Kilè tijwèt chen ak chat la ap fini?

Blan mande pou tout Ayisyen pran lari pou di papa Blan vin sove nou. Les services d’intelligence de certaines ambassades sont très actifs.  Ils coordonnent et dictent avec précision les opérations des gangs sur et autour de Port-au-Prince.

Comment comprenez-vous que le gang «Kraze baryè » de Vitelhomme soit aussi puissant et son aire d’actions se situe dans les périmètres de l’ambassade US en Haïti ? Selon les données, cette ambassade est la 4e en termes d’infrastructures physiques et techniques à travers le monde. 

Ceci étant dit, elle devrait se doter de moyens pour dans un rayon assez raisonnable lui permettre d’avoir une idée réelle de tout ce qui se trouve dans son environnement capable de nuire à son fonctionnement.

La zone de l’ambassade des USA, en matière de sécurité devrait être classifiée zone Verte, c'est-à-dire hors danger. C’est un fait, rien n’est absolu. Il se pourrait qu’il y ait des failles/faiblesses dans les dispositifs de sécurité et de renseignements de la structure de l’ambassade. Mais pas à ce point. 

Comment laisser carte blanche à un groupe de gangs/bandits notoirement identifiés et qui fonctionne depuis belles lurettes déjà dans cet espace à pénétrer juste dans le pré-carré sécuritaire de l’ambassade.

Nou pa pi enbesil pase sa. Nou pa pi idyo pase sa 

Pou nou pa ta konprann jwèt chen ak chat 2 gwoup sa yo ap jwe ak popilasyon an.  Wi e Vitelhomme et Anbasad la tou 2 genyen Password/Mot de passe yo pou konnen Kilè, ki kote, ki vitès/Fòs pou mete nan aksyon entimidasyon yo sou popilasyon ki lage 2 bra balanse san okenn sekou.

Nou konprann jwèt chen ak chat la, lè otirite yo fè kòmsi pa gen okenn konvansyon ki fè yo obligasyon pou asire Sekirite Anbasad la Yon fason pou pwoteje Pèsonèl la ak tout sa yo genyen anndan espas la.

Nou konprann jwèt chen ak chat lè Anbasad la pa pran desizyon pou asire Sekirite espas la ak Pèsonèl ki anndan an. Poukisa kèk Sniper pa poste anlè a ak zam ki gen gwo long vue ki kapab balaye sou long distans pou depese/detekte/dechouke tout move lawon ki nan vwazinaj kay la.

Nou konprann jwèt chen ak chat la pou pote ekip bandi/gang Vitelhomme yo ogmante pwisans frap yo ak layite kò yo piplis toujou nan Pòtoprens sitou sou “quartiers huppés” yo Yon fason pou tout moun alawonnbadè pit kon mawo, zanana kon pengwen dakò yo pa kapab ankò, tout rezistans kase, tout diskou ak konpòtman Nasyonalis, sitou lakay pwogresis popetwèl yo pa gen plas yo ankò, pa fouti pran rasin nan mitan popilasyon an ankò. Kounye y’a se Yon Sèl rèl, Yon Sèl kri, Yon Sèl levanjil k ap resite se: Nou pa kapab ankò. Mouche Leta bandone nou bay bandi. Lapolis la pa gen mwayen pou l fè fas kare ak Gang yo. Nou tout ap fin mouri, ki se Yon verite. Konsa li lè, li tan pou kominote entènasyonal la vin delivre nou.

Nenpòt jan sa ap fèt pito Fòs entènasyonal la vini pou debarase nou, debarase peyi y’a anba men mechan sa yo. 

Se konsa yo te aji an 1994  Se konsa yo te aji an 2003-2004.  Se konsa yo tounen fèl ankò nan lane 2023.

Rien n’a changé sous le soleil d’Haïti en matière de comportements et de forme d’actions de tous les acteurs tant nationaux qu’internationaux. La seule chose qui a subi une certaine évolution, mais dans le sens négatif, c’est le degré de férocité et d’atrocités des bandits et aussi la kokoratisation de plus en plus accélérée de nos élites à tous les niveaux.

En outre, la misère et la souffrance psychologique ont de plus en plus désarticulé les groupes sociaux des couches intermédiaires et populaires. Ce qui fait que nous n’avons pas assez de combattants qui puissent mener la résistance. 

La faim les tenaille réellement et elles regardent avec découragement les changements de position de certains cadres et leaders tant sociaux que politiques. La bataille pour redresser Haïti, nous en avons pour longtemps encore. 

Pou n fini, nou santi pèp la konprann jwèt k ap jwe la se pou sa, li chwazi monte tant li devan papòt Tonton Sam. E l ap gade si chen yo ap vin bondi sou li la. Nou pa bliye gouvènman meriken dispoze 1milyon dola pou tout Moun ki pèmèt yo mete anba kòd/hors d’état de nuire chef bandi mèt gang Kraze baryè a ki gen pouvwa deside sou lavi Ayisyen nan moman sa mouche Vitelhomme. 

 

 

Marcel Poinsard Mondésir 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES