28 Jiyè 1915 - 28 Jiyè 2023

Apre nou te goumen pou kase chenn lesklavaj sa pat sifi pou yo, pou yo te kapab kontinye kenbe nou nan lesklavaj yon 28 Jiyè 1915! apre abolotyo lakay louvri pòt pou yo antre, yankee poze bòt fere yo sou kou nou. Yo retounen ak yon seri pratik sanble tèt koupe ak pratik lesklavaj la. 

 

Travay Kòve a kote peyizan te fòse al bay kouraj li nan yon seri gwo travay pou pip tabak. Epi yankee yo te imilye tout moun pandan 19 lane. 

 

Ayisyen te tounen anchene pou sa yo te sibi anba men meriken yo. Rezistans ak lit fè okipan yo swadizan mare pakèt yo nan lane 1934 wete kò yo fizikman sou teren an. Men yo te tèlman gen tan poze anpil jalon, yo tèlman depatchya nou se tankou yo te prezan. 

 

Dayè anpil kolabo, anpil assimile, anpil mimétisme fè Ayisyen ki te avozòd yo kontinye respekte mo pou mo, jès pou jès tout aksyon ak desizyon yankee yo. 

Konsa yankee yo vin jere nou ak remòtkontwòl atravè tikonze yo.

 

Nou pa bezwen pale anpil. Tout moun konnen pil tonbe leve, pil kriz ki pa janm fini yo se chwa ak volonte mèt blan meriken ki toujou genyen yon bann ak yon pakèt assimile, tyoul okadavou, avozòd.

 

Dènye moso retay  yo nou wè nan ki katyouboumbe yo lage Ayiti ak tout pitit li yo.

 

Sa k deyò ki pa kapab antre akòz bandi legal mete ak fo demokrat, ak demagòg, souf kout, anti nasyonal fè Ayiti ki te “lè joyau, la perle des Antilles” tounen Kafou lanmò, lanfè Karayib, parya Imanite.

 

Pitit li yo k ap viv nan vennsèt mil sèt sansenkant (27 750) km2 restavèk sa yo, Tikonze sa yo fè peyi a tounen pi gwo simityè tou louvri pou yo. Konbe Ayisyen anndan lakay ki pap mache ak sèkèy li anba bra l, ki pap dòmi ak sèkèy li bò kote l.

 

108 lane apre ekip yankee yo ak fanmi Clinton nan tèt di lavi fini pou Ayisyen. 

108 lane apre ekip yankee yo ak fanmi Clinton nan tèt di Martelly, Ariel, Madan Manigat, Marjorie ak André Michel, Edmonde le Supplice Beauzile, Sorel Jacinthe, Jean Tolbert Alexis, fanmi Boulos, Apaid, Deeb ak tout lòt flibistye yo plis bandi tankou Vitelhomme, 400 Mawozo, G9 an fanmi ak Alye, Gpèp, entèlektyèl ki tounen koulèv yo nou genyen kat blanch pou nou redwi Ayiti ak Ayisyen ki konprann yo kapab fè rezistans kont blan ak tyoul li yo.

 

Men tankou sa te fèt an 1804. Tankou nou te fè l nan 1934. Tankou nou toujou frape pye n, n ap retounen frape pye n, detounen plan yo. 

 

Solèy la gen pou l leve sou Ayiti.

 

Marcel Poinsard Mondésir 

28/07/2023

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES