouman pratik kapte dlo lapli fè egziste nan divès zòn nan peyi a. Listwa rapòte fè sitèn pou kenbe dlo se premye fason lòm te envente pou te rezoud kesyon dlo nan kèk vilaj ki pat gen ni sous pre oubyen rivyè pre kominote yo. Konstriksyon ak itilizasyon sitèn pou kenbe dlo lapli se yon pratik ki sòti nan zòn Sidwès kontinan Lazi sitou   nan Sid mòn Toris, epi nan Mezopotami ki sexaktyèl Irak, ki la depi nan epòk neyolitik [1]. Rechèch akeyolojik ki fèt moutre se sitèn kominote agrikòl nan Jerizalèm nan lepòk 4000 anvan Jezikri te itilize pou te ka sèvi. Pita nou pral jwenn menn pratik nan anpil kominote agrikòl nan mond lan; nou ka site anpi  Wòm ak anpi Bizanten. Yo konn sèvi ak yo pou wouze plantasyon yo.

Pa bò isit lakay nou, pratik sa kòmanse depi sou tan lesklavaj. Se Kolon ki te abite nan zòn kote yo pat ka jwenn dlo pou bwè ak pou fè lòt izaj ki te vini ak pratik konstwi sitèn lan. Se konsa esklav yo ki te patisipe nan konstriksyon t ap pral kenbe tekNil yo epi transmèt yo bay Pitit yo.

Nan dènye moman sa yo, avanse ki fè nan domèn idrolik ak efè polisyon genyen sou konsèvasyon dlo nan basen vin fè anpil moun konsidere bagay bwè dlo nan sitèn kòm yon mal devlòpman. Se kòmkwa se yon bagay akayik. Anpil fwa, sa parèt yon reyalite nan fason anpil moun fè jesyon sitèn yo. Anpil fwa, move jesyon yo konn fè yo tounen gwo fwaye maladi paske yo konn chaje ak anpil bèt ki se vektè yon banm mikwòb ak parazit.

Alaverite, basen konn gen anpil avantaj sante piblik pase yon gwo Kaptaj sous dlo. E se paske tout kay pa gen yon oubyen de sitèn ak fenòmèn El Niño ki fè anpil vin fè moun gen yon diskou kritik de konsèvasyon dlo lapli. Moun k ap di sa bliye nan vilaj riral an Frans, nan peyi Izrayèl ki de egzanp peyi devlope toujou sèvi ak sitèn. Selon nou jwenn kòm, sitèn se twazyèm pilye apwovizyònman idwolik nan Jerizalèm [2].

Selon tout sa nou li [3], gen anpil enterè pou nou kenbe pratik kaptaj dlo lapli nan basen. Dapre kèk etid, Kaptaj sous dlo se yon pwoblèm siyifikatif pou sante moun Ayiti. Men sa nou li sou sa;

« Toutes les sources sont rapportées polluées par la contamination biologique des déchets humains et solides. Quelques fontaines sont trop polluées pour être utilisées. La vidange humaine, l’eau écoulée tirée de l’agriculture, et les déchets industriels menacent aussi les puits. » [3]

Pi lwen nou wè;
«L’eau de surface près de la ville est sévèrement polluée par la vidange humaine, les déchets solides, et la contamination chimique industrielle.» [4]

Se sèlman 1% dlo ki anwo tè ki potab.

Anplis sa ki ekri anwo, nou konnen anpil fwa pwodwi pou trete dlo sa yo konn gen anpil gwo konsekans sou vi izaje yo. Yon etid ki te fèt endike gen plon nan san Ayisyen ki ta koze anpil fè maladi tansyon se ta konsòmasyon dlo tiyo ki lakòz sa [5].  

Apati de remak sa yo, nou konprann byen kenbe tradisyon konsève dlo lapli nan sitèn pa mal ditou etandone yon bòn jesyon sitèn yo kapab anpeche anpil moun kontamine an menm tan. Majorite ka, sitèn lan toujou osèvis yon fanmi. Se ra fwa li desèvi tout yon kominote.

N’ap toujou bezwen sitèn yo pou plizyè rezon tankou pou nou jwenn dlo pou wouze plant yo, pou evite twòp lajan nan bòdo dlo, pwopagasyon anpil maladi e pou jere moman kote sistèm adiksyon dlo tonbe an pàn.


Akote de avantaj sa yo, se pwoblèm ki pa tonbe souvan akòz chanjman klimatik la ki te ka fè nou dekouraje fè sitèn.

Pwoblem sèvi ak sitèn pa yon mal devlòpman vre. Pou fini, kite mwen di nou atik sa se pou dekouraje otorite yo kapte sous yo bay popilasyon an, men se pito pou nou fè nou konprann pratik sa pa vle di se yon mal devlòpman. Yon bagay se yon mal devlòpman se lè li pa kontribiye ditou nan solisyon pwoblèm obsève a.

Si toutfwa, tout kay te ka gen yon basen pou konsève dlo se t ap yon gwo pa nan rezoud pwoblèm dlo kanmenm.

Referans
1.- 
https://www.hisour.com/fr/rainwater-harvesting-40142/
2.-https://books.openedition.org/psorbonne/790?lang=fr
3.-https://www.enfants-soleil.org/spip.php?article129
4.- Idem
5.-
https://www.lenouvelliste.com/article/233903/il-y-a-du-plomb-dans-le-sang-des-haitiens-revelent-des-chercheurs-haitiens-et-americains#:~:text=ACTUALITES-,%C2%ABIl%20y%20a%20du%20plomb%20dans%20le%20sang%20des%20Ha%C3%AFtiens,Hypertension%C2%BB%20le%2017%20novembre%202021.

James Saint Germain

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES